All NT OTBook
Compare Texts
Exodus 1 Leviticus 17

Leviticus 18:1-30

Leviticus 19 Numbers 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Lev 18:1
 
ś Seyč a pale ak Moyiz, li di l' konsa:  
 
Lev 18:2
 
-Pale ak moun pčp Izrayčl yo, w'a di yo: Se mwen menm ki Seyč a, Bondye nou an!  
 
Lev 18:3
 
Piga nou janm fč menm jan ak moun peyi Lejip kote nou te ye a, ni tankou moun peyi Kanaran kote mwen pral mennen nou an. Piga nou swiv mčs yo.  
 
Lev 18:4
 
Se pou nou swiv lňd mwen ban nou. Se pou nou fč sa mwen di nou fč. Se pou nou mache dapre prensip mwen ban nou. Se mwen menm ki Seyč a, Bondye nou an.  
 
Lev 18:5
 
Se pou nou swiv regleman ak lňd mwen ban nou yo. Gremesi sa m' di nou fč a, tout moun ki koute m' va jwenn lavi. Se mwen menm ki Seyč a!  
 
Lev 18:6
 
ś Apre sa, Seyč a bay regleman sa yo: -Piga pesonn kouche yon fanm ki fanmi pre l'. Se mwen menm ki Seyč a.  
 
Lev 18:7
 
Piga ou jete dezonč sou papa ou pou ou kouche madanm li, se manman ou li ye. Pa jete dezonč sou manman ou.  
 
Lev 18:8
 
Piga ou jete dezonč sou papa ou pou ou kouche yonn nan fanm kay papa ou yo.  
 
Lev 18:9
 
Piga ou kouche sč ou, li te mčt menm papa osinon menm manman avč ou, kit li te elve nan menm kay avč ou, kit li te elve lňt kote. Piga ou kouche l'.  
 
Lev 18:10
 
Piga ou kouche pitit fi pitit gason ou osinon pitit fi pitit fi ou. Se va sou pwňp tčt ou w'a jete dezonč.  
 
Lev 18:11
 
Piga ou kouche pitit fi madanm papa ou. Se pou ou konsidere l' tankou pwňp sč ou.  
 
Lev 18:12
 
Piga ou kouche matant ou, kit se matant bň papa,  
 
Lev 18:13
 
kit se bň manman.  
 
Lev 18:14
 
Piga ou kouche madanm tonton ou bň papa. Se pou ou konsidere l' tankou matant ou.  
 
Lev 18:15
 
Piga ou kouche bčlfi ou: se madanm pitit gason ou li ye. Pa jete dezonč sou li.  
 
Lev 18:16
 
Piga ou kouche madanm frč ou. Pa jete dezonč sou frč ou.  
 
Lev 18:17
 
Piga ou kouche pitit fi osinon pitit pitit fi yon madanm ki te nan afč avč ou deja. Pa kouche yo. Se tankou si se te fanmi pre ou yo te ye. Si ou fč sa, se va yon wont!  
 
Lev 18:18
 
Piga ou pran yonn nan sč madanm ou pou yonn nan pwňp madanm ou yo toutotan madanm ou vivan. Sa ka mete yon jalouzi nan mitan yo.  
 
Lev 18:19
 
ś Piga ou kouche yon fanm ki gen rčg li, paske lč sa a li pa nan kondisyon pou fč sčvis Bondye.  
 
Lev 18:20
 
Piga ou kouche madanm yon frč parčy ou, paske lč nou fč sa, ni ou ni fanm lan, nou pa nan kondisyon pou fč sčvis Bondye.  
 
Lev 18:21
 
Piga ou janm bay yonn nan pitit fi ou yo tankou ofrann pou yo boule bay zidňl yo rele Molňk la, paske lč sa a w'a fč yo derespekte non Bondye. Se mwen menm ki Seyč a.  
 
Lev 18:22
 
Piga yon gason kouche yon lňt gason tankou yo kouche yon fanm: Se bagay Bondye pi pa vle wč.  
 
Lev 18:23
 
Ni fanm ni gason pa gen dwa kwaze ak zannimo. Se bagay k'ap mete yo nan kondisyon pou yo pa ka fč sčvis Bondye. Se bagay sal nčt.  
 
Lev 18:24
 
Piga nou janm fč bagay sa yo k'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fč sčvis Bondye. Se bagay konsa pčp lňt nasyon ki t'ap viv nan peyi a anvan nou yo te konn fč. Se poutčt sa Seyč a ap mete yo deyň pou nou ka pran plas yo.  
 
Lev 18:25
 
Yo te mete tout peyi a nan move kondisyon ak sa yo t'ap fč a. Se konsa mwen menm Seyč a, m'ap peni peyi a, m'ap fč l' voye moun ki rete sou li yo jete deyň.  
 
Lev 18:26
 
Men nou menm, se pou nou kenbe tout lňd ak tout kňmandman mwen ban nou yo. Piga pesonn ni nan nou, ni nan moun lňt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo fč ankenn nan bagay mwen pa vle wč yo.  
 
Lev 18:27
 
Se paske moun ki te rete nan peyi a anvan nou yo te fč tout kalite bagay sa yo, kifč yo te mete peyi a nan move kondisyon sa a.  
 
Lev 18:28
 
Konsa tou, si nou mete peyi a nan move kondisyon, peyi a pral voye nou jete deyň menm jan li te fč l' pou pčp ki te la anvan nou yo.  
 
Lev 18:29
 
Depi yon moun fč yonn nan bagay sal sa yo, y'ap wete l' nan mitan pčp Bondye a.  
 
Lev 18:30
 
Epi Seyč a di: -Se pou nou kenbe lňd mwen yo. Pa swiv move mčs moun ki te rete nan peyi a anvan nou yo. Pa fč vye bagay sa yo k'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fč sčvis Bondye. Se mwen menm ki Seyč a, Bondye nou an!  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Exodus 1Leviticus 171 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 Leviticus 19Numbers 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards