All NT OTBook
Compare Texts
Exodus 1 Leviticus 13

Leviticus 14:1-57

Leviticus 15 Numbers 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Lev 14:1
 
ś Seyč a pale ak Moyiz, li di l' konsa:  
 
Lev 14:2
 
-Men regleman w'a bay pou yo swiv lč y'ap fč sčvis pou moun ki geri apre yo te gen move maladi po. Jou pou yo rekončt moun lan geri a, y'a mennen l' bay prčt la.  
 
Lev 14:3
 
Prčt la va pran l', l'a soti ansanm avč l' lňt bň limit kan kote moun rete a. L'a egzaminen l' byen egzaminen, pou l' wč si malad la geri vre.  
 
Lev 14:4
 
Prčt la va bay lňd pou yo pote pou moun ki te malad la de zwazo tou vivan epi ki bon pou moun k'ap fč sčvis pou Bondye, ansanm ak yon moso bwa sčd, yon moso twal kamwazi ak yon ti branch izňp.  
 
Lev 14:5
 
Apre sa, prčt la va bay lňd pou yo touye premye zwazo a anwo yon bňl an tč plen dlo fre.  
 
Lev 14:6
 
L'a pran lňt zwazo a tou vivan ansanm ak bwa sčd la, moso twal kamwazi a ak ti branch izňp la, l'a plonje yo nan san zwazo yo te touye anwo dlo fre a.  
 
Lev 14:7
 
Apre sa, l'a voye san an sčt fwa sou moun ki te gen move maladi po a epi l'a di moun lan nan kondisyon ankň pou fč sčvis Bondye. L'a lage zwazo vivan an pou l' vole al fč wout li nan bwa.  
 
Lev 14:8
 
Moun ki te malad la va lave rad ki te sou li yo, l'a kale tčt li nčt, l'a benyen nan gwo dlo, epi l'a nan kondisyon pou fč sčvis Bondye ankň. Apre sa, l'a antre nan kan kote moun rete a, men li p'ap antre lakay li pandan sčt jou.  
 
Lev 14:9
 
Sou setyčm jou a, l'a kale tčt li ankň, l'a koupe tout bab li, tout plim je l' ak tout plim ki sou tout rčs kň li. L'a lave rad ki te sou li a, l'a lave kň l' nan gwo dlo. Apre sa, l'a nan kondisyon pou l' fč sčvis Bondye.  
 
Lev 14:10
 
ś Sou wityčm jou a, l'a pran de ti belye ki pa gen ankenn enfimite ak yon ti fenmčl mouton ki gen ennan epi ki pa gen ankenn enfimite. L'a pran tou de mamit farin melanje ak lwil oliv epi yon boutčy demi lit plen lwil oliv.  
 
Lev 14:11
 
Prčt k'ap fč sčvis la va mennen moun lan ansanm ak ofrann li yo devan Seyč a, jouk nan papňt Tant Randevou a.  
 
Lev 14:12
 
Rive la, prčt la va pran yonn nan ti belye yo, l'a ofri l' ansanm ak demi lit lwil la bay Seyč a pou peye pou sa moun lan te fč ki mal. L'a balanse yo devan Seyč a tankou yon ofrann espesyal pou Seyč a.  
 
Lev 14:13
 
L'a touye ti mouton an kote yo konn touye bčt yo ofri pou mande padon an osinon pou boule nčt la, nan kote yo mete apa pou sčvis Bondye a. L'a fč sa konsa paske bčt moun yo ofri pou peye pou sa yo fč ki mal la osinon pou mande Bondye padon an, se pou prčt la li ye. Se yon ofrann yo mete apa nčt pou Seyč a.  
 
Lev 14:14
 
Apre sa, prčt la va pran ti gout nan san ti mouton an, l'a pase l' sou pwent tete zňrčy dwat moun ki te malad la, sou gwo pous men dwat li ak sou gwo zňtčy pye dwat li.  
 
Lev 14:15
 
Prčt la va pran ti gout lwil nan boutčy la, l'a vide l' nan pla men gňch li.  
 
Lev 14:16
 
L'a tranpe yon dwčt men dwat li nan lwil ki nan pla men gňch li a. Avčk dwčt la, l'a voye ti gout lwil sčt fwa devan lotčl Bondye a.  
 
Lev 14:17
 
L'a pran ti gout nan lwil ki nan pla men gňch li a, l'a mete l' menm kote li te mete san ti mouton an, ki vle di sou pwent tete zňrčy dwat moun lan, sou gwo pous men dwat li ak sou gwo zňtčy pye dwat li.  
 
