| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Lev 13:1 | ś Seyč a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:
| |
| | Lev 13:2 | -Si yon moun wč yon kote sou po kň l' anfle, ou ankň si li wč yon bouton osinon yon tach parčt sou po l' ki ta vle sanble konmansman yon move maladi po ki ka kontaminen lňt moun, y'a mennen l' bay Arawon, prčt la, ou ankň bay yonn nan pitit li yo ki prčt tou.
| |
| | Lev 13:3 | Prčt la va egzaminen kote ki malad la. Si pwal yo vin tou blan, epi si maladi a fouye po a ti kras, l'a konnen se yon move maladi po ki ka kontaminen lňt moun. Lč prčt la va wč sa, l'a fč konnen moun lan pa nan kondisyon pou l' fč sčvis Bondye.
| |
| | Lev 13:4 | Men, si kote po a anfle a vin tou blan san li pa fouye, si pwal yo pa vin blan, prčt la va fčmen moun lan yon kote pou kont li pandan sčt jou.
| |
| | Lev 13:5 | Sou setyčm jou a, prčt la va egzaminen l' ankň. Si li wč bouton an rete menm jan an, li pa laji sou po a, prčt la va fčmen moun lan pou kont li pou sčt jou ankň.
| |
| | Lev 13:6 | Apre sa, prčt la va egzaminen l' ankň. Si bouton an cheche, si li pa laji kň l' sou po a, prčt la va fč konnen moun lan nan kondisyon pou l' fč sčvis Bondye. Se yon bouton ase li te genyen. Lč sa a, moun lan va lave rad li, epi l'ap nan kondisyon pou l' fč sčvis pou Bondye.
| |
| | Lev 13:7 | Men si bouton an vin pi laj sou po a, apre prčt la te fin di moun lan bon lč li te wč l' la, se pou moun lan parčt devan prčt la ankň.
| |
| | Lev 13:8 | Prčt la va egzaminen l' ankň. Si li wč bouton an vin pi laj sou po a, prčt la va fč konnen moun lan pa nan kondisyon pou fč sčvis Bondye. Se yon move maladi po li genyen!
| |
| | Lev 13:9 | Lč yon moun va gen yon move maladi po sou li, y'a mennen l' bay prčt la.
| |
| | Lev 13:10 | Prčt la va egzaminen l'. Si li wč yon bouton blan sou po a ki fč pwal yo vin blan tou, si bouton an plen postim,
| |
| | Lev 13:11 | se va yon move maladi po ki chita sou li. Prčt la va fč konnen nonm lan pa nan kondisyon pou fč sčvis pou Bondye. Li p'ap bezwen fčmen l' yon kote pou kont li, paske se bagay ki klč, nonm lan pa nan kondisyon pou fč sčvis pou Bondye.
| |
| | Lev 13:12 | Men, si maladi a gaye sou tout kň l', si li kouvri ak bouton depi nan tčt jouk nan pye, kifč kote prčt la voye je l' li wč se bouton,
| |
| | Lev 13:13 | prčt la va egzaminen l' ankň. Si maladi a kouvri tout kň l', prčt la va di moun lan toujou nan kondisyon pou fč sčvis Bondye. Depi tout kň l' vin tou blan, li nan kondisyon pou fč sčvis Bondye.
| |
| | Lev 13:14 | Men, jou yon bouton pete, li p'ap nan kondisyon pou fč sčvis Bondye.
| |
| | Lev 13:15 | Prčt la va egzaminen l' ankň. Si li wč yon bouton pete, l'a fč konnen nonm lan pa nan kondisyon pou fč sčvis Bondye. Depi bouton an pete se yon move maladi po li genyen, nonm lan pa nan kondisyon pou fč sčvis Bondye.
| |
| | Lev 13:16 | Men, lč bouton an va konmanse geri, po a konmanse vin blan ankň, moun lan va tounen al jwenn prčt la.
| |
| | Lev 13:17 | Prčt la va egzaminen l' ankň. Si li wč bouton an vin tou blan, prčt la va fč konnen nonm lan nan kondisyon pou fč sčvis Bondye.
| |
| | Lev 13:18 | ś Si yon moun gen yon apse ki geri,
| |
| | Lev 13:19 | men kote apse a te ye a vin anfle, ou ankň yon ti bouton wouj anba po a vin parčt, se pou l' al wč prčt la.
| |
| | Lev 13:20 | Prčt la va egzaminen l'. Si bouton an gen lč yon ti jan pi fon pase rčs po a, epi si pwal ki ladan l' yo vin tou blan, prčt la va fč konnen moun lan pa nan kondisyon pou fč sčvis Bondye. Se yon move maladi po k'ap parčt sou mak apse a.
| |
| | Lev 13:21 | Men, lč prčt la egzaminen l', si li wč pwal ki ladan l' yo pa blan, si bouton an pa pi fon pase rčs po a, si li konmanse chanje koulč, prčt la va fčmen moun lan yon kote pou kont li pou sčt jou.
| |
| | Lev 13:22 | Si bouton an gaye sou tout kň l', prčt la va fč konnen moun lan pa nan kondisyon pou fč sčvis Bondye. Se yon move maladi po li genyen.
| |
| | Lev 13:23 | Men, si bouton an rete jan l' te ye a, y'a konnen se mak apse a ase li ye. Prčt la va fč konnen moun lan pa gen anyen, li toujou nan kondisyon pou fč sčvis Bondye.
| |
| | Lev 13:24 | Ou ankň, lč yon moun boule nan dife, si lč li konmanse geri, po a vin yon ti jan wouj e blan,
| |
| | Lev 13:25 | prčt la va egzaminen l'. Si li wč pwal yo vin blan, epi si tach la gen lč pi fon pase rčs po a, y'a konnen se yon move maladi po k'ap devlope sou boule a. Prčt la va fč konnen moun lan pa nan kondisyon pou fč sčvis Bondye. Se yon move maladi po li genyen.
| |
| | Lev 13:26 | Men, si lč prčt la egzaminen l' li pa jwenn pwal blan ladan l', epi tach la pa pi fon pase rčs po a, men li ta vle chanje koulč, prčt la va fčmen l' yon kote pou kont li pou sčt jou.
| |
| | Lev 13:27 | Sou setyčm jou a, prčt la va egzaminen l' ankň. Si li wč tach la ap gaye, l'a konnen se yon move maladi po li genyen. Lč sa a, prčt la va fč konnen moun lan pa nan kondisyon pou l' fč sčvis Bondye.
| |
| | Lev 13:28 | Men, si tach la rete jan l' te ye a, si li pa gaye sou po a, si se koulč a ase ki chanje, l'a konnen se mak boule a ase li ye. Prčt la va fč konnen moun lan toujou nan kondisyon pou fč sčvis Bondye, paske se boule a k'ap geri.
| |
| | Lev 13:29 | Lč yon gason osinon yon fanm gen yon kote nan cheve l' osinon nan bab li ki fč yon plak,
| |
| | Lev 13:30 | prčt la va egzaminen plak la. Si li gen lč pi fon pase rčs po a, si li gen cheve yon ti jan jňn, fin fen ladan l', l'a konnen se pyas moun lan genyen. Se yon move maladi po ki parčt nan cheve l' osinon nan bab li. Prčt la va fč konnen moun lan pa nan kondisyon pou fč sčvis Bondye.
| |
| | Lev 13:31 | Men, lč prčt la egzaminen plak pyas la, si li wč gen lč li pa pi fon pase rčs po a, epi cheve ki ladan l' yo yon ti jan jňn, prčt la va fčmen moun lan yon kote pou kont li pou sčt jou.
| |
| | Lev 13:32 | Sou setyčm jou a, prčt la va egzaminen malenng lan ankň. Si pyas la gaye, si cheve ki ladan l' yo pa vin jňn, si li gen lč pa pi fon pase rčs po a,
| |
| | Lev 13:33 | moun lan va koupe tout cheve nan tčt li san l' pa manyen pyas la. Apre sa, prčt la va fčmen l' yon kote pou kont li pou sčt jou ankň.
| |
| | Lev 13:34 | Sou setyčm jou a, prčt la va egzaminen l' ankň. Si pyas la pa laji sou po a, si li pa fouye po a, prčt la va fč konnen moun lan nan kondisyon pou fč sčvis Bondye. Moun lan menm va lave rad sou li, epi l'a nan kondisyon pou fč sčvis Bondye ankň.
| |
| | Lev 13:35 | Men, si apre prčt la te fin di moun lan nan bon kondisyon an, pyas la gaye tout bon vre sou po a,
| |
| | Lev 13:36 | prčt la va egzaminen l' ankň. Si pyas la gaye vre sou po a, li pa bezwen chache wč si li gen cheve jňn ankň. L'a tou konnen moun lan pa nan kondisyon pou fč sčvis Bondye.
| |
| | Lev 13:37 | Men si li wč pyas la rete jan l' te ye a, epi cheve nwa ap pouse sou li, l'a tou konnen pyas la geri, epi prčt la va fč konnen moun lan nan kondisyon pou fč sčvis Bondye.
| |
| | Lev 13:38 | ś Lč yon gason osinon yon fanm gen ti tach blan ki parčt sou po l',
| |
| | Lev 13:39 | prčt la va egzaminen l'. Si tach yo yon ti koulč blan sal, l'a konnen se yon ti gratčl ki parčt sou po a, moun lan toujou nan kondisyon pou fč sčvis Bondye.
| |
| | Lev 13:40 | Lč yon nonm pčdi tout cheve nan tčt li, li chňv. Sa pa vle di li pa nan kondisyon pou fč sčvis Bondye.
| |
| | Lev 13:41 | Konsa tou, lč yon moun pčdi cheve sou tout devan tčt li, li demi chňv. Sa pa vle di li pa nan kondisyon pou fč sčvis Bondye.
| |
| | Lev 13:42 | Men, si kote l' chňv la yon ti tach koulč wouj-blan parčt, se ka yon move maladi po k'ap leve sou kň l'.
| |
| | Lev 13:43 | Lč sa a, prčt la va egzaminen l'. Si plak la gen yon ti koulč wouj-blan tankou lč moun gen move maladi po sou kň yo,
| |
| | Lev 13:44 | l'a konnen se yon moun ki gen move maladi po. Prčt la va fč konnen moun lan pa nan kondisyon pou fč sčvis Bondye, akňz move maladi po ki parčt sou tčt li a.
| |
| | Lev 13:45 | Lč yon moun gen yon move maladi po, l'a mete vye rad chire sou li. L'a kite tčt li san penyen, l'a kouvri figi l' depi anba nen l' desann, epi kote l' pase la pran rele: Men moun malad! Men moun malad!
| |
| | Lev 13:46 | Pandan tout tan maladi a va sou li, li p'ap nan kondisyon pou fč sčvis Bondye. Se yon moun ki gen move maladi po li ye. L'a rete yon kote pou kont li, nan yon kay andeyň limit kote moun rete.
| |
| | Lev 13:47 | ś Lč yon rad fčt an lenn nčt osinon an twal fen blan nčt bay mak tankou li ta vle kanni,
| |
| | Lev 13:48 | ou ankň lč nan yon moso twal, fil dwat yo osinon fil travč yo, kit yo fčt an lenn ou ankň an kenaf, bay mak tankou yo ta vle kanni, ou ankň lč yon moso po osinon yon bagay fčt an po bay mak tankou li ta vle kanni,
| |
| | Lev 13:49 | si kote ki vle kanni an gen yon ti koulč včt osinon wouj, sa vle di se kanni l'ap kanni. Se pou nou pote l' moutre prčt la.
| |
| | Lev 13:50 | Prčt la va pran l', l'a egzaminen l' epi l'a fčmen bagay ki vle kanni an yon kote pou sčt jou.
| |
| | Lev 13:51 | Sou setyčm jou a, prčt la va egzaminen l' ankň. Si li wč kanni an gaye sou twal la, osinon li mache nan fil dwat yo osinon nan fil travč yo, oswa sou po a, osinon sou bagay fčt ak po, sa vle di se kanni l'ap kanni vre. Moun k'ap sčvi Bondye pa ka sčvi avč l' ankň.
| |
| | Lev 13:52 | Prčt la va boule bagay ki kanni an, paske se yon move maladi k'ap manje tout rad la. Se pou yo boule l' nan dife.
| |
| | Lev 13:53 | Men, si lč prčt la egzaminen l', li jwenn kanni an pa gaye nan twal la osinon nan po a,
| |
| | Lev 13:54 | prčt la va bay lňd pou yo lave l'. Apre sa, l'a fčmen l' ankň yon kote pou sčt jou.
| |
| | Lev 13:55 | Sou setyčm jou a, l'a egzaminen l' ankň. Si li wč kote ki te vle kanni an rete menm jan an, menm si li pa gaye sou rčs twal la, bagay la pa nan bon kondisyon, moun k'ap sčvi Bondye pa ka sčvi avč l'. Se pou yo boule l' nan dife, kanni an te mčt sou lanvč ou sou landrčt li.
| |
| | Lev 13:56 | Men, si lč prčt la ap egzaminen l' dezyčm fwa a, li wč kanni an te pčdi koulč, fwa sa a, l'a chire kote ki te kanni nan twal la osinon nan po a. Ou ankň, l'a wete fil dwat ou fil travč ki te kanni nan twal la.
| |
| | Lev 13:57 | Si apre sa, kanni an parčt ankň epi li konmanse gaye nan rčs rad la, mčt rad la va boule l'.
| |
| | Lev 13:58 | Si apre yo lave yon rad, kanni an disparčt, y'a lave l' yon dezyčm fwa. Se lč sa a rad la va nan bon kondisyon, moun k'ap sčvi Bondye ka sčvi avč l'.
| |
| | Lev 13:59 | Men regleman pou nou swiv lč yon rad fčt an lenn osinon an twal fen blan bay mak tankou li ta vle kanni, ou ankň lč nan yon moso twal, fil dwat osinon fil travč yo, kit yo fčt an lenn ou ankň an kenaf, bay mak tankou li ta vle kanni, ou ankň lč yon moso po osinon nenpňt bagay ki fčt an po bay mak tankou li ta vle kanni. Se konsa n'a konnen si moun k'ap sčvi Bondye ka sčvi osinon pa ka sčvi ak yo.
| |