All NT OTBook
Compare Texts
Exodus 1 Leviticus 15

Leviticus 16:1-34

Leviticus 17 Numbers 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Lev 16:1
 
ś Seyč a pale ak Moyiz apre lanmň de pitit gason Arawon yo ki te mouri lč yo te ofri yon dife ki pa t' bon bay Seyč a.  
 
Lev 16:2
 
Seyč a di Moyiz konsa: -Pale ak Arawon, frč ou la, pou l' pa antre nenpňt kilč, nenpňt ki jan dčyč rido a nan kote ki apa pou mwen an, devan kouvčti espesyal ki sou Bwat Kontra a. Paske se la, sou kouvčti ki sou bwat kontra a, mwen parčt nan yon nwaj. Si li pa swiv lňd sa a, li ka mouri.  
 
Lev 16:3
 
Lč l'ap antre nan kote ki apa nčt pou Bondye a, li gen pou l' pote yon jenn ti towo ak yon belye. Ti towo a va sčvi pou mande Bondye padon, epi y'a boule belye a nčt pou Seyč a.  
 
Lev 16:4
 
Men ki jan pou Arawon abiye lč l'ap antre nan kay Bondye a. L'a mete rad seremoni pou prčt yo mete lč y'ap fč sčvis pou Bondye. L'a mete chemiz twal fen blan an ak kalson twal fen blan an, l'a mare sentiwon twal fen blan an nan ren l' ak mouchwa tčt twal fen blan an nan tčt li. L'a lave kň l' nan gwo dlo anvan la mete yo sou li.  
 
Lev 16:5
 
ś Moun pčp Izrayčl yo va bay Arawon de bouk kabrit ak yon belye. Bouk kabrit yo va sčvi ofrann pou mande Bondye fč gras. Belye a menm, y'a boule l' nčt pou Seyč a.  
 
Lev 16:6
 
Arawon va ofri ti towo bčf la pou yo touye l' pou wete peche l' yo ak peche fanmi l' yo. Se konsa l'a fč sčvis pou mande Bondye padon an pou li ak pou fanmi l'.  
 
Lev 16:7
 
Apre sa, l'a pran de bouk kabrit yo, l'a mennen yo devan pňt Tant Randevou a. L'a prezante yo devan lotčl Bondye a.  
 
Lev 16:8
 
Apre sa, l'a tire osň ak de ti wňch, yonn make: Pou Seyč a, lňt la: Pou Azazčl.  
 
Lev 16:9
 
Arawon va touye bouk kabrit ki soti pou Seyč a, l'a ofri l' pou wete peche.  
 
Lev 16:10
 
Men, l'a pran bouk kabrit ki soti pou Azazčl la, y'a prezante l' tou vivan devan Seyč a. Apre sa, lč y'a fin fč sčvis sou li pou wete peche pou pčp la, y'a lage l' nan dezč a pou l al jwenn Azazčl.  
 
Lev 16:11
 
Lčfini, Arawon va touye ti towo bčf li te ofri pou wete peche pa l' yo. L'a fč sčvis pou mande Bondye padon pou peche pa l' yo ansanm ak peche fanmi l' yo.  
 
Lev 16:12
 
Apre sa, l'a pran yon recho, l'a plen l' chabon dife tou limen la jwenn sou lotčl la, l'a pran de ponyen lansan santi bon an poud. L'a pote recho a ak lansan an antre nan kote ki apa nčt pou Seyč a.  
 
Lev 16:13
 
Rive la, devan lotčl Seyč a, l'a mete lansan an sou dife a, lafimen lansan an va kouvri kouvčti Bwat Kontra a nčt. Konsa, li p'ap ka wč l', li p'ap mouri.  
 
Lev 16:14
 
L'a tranpe dwčt li nan san ti towo bčf la, l'a voye san an sou bň devan kouvčti Bwat Kontra a, sou bň solčy leve. Apre sa, l'a voye san an sčt fwa devan kouvčti a avčk dwčt li.  
 
Lev 16:15
 
ś Se lč sa a l'a touye kabrit pou wete peche pčp la. L'a pran san an, l'a pote l' anndan kote ki apa nčt pou Seyč a, l'a voye l' sou kouvčti a ak devan kouvčti a, menm jan li te fč pou san ti towo bčf la.  
 
Lev 16:16
 
Se konsa, poutčt tout peche ak tout mechanste pčp la fč yo, epi poutčt moun nan pčp la ki pa nan kondisyon pou fč sčvis Bondye, Arawon va fč sčvis pou mande Bondye fč gras pou kote ki apa nčt pou li a. L'a fč sa tou pou Tant Randevou a, paske tant lan kanpe nan mitan pčp la ak tout moun nan pčp la ki pa nan kondisyon pou fč sčvis Bondye.  
 
Lev 16:17
 
Depi Arawon antre nan kote ki apa nčt pou Seyč a pou l' fč sčvis pou mande padon an jouk lč li soti, lňt moun pa gen dwa anndan tant Randevou a. L'a fč sčvis la pou li menm, pou fanmi l' ak pou tout moun pčp Izrayčl yo.  
 
Lev 16:18
 
Lčfini, l'a soti, l'a ale bň kote lotčl pou boule ofrann lan, l'a fč sčvis pou wete peche pou li tou. Epi, l'a pran nan san ti towo bčf la ak nan san bouk kabrit la, l'a mete sou kat kňn ki sou kat kwen lotčl la.  
 
Lev 16:19
 
Lčfini, avčk dwčt li, l'a voye san an sčt fwa sou lotčl la. Se konsa, poutčt moun nan pčp Izrayčl la ki pa nan kondisyon pou fč sčvis pou Bondye, l'a fč sčvis pou mete lotčl la nan kondisyon pou fč sčvis Bondye, l'a mete l' apa pou Bondye.  
 
Lev 16:20
 
ś Lč Arawon va fin fč sčvis pou wete peche pou kote ki apa nčt pou Bondye a, pou Tant Randevou a ak pou lotčl la, l'a fč yo pwoche bouk kabrit vivan yo te chwazi pou Azazčl la devan Seyč a.  
 
Lev 16:21
 
L'a mete tou de men l' yo sou tčt kabrit la, l'a rekončt sou li tout peche, tout mechanste ak tout movezak pčp Izrayčl la te fč. Se konsa l'a mete tout peche sa yo sou tčt kabrit la. Lčfini, l'a fč moun ki chwazi pou sa a mennen kabrit la al lage l' nan dezč a.  
 
Lev 16:22
 
Bouk la va pote tout peche yo ale sou li yon zňn kote pa gen moun rete la.  
 
Lev 16:23
 
Apre sa, Arawon va antre ankň nan Tant Randevou a. L'a wete rad fen blan li te mete sou li pou li te ka antre nan kote ki apa nčt pou Seyč a, l'a kite yo la.  
 
Lev 16:24
 
L'a pran yon bon beny nan kote yo mete apa pou sa a, l'a mete lňt rad sou li. Apre sa, l'a soti, l'a ofri bčt pou yo boule nčt yo pou peche pa l' yo ak pou tout peche pčp la. L'a fč sčvis pou mande Bondye padon.  
 
Lev 16:25
 
L'a pran grčs bčt yo te ofri pou peche a, l'a boule yo sou lotčl la.  
 
Lev 16:26
 
Nonm ki te al lage bouk kabrit la pou Azazčl nan dezč a gen pou l' lave tout rad ki sou li, epi pou l' pran yon bon beny nan gwo dlo, anvan li tounen nan kan kote moun yo rete a.  
 
Lev 16:27
 
Y'a pran towo bčf ak kabrit yo te touye pou wete peche a, y'a pote yo ale andeyň limit kan kote moun yo rete a, epi y'a boule po vyann yo ansanm ak tout tripay yo nčt. Se san bčt sa yo yo te pote nan kote ki apa nčt pou Seyč a pou fč sčvis pou mande padon pou peche.  
 
Lev 16:28
 
Moun ki te al boule yo a va gen pou l' lave rad li tou, pou l' benyen nčt nan gwo dlo anvan li tounen nan kan kote moun yo rete a.  
 
Lev 16:29
 
ś Men regleman pou nou fč tout tan tout tan jouk sa kaba. Sou dizyčm jou nan setyčm mwa a, tout moun pčp Izrayčl yo ansanm ak tout moun lňt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo va fč jčn, yo p'ap fč ankenn travay jou sa a.  
 
Lev 16:30
 
Paske, jou sa a y'a fč sčvis pou wete yo anba tout peche yo, pou yo ka parčt nan bon kondisyon devan Seyč a.  
 
Lev 16:31
 
Jou sa a va yon jou espesyal pou nou fč jčn, yon jou pou nou pa travay menm. Se lňd mwen ban nou, se pou nou toujou fč sčvis sa a.  
 
Lev 16:32
 
Se va reskonsablite granprčt yo va mete apa pou fč sčvis Seyč a nan plas papa l' la pou li fč sčvis pou mande Bondye padon, l'a mete rad fen blan yo, rad pou prčt yo mete lč y'ap fč sčvis.  
 
Lev 16:33
 
L'a fč sčvis pou wete peche pou kote ki apa nčt pou Bondye a, pou Tant Randevou a ak pou lotčl la, l'a fč ofrann pou prčt yo ak pou tout pčp Izrayčl la.  
 
Lev 16:34
 
Men regleman pou nou swiv tout tan tout tan. Se yon sčvis pou yo fč yon fwa chak lanne pou mande padon pou peche pčp Izrayčl la. Yo te fč tout bagay jan Seyč a te bay Moyiz lňd fč a.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Exodus 1Leviticus 151 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 Leviticus 17Numbers 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards