| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Lev 15:1 | ś Seyč a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:
| |
| | Lev 15:2 | -Pale ak pčp Izrayčl la, di yo pou mwen: Lč yon nonm gen ekoulman, li pa nan kondisyon pou fč sčvis Bondye.
| |
| | Lev 15:3 | Kit ekoulman an ap koule, kit li bloke ti pati li, nonm lan pa nan kondisyon pou fč sčvis Bondye.
| |
| | Lev 15:4 | Moun k'ap sčvi Bondye pa ka sčvi ak kabann kote moun malad la kouche ni ak bagay kote l' te chita.
| |
| | Lev 15:5 | Tout moun ki manyen kabann lan gen pou lave rad ki sou yo, yo gen pou yo benyen nan gwo dlo, epi yo p'ap nan kondisyon pou fč sčvis Bondye jouk aswč.
| |
| | Lev 15:6 | Konsa tou, tout moun ki chita sou bagay kote li te chita gen pou lave rad ki sou yo, pou yo benyen nan gwo dlo epi yo p'ap nan kondisyon pou fč sčvis Bondye jouk aswč.
| |
| | Lev 15:7 | Tout moun ki manyen yon moun ki gen ekoulman gen pou yo lave rad ki sou yo, pou yo benyen nan gwo dlo epi yo p'ap nan kondisyon pou fč sčvis Bondye jouk aswč.
| |
| | Lev 15:8 | Si nonm malad la krache sou yon moun ki te nan kondisyon pou fč sčvis Bondye, moun sa a gen pou l' lave rad ki te sou li a, li gen pou l' benyen nan gwo dlo epi li p'ap nan kondisyon pou fč sčvis Bondye jouk aswč.
| |
| | Lev 15:9 | Si nonm malad la moute sou yon sčl chwal, moun ki nan kondisyon pou fč sčvis Bondye pa ka sčvi avčk sčl la.
| |
| | Lev 15:10 | Tout moun ki manyen nenpňt bagay kote nonm lan te chita a p'ap nan kondisyon pou fč sčvis Bondye jouk aswč. Tout moun ki va pran nenpňt bagay kote nonm lan te chita a pou yo pote l' ak men yo, yo gen pou lave rad sou yo, pou yo benyen nan gwo dlo epi yo p'ap nan kondisyon pou fč sčvis Bondye jouk aswč.
| |
| | Lev 15:11 | Si yon nonm ki gen ekoulman manyen yon moun san li pa lave men l' anvan, moun sa a gen pou lave rad ki sou li, li gen pou l' benyen nan gwo dlo epi li p'ap nan kondisyon pou l' fč sčvis Bondye jouk aswč.
| |
| | Lev 15:12 | Depi nonm malad la manyen yon veso fčt an tč, se pou yo kraze veso a. Men, si veso a fčt an bwa, y'a lave l' nan gwo dlo.
| |
| | Lev 15:13 | Apre nonm ki te gen ekoulman an fin geri, li gen pou l' tann sčt jou anvan li fč sčvis ki pou mete l' nan kondisyon pou fč sčvis Bondye. Lč sa a, l'a lave rad ki sou li, l'a benyen nan dlo dous. Se konsa l'a vin nan kondisyon pou fč sčvis Bondye ankň.
| |
| | Lev 15:14 | Sou wityčm jou a, l'a pran de toutrčl osinon de pijon, l'a pote yo bay prčt la devan pňt Tant Randevou a.
| |
| | Lev 15:15 | Prčt la va ofri yonn ladan yo pou wete peche li yo, lňt la pou yo boule nčt pou Seyč a. Se konsa l'a fč sčvis pou mande Bondye padon pou ekoulman nonm lan te genyen an.
| |
| | Lev 15:16 | Lč yon nonm voye sou li, se pou li lave tout kň l' nan dlo epi li p'ap nan kondisyon pou fč sčvis Bondye jouk aswč.
| |
| | Lev 15:17 | Depi dechay la tonbe sou yon bagay fčt an twal osinon an po, se pou yo lave bagay sa yo, epi moun ki nan kondisyon pou fč sčvis Bondye p'ap ka sčvi ak bagay sa yo jouk aswč.
| |
| | Lev 15:18 | Lč yon nonm kouche ak yon fanm epi li voye anndan l', tou de gen pou benyen nan gwo dlo, epi yo p'ap nan kondisyon pou fč sčvis Bondye jouk aswč.
| |
| | Lev 15:19 | ś Lč yon fanm gen rčg li, li p'ap nan kondisyon pou fč sčvis Bondye pandan sčt jou. Tout moun ki manyen l' pandan sčt jou sa yo p'ap nan kondisyon tou pou fč sčvis Bondye jouk aswč.
| |
| | Lev 15:20 | Lč konsa, moun k'ap sčvi Bondye pa ka sčvi ak kabann kote l' kouche ni ak bagay li te sčvi pou l' chita.
| |
| | Lev 15:21 | Lč yon moun manyen kabann yon fanm konsa, li gen pou l' lave rad ki sou li, l'a benyen nan gwo dlo, epi li p'ap nan kondisyon pou fč sčvis Bondye jouk aswč.
| |
| | Lev 15:22 | Si yon moun manyen yon bagay fanm lan te sčvi pou l' chita, li gen pou l' lave rad ki sou li, l'a benyen nan gwo dlo epi li p'ap nan kondisyon pou l' fč sčvis Bondye jouk aswč.
| |
| | Lev 15:23 | Wi, depi se kabann fanm lan osinon yon bagay fanm lan sčvi pou l' chita yon moun manyen, moun sa a p'ap nan kondisyon pou fč sčvis Bondye jouk aswč.
| |
| | Lev 15:24 | Si yon nonm kouche ak yon fanm ki gen rčg li epi li sal ak san, li p'ap nan kondisyon pou l' fč sčvis Bondye pandan sčt jou. Depi li kouche sou yon kabann, moun k'ap sčvi Bondye p'ap ka sčvi ak kabann sa a.
| |
| | Lev 15:25 | Si yon fanm gen rčg li pandan plizyč jou lč li pa nan peryňd li, osinon si rčg li kontinye koule kčk jou apre peryňd li pase, se va menm jan an tou. Li p'ap nan kondisyon pou l' fč sčvis Bondye pandan tout jou san an ap koule a, tankou lč l' gen rčg li nňmal.
| |
| | Lev 15:26 | Lč sa a, moun k'ap sčvi Bondye pa ka sčvi ni ak kabann kote l' kouche ni ak bagay li sčvi pou l' chita.
| |
| | Lev 15:27 | Si yon moun manyen yonn nan bagay sa yo, li p'ap nan kondisyon pou l' fč sčvis Bondye, l'a gen pou l' lave rad ki sou li, pou l' benyen nan gwo dlo epi li p'ap nan kondisyon pou l' fč sčvis Bondye jouk aswč.
| |
| | Lev 15:28 | Lč san an va sispann koule, fanm lan va tann sčt jou. Se apre sa l'a nan kondisyon pou l' fč sčvis Bondye.
| |
| | Lev 15:29 | Sou wityčm jou a, l'a pran de toutrčl osinon de pijon, l'a pote yo bay prčt la devan pňt Tant Randevou a.
| |
| | Lev 15:30 | Prčt la va ofri yonn ladan yo pou wete peche li yo, l'a ofri lňt la pou boule nčt pou Bondye. Se konsa l'a fč sčvis pou mande Bondye padon pou fanm lan, paske rčg la te mete l' nan kondisyon li pa t' ka fč sčvis Bondye.
| |
| | Lev 15:31 | Seyč a di Moyiz ankň: -Pale moun Izrayčl yo byen. Lč yo pa nan kondisyon pou fč sčvis Bondye, piga yo pwoche bň Tant Randevou a ki nan mitan kan kote yo rete a. Si yo fč sa y'a mouri.
| |
| | Lev 15:32 | Men regleman pou yo swiv lč yon nonm pa ka fč sčvis Bondye paske li gen ekoulman osinon paske li voye sou li,
| |
| | Lev 15:33 | lč yon fanm gen rčg li, osinon lč yon nonm kouche ak yon fanm ki pa nan kondisyon pou fč sčvis Bondye, wi pou tout moun, fanm kou gason, ki gen ekoulman.
| |