Lev 14:18
 
Lčfini, l'a vide rčs lwil ki nan pla men l' lan sou tčt moun lan. Se konsa prčt la va fč sčvis pou mande Bondye padon devan lotčl Seyč a.  
 
Lev 14:19
 
Apre sa, prčt la va fč ofrann pou peye sa moun lan fč ki mal. L'a fč sčvis pou mande Bondye padon pou moun ki te malad la. L'a touye bčt pou yo boule nčt la.  
 
Lev 14:20
 
L'a mete l' sou lotčl la ansanm ak farin ble melanje ak lwil la. Se konsa prčt la va fč sčvis pou mande padon pou moun lan, epi moun lan va nan kondisyon ankň pou l' fč sčvis Bondye.  
 
Lev 14:21
 
ś Si moun lan pňv epi li pa gen anpil mwayen, l'a pote yon sčl ti mouton pou yo ofri pou peye pou sa moun lan te fč ki mal la. L'a pote twaka mamit farin sčlman melanje ak lwil oliv ak yon boutčy demi lit plen lwil.  
 
Lev 14:22
 
L'a pote de ti toutrčl tou osinon de ti pijon, jan mwayen li va penmčt li, yonn pou sčvi ofrann pou mande padon, lňt la pou boule nčt pou Seyč a.  
 
Lev 14:23
 
Sou wityčm jou a, l'a pote yo bay prčt la devan pňt Tant Randevou a, pou prčt la fč sčvis pou mete l' nan kondisyon pou li ka sčvi Seyč a ankň.  
 
Lev 14:24
 
Prčt la va pran ti mouton li ofri pou peye pou sa moun lan fč ki mal la ansanm ak boutčy lwil la, l'a balanse yo devan Seyč a tankou yon ofrann.  
 
Lev 14:25
 
Apre sa, l'a touye ti mouton an, l'a pran ti gout nan san li l'a mete sou pwent tete zňrčy dwat moun ki te malad la, sou gwo pous men dwat li ak sou gwo zňtčy pye dwat li.  
 
Lev 14:26
 
Prčt la va vide ti gout lwil nan pla men gňch li,  
 
Lev 14:27
 
l'a tranpe yon dwčt men dwat li nan lwil ki nan pla men gňch li a. Avčk dwčt la, l'a voye lwil la sčt fwa devan lotčl Seyč a.  
 
Lev 14:28
 
Apre sa, l'a pran nan lwil ki nan men gňch li a, l'a mete l' menm kote li te mete san ti mouton an, ki vle di sou pwent tete zňrčy dwat moun lan, sou gwo pous men dwat li a ak sou gwo zňtčy pye dwat li a.  
 
Lev 14:29
 
Lčfini, l'a vide rčs lwil ki nan pla men gňch li a sou tčt moun lan. Se konsa l'a fč sčvis pou mande Bondye padon devan lotčl Seyč a.  
 
Lev 14:30
 
Apre sa, l'a ofri toutrčl yo, osinon pijon yo, dapre sa mwayen moun lan te penmčt li,  
 
Lev 14:31
 
yonn pou mande padon pou peche, lňt la pou yo boule nčt ansanm ak ofrann farin ble a. Se konsa prčt la va fč sčvis pou mande Bondye padon pou moun lan.  
 
Lev 14:32
 
Men regleman pou yo swiv lč yon moun ki gen move maladi po pa gen dekwa pou l' ofri tou sa li te dwe ofri pou sčvis ki pou mete l' nan kondisyon pou fč sčvis Bondye ankň.  
 
Lev 14:33
 
ś Seyč a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo:  
 
Lev 14:34
 
-Lč n'a fin antre nan peyi Kanaran an, peyi m'ap ban nou pou rele nou pa nou an, si mwen voye salpčt sou yonn nan kay kote nou rete yo, men sa pou nou fč.  
 
Lev 14:35
 
Mčt kay la va al jwenn prčt la, l'a di l': Gen yon bagay tankou salpčt ki parčt sou miray kay mwen an.  
 
Lev 14:36
 
Prčt la va bay lňd pou yo mete tou sa ki nan kay la deyň anvan li vin egzaminen kay la. Konsa, tou sa ki te nan kay la ka toujou sčvi pou moun k'ap sčvi Bondye. Apre sa, prčt la va vini, l'a antre nan kay la pou egzaminen l'.  
 
Lev 14:37
 
L'a egzaminen tout miray yo. Si li wč gen kčk kote ki manje nan miray la, epi ki gen ti koulč včt osinon wouj,  
 
Lev 14:38
 
prčt la va soti nan kay la, l'a fčmen l' akle pou sčt jou.  
 
Lev 14:39
 
Sou setyčm jou a, prčt la va tounen, l'a egzaminen miray kay la ankň. Si li wč tach la gaye sou miray kay la,  
 
Lev 14:40
 
prčt la va bay lňd pou yo wete wňch kote yo te jwenn salpčt la, y'a voye wňch yo jete yon kote andeyň lavil la, kote yo mete bagay ki pa ka sčvi pou sčvis Bondye.  
 
Lev 14:41
 
Apre sa, l'a fč yo grate tout anndan kay la, epi y'a jete tout vye kras mňtye yo te grate a andeyň lavil la, menm kote yo mete bagay ki pa ka sčvi nan sčvis Bondye.  
 
Lev 14:42
 
Y'a pran lňt wňch ranplase wňch yo te wete yo epi y'a rekrepi kay la.  
 
Lev 14:43
 
Si salpčt la parčt ankň apre yo fin wete wňch malad yo, apre yo fin grate kay la epi yo rekrepi l',  
 
Lev 14:44
 
prčt la va tounen vin gade. Si li wč salpčt la gaye nan kay la, la konnen kay la gen yon move maladi sou miray li. Moun k'ap sčvi Bondye pa ka rete ladan l'.  
 
Lev 14:45
 
Lč sa a, y'a demoli kay la nčt epi y'a pran wňch, bwa, mňtye ki te nan kay la, y'a voye yo jete andeyň lavil la, kote yo mete bagay ki pa ka sčvi pou sčvis Bondye.  
 
Lev 14:46
 
Tout moun ki te antre anndan kay la lč kay la te fčmen an p'ap nan kondisyon pou sčvi Bondye jouk aswč rive.  
 
Lev 14:47
 
Tout moun ki te kouche osinon ki te manje anndan kay la va gen pou lave rad ki te sou yo.  
 
Lev 14:48
 
Lč prčt la vin gade a, si li te jwenn salpčt la disparčt nčt apre yo te fin rekrepi kay la, prčt la va fč konnen kay la nan bon kondisyon ankň pou moun k'ap sčvi Bondye ka rete ladan l', paske salpčt la disparčt nčt.  
 
Lev 14:49
 
Apre sa, prčt la va fč sčvis pou wete peche nan kay la. L'a pran de zwazo, kčk moso bwa sčd, yon moso twal kamwazi ak yon ti branch izňp.  
 
Lev 14:50
 
L'a touye yonn nan ti zwazo yo anwo yon bňl an tč plen dlo fre.  
 
Lev 14:51
 
Apre sa, l'a pran bwa sčd la, ti branch izňp la, moso twal kamwazi a ansanm ak lňt zwazo ki vivan an, l'a plonje yo nan san premye zwazo a ki melanje ak dlo fre a. Apre sa, l'a voye san an sčt fwa sou kay la.  
 
Lev 14:52
 
Se konsa prčt la va fč sčvis pou wete peche nan kay la, avčk san zwazo a, dlo fre a, zwazo vivan an, bwa sčd la, ti branch izňp la, epi moso twal kamwazi a.  
 
Lev 14:53
 
Apre sa, l'a lage ti zwazo vivan an pou l' vole al fč wout li nan bwa andeyň lavil la. Se konsa l'a fč sčvis pou mande Bondye padon pou kay la epi kay la va nan bon kondisyon pou moun k'ap sčvi Bondye ka rete ladan l' ankň.  
 
Lev 14:54
 
ś Men regleman pou nou swiv lč yon moun gen move maladi po osinon pyas,  
 
Lev 14:55
 
lč kanni tonbe sou rad osinon lč salpčt parčt nan yon kay,  
 
Lev 14:56
 
lč yon moun gen yon kote sou po l' ki anfle osinon lč li gen yon bouton ou ankň yon tach ki parčt sou po l'.  
 
Lev 14:57
 
Se konsa n'a konnen lč yon bagay nan bon kondisyon osinon lč li pa nan bon kondisyon pou moun k'ap sčvi Bondye. Se tout regleman yo sa pou move maladi po.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Exodus 1Leviticus 131 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 Leviticus 15Numbers 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards