| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Lev 11:1 | ś Seyč a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:
| |
| | Lev 11:2 | -Men sa pou nou di moun pčp Izrayčl yo.
| |
| | Lev 11:3 | Nan tout bčt ki sou latč, men bčt nou ka touye pou nou manje. Nou ka manje tout bčt ki gen zago yo fann an de depi yo remoute manje tou.
| |
| | Lev 11:4 | Men, gen bčt ki remoute manje epi ki pa gen zago yo fann. Bčt konsa nou pa gen dwa manje yo. Sa pa bon pou nou! Nou gen chamo ki remoute manje men ki pa gen zago yo fann. Vyann li pa bon pou nou manje.
| |
| | Lev 11:5 | Nou gen daman ki remoute manje men ki pa gen zago yo fann.
| |
| | Lev 11:6 | Nou gen ankň lapen ki remoute manje men ki pa gen zago fann an de. Vyann li pa bon pou nou manje.
| |
| | Lev 11:7 | Nou gen ankň kochon. Li menm li gen zago fann an de, men li pa remoute manje. Vyann li tou pa bon pou nou manje.
| |
| | Lev 11:8 | Piga nou janm manje vyann bčt sa yo. Piga nou manyen kadav yo. Yo pa bon pou nou menm k'ap sčvi Bondye.
| |
| | Lev 11:9 | ś Nan bčt k'ap viv nan dlo men sa nou ka manje. Nou ka manje tout bčt nan lanmč ak nan dlo dous ki gen zčl ak kal sou kň yo.
| |
| | Lev 11:10 | Men, tout bčt k'ap viv nan lanmč osinon nan dlo dous men ki pa gen ni zčl ni kal sou kň yo, sa pa bon pou manje yo.
| |
| | Lev 11:11 | Gade yo pou move vyann. Pa manje vyann yo, pa manyen kadav yo.
| |
| | Lev 11:12 | Tout bčt k'ap viv nan dlo men ki pa gen zčl ak kal sou kň yo, nou pa fčt pou nou manje yo.
| |
| | Lev 11:13 | Nan tout zwazo men sa nou pa gen dwa manje paske yo pa bon pou nou menm k'ap sčvi Bondye.
| |
| | Lev 11:14 | Malfini karanklou ak lňt bčt menm fanmi ak yo ki manje kadav,
| |
| | Lev 11:15 | tout kalite kňnčy,
| |
| | Lev 11:16 | otrich, janmichčt, poul dlo, grigri, ak lňt bčt menm fanmi ak yo ki manje vyann vivan,
| |
| | Lev 11:17 | koukou, plonjon, frize,
| |
| | Lev 11:18 | gwo kanna mawon blan, grangozye, chwčt,
| |
| | Lev 11:19 | sigňy, krabye ak tout lňt bčt menm fanmi ak yo, chňchňt, sčpantye.
| |
| | Lev 11:20 | ś Tout ti bčtazčl ki mache sou kat pye pa bon pou nou manje.
| |
| | Lev 11:21 | Men, nou ka manje tout ti bčtazčl ki mache sou kat pye, depi yo gen de gwo pye ki penmčt yo sote,
| |
| | Lev 11:22 | tankou krikčt kay, krikčt bwa, chwal bondye ak lňt kalite krikčt.
| |
| | Lev 11:23 | Men, tout lňt ti bčtazčl ki gen kat pye pa bon pou nou manje.
| |
| | Lev 11:24 | Depi yon moun manyen kadav yonn nan bčt sa yo, li pa nan kondisyon pou l' fč sčvis pou Bondye jouk aswč.
| |
| | Lev 11:25 | Tout moun ki pote menm yon moso nan kadav yo gen pou lave tout rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fč sčvis pou Bondye jouk aswč.
| |
| | Lev 11:26 | Tout bčt ki pa gen zago yo fann an de osinon ki pa remoute manje pa bon pou nou manje. Tout moun ki manyen ata kadav bčt sa yo pa nan kondisyon pou l' fč sčvis pou Bondye.
| |
| | Lev 11:27 | Konsa tou, tout bčt ki mache sou kat pa t' men ki pa gen zago, yo pa bon pou nou manje. Depi yon moun manyen kadav yonn nan bčt sa yo, li pa nan kondisyon pou fč sčvis pou Bondye jouk aswč.
| |
| | Lev 11:28 | Tout moun ki pote kadav bčt yo al jete gen pou lave tout rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fč sčvis pou Bondye jouk aswč. Wi, tout bčt sa yo pa bon pou nou manje.
| |
| | Lev 11:29 | Pami tout bčt toupatou sou latč ki mache sou vant, men sa ki pa bon pou nou manje: tout kalite zagoudi, sourit ak leza,
| |
| | Lev 11:30 | zandolit, soud, mabouya, gongolo, aganman.
| |
| | Lev 11:31 | Wi, tout bčt sa yo pa bon pou nou manje. Si yon moun annik manyen kadav yonn nan bčt sa yo, l'a nan kondisyon pou l' pa fč sčvis pou Bondye jouk aswč.
| |
| | Lev 11:32 | Si kadav bčt sa yo tonbe sou nenpňt ki bagay, kit an bwa, kit an twal, kit an po, kit an twal sak, osinon sou nenpňt ki zouti nou sčvi pou nou travay, bagay sa a osinon zouti sa a pa bon pou nou sčvi. Se pou nou mete l' tranpe nan dlo, li p'ap bon pou nou sčvi avč l' jouk aswč rive. Apre sa, nou ka sčvi avč l' san danje.
| |
| | Lev 11:33 | Si kadav yonn nan bčt sa yo tonbe nan yon veso fčt an tč, tou sa ki nan veso a pa bon pou nou sčvi ankň, epitou se pou nou kraze veso sa a.
| |
| | Lev 11:34 | Si ti gout nan dlo ki soti nan veso sa a ta rive tonbe sou nenpňt manje nou gen dwa manje, manje a pa bon ankň pou nou manje. Konsa tou, tout bwason nou gen dwa bwč, si yo ta rive vide l' nan yon veso konsa, li pa bon ankň pou nou bwč.
| |
| | Lev 11:35 | Si kadav yonn nan bčt sa yo tonbe sou nenpňt bagay, bagay sa a pa bon pou sčvi ankň. Si se yon fou osinon yon recho, se pou yo kraze yo an miyčt moso. Yo pa bon, nou pa fčt pou sčvi ak yo ankň menm.
| |
| | Lev 11:36 | Men, si yo tonbe nan yon sous osinon nan yon sitčn pou ranmase dlo, sous la osinon sitčn lan ap toujou bon pou sčvis nou. Men, moun ki manyen kadav la pou wete l' nan dlo a p'ap nan kondisyon pou fč sčvis Bondye.
| |
| | Lev 11:37 | Si kadav yonn nan bčt sa yo tonbe sou grenn nou pral plante, grenn yo bon toujou pou plante.
| |
| | Lev 11:38 | Men, si grenn lan te tranpe nan dlo epi kadav yonn nan bčt sa yo tonbe sou li, grenn lan pa bon ankň pou plante.
| |
| | Lev 11:39 | Lč yon bčt nou ka manje rete konsa li mouri, tout moun ki manyen kadav li p'ap kapab fč sčvis pou Bondye jouk aswč.
| |
| | Lev 11:40 | Moun ki manje nenpňt moso nan vyann bčt mouri a gen pou l' lave rad sou li epi li p'ap nan kondisyon pou l' fč sčvis Bondