All NT OTBook
Compare Texts
Exodus 1 Leviticus 18

Leviticus 19:1-37

Leviticus 20 Numbers 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Lev 19:1
 
ś Seyč a pale ak Moyiz, li di l' konsa:  
 
Lev 19:2
 
-Pale ak tout moun ki fč pati pčp Izrayčl la. W'a di yo: Se pou nou viv apa pou mwen paske mwen menm, Seyč a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye apa.  
 
Lev 19:3
 
Se pou nou tout respekte manman ak papa nou. Se pou nou respekte regleman jou repo mwen yo. Se mwen menm ki Seyč a, Bondye nou an!  
 
Lev 19:4
 
Pa janm vire do ban mwen pou n' al sčvi zidňl. Piga nou janm fonn metal pou fč estati ki pou sčvi nou bondye. Se mwen menm ki Seyč a, Bondye nou an!  
 
Lev 19:5
 
Lč n'ap touye bčt pou fč ofrann pou di Seyč a mčsi, se pou nou fč l' jan mwen mande l' la pou m' ka asepte l' nan men nou.  
 
Lev 19:6
 
Se pou nou manje vyann bčt yo ofri ban mwen an menm jou a, osinon nan denmen. Men, sou twazyčm jou a, tout sa ki rete nan vyann lan, se pou nou boule l'.  
 
Lev 19:7
 
Paske si nou manje l' sou twazyčm jou a, se yon manje gate li ye! Seyč a p'ap asepte l' nan men nou.  
 
Lev 19:8
 
Se poutčt sa, tout moun ki va manje yon vyann konsa va gen pou peye pou sa l' fč a, paske li pa respekte bagay yo te mete apa pou mwen. Moun konsa se pou nou wete yo nan mitan pčp mwen an.  
 
Lev 19:9
 
Lč n'ap ranmase rekňt nan jaden nou, se pa pou nou ranmase sa ki toupre lizyč jaden an, ni nou pa bezwen tounen dčyč pou nou ranmase ti grenn ki te tonbe atč.  
 
Lev 19:10
 
Nou pa bezwen tounen nan jaden rezen an pou nou ranmase dčnye ti grap rezen yo te bliye, osinon pou nou ranmase ti grenn rezen ki te tonbe atč. N'a kite sa pou moun peyi a ki pa gen anyen, ak pou moun lňt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo. Se mwen menm ki Seyč a, Bondye nou an!  
 
Lev 19:11
 
ś Piga nou pran sa ki pa pou nou. Piga nou yonn twonpe lňt. Piga nou bay frč parčy nou manti.  
 
Lev 19:12
 
Piga nou pran non m' pou fč sčman pou twonpe moun. Si nou fč sa, se derespekte n'ap derespekte non Bondye nou an. Se mwen menm ki Seyč a!  
 
Lev 19:13
 
Piga nou pwofite sou moun menm ras ak nou. Lč lč pou nou peye moun ki travay pou nou an rive, peye l' lajan l'. Piga nou voye l' pou denmen maten.  
 
Lev 19:14
 
Piga ou madichonnen moun soud. Piga ou mete ankenn bagay sou chemen moun avčg pou fč yo tonbe. Se pou nou gen krentif pou mwen. Se mwen menm ki Seyč a!  
 
Lev 19:15
 
Piga nou fč lenjistis lč nou nan tribinal. Piga nou fč patipri pou pňv. Piga nou achte figi grannčg. N'a rann jistis pou tout frč parčy nou san fč paspouki.  
 
Lev 19:16
 
Pa mache bay manti sou moun menm ras avčk nou. Piga nou kanpe pou fč yo touye san rezon yon moun menm ras avčk nou. Se mwen menm ki Seyč a!  
 
Lev 19:17
 
Piga nou kenbe frč nou nan kč. Si yo gen kichňy avčk nou, regle sa la pou la. Konsa, yo p'ap lakňz nou tonbe nan peche.  
 
Lev 19:18
 
Piga nou tire revanj sou pesonn. Piga nou kenbe moun menm ras ak nou nan kč, men se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwňp tčt pa nou. Se mwen menm ki Seyč a!  
 
Lev 19:19
 
ś Se pou nou kenbe lňd mwen ban nou yo. Piga nou kwaze de zannimo ki pa menm kalite. Piga nou plante de kalite plant anmenmtan nan jaden nou. Piga nou mete sou nou rad depaman.  
 
Lev 19:20
 
Lč yon moun te gen tan pwomčt vann yon esklav fi bay yon nonm pou madanm, men lňt nonm lan poko peye pou esklav la, ni li menm li poko ba li libčte l', si li kouche fi a, se pou yo peni yo san yo pa bezwen touye yo, paske fanm lan te esklav li toujou.  
 
Lev 19:21
 
Nonm lan va mennen yon belye mouton devan pňt Tant Randevou a, l'a ofri l' bay Seyč a pou peye pou sa l' fč a.  
 
Lev 19:22
 
Prčt la va pran belye mouton an, l'a fč sčvis pou l' mande Bondye gras pou peche li te fč a epi Bondye va padonnen l' sa.  
 
Lev 19:23
 
Le n'a antre nan peyi Kanaran an, apre n'a fin plante tout kalite pyebwa ki ka donnen, n'a konsidere rekňt twa premye lanne yo tankou bagay ki pa bon pou nou manje. Pandan twazan, piga nou manje anyen nan rekňt la.  
 
Lev 19:24
 
Lč katriyčm lanne a vin rive, n'a pran tout rekňt katriyčm lanne a, n'a ofri l' ban mwen, mwen menm Seyč a, pou nou moutre jan nou genyen m' rekonesans.  
 
Lev 19:25
 
Men sou senkyčm lanne a, nou ka manje donn yo. Si nou fč sa konsa, pyebwa nou yo va donnen pi plis toujou. Se mwen menm ki Seyč a, Bondye nou an!  
 
Lev 19:26
 
Piga nou manje ankenn vyann ak tout san li ladan l'. Piga nou chache konnen davans bagay ki gen pou rive nou nan lavi. Pa etidye pozisyon zetwal pou chache konnen sa ki pral rive sou latč.  
 
Lev 19:27
 
Lč nou gen moun mouri, piga nou koupe pafouten nou raz, piga nou taye pwent bab nou,  
 
Lev 19:28
 
piga nou make kň nou avčk kout kouto, ni piga nou fč desen ak lank sou kň nou. Se mwen menm ki Seyč a!  
 
Lev 19:29
 
Piga nou avili pitit fi nou yo pou nou voye yo fč jennčs nan tanp zidňl yo. Si nou fč sa, tout peyi a va vire al jwenn zidňl yo. Lč sa a, tout moun va lage kň yo nan fč sa ki mal.  
 
Lev 19:30
 
ś Se pou nou respekte regleman jou repo mwen yo. Se pou nou respekte kay ki apa pou mwen an. Se mwen menm ki Seyč a!  
 
Lev 19:31
 
Piga n' al konsilte moun k'ap rele mň nan tab tounant osinon moun k'ap fč divinň. Si nou fč sa, n'ap tounen tankou moun sa yo, nou p'ap nan kondisyon pou fč sčvis pou mwen. Se mwen menm ki Seyč a, Bondye nou an!  
 
Lev 19:32
 
Toujou leve kanpe devan granmoun cheve blan. Respekte figi vye granmoun, paske nou gen krentif pou mwen menm, Bondye nou an. Se mwen menm ki Seyč a!  
 
Lev 19:33
 
Piga nou maltrete moun lňt nasyon ki vin rete nan peyi a ansanm ak nou.  
 
Lev 19:34
 
Se pou nou aji ak yo menm jan nou gen pou nou aji ak moun natif natal peyi a. Se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwňp tčt pa nou. Pa bliye nou menm tou yon lč nou te rete nan peyi Lejip ki pa t' peyi pa nou! Se mwen menm ki Seyč a, Bondye nou an!  
 
Lev 19:35
 
Piga nou fč lenjistis nan tribinal. Piga nou twonpe moun lč n'ap mezire longč yon bagay, lč n'ap peze nan balans, lč n'ap mezire pa mamit.  
 
Lev 19:36
 
N'a toujou gen bon balans, bon pwa, bon lňn, bon mezi. Se mwen menm ki Seyč a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fč nou soti kite peyi Lejip!  
 
Lev 19:37
 
Se pou nou kenbe tout lňd ak tout kňmandman mwen ban nou yo. Se pou nou swiv yo. Se mwen menm ki Seyč a!  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Exodus 1Leviticus 181 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 Leviticus 20Numbers 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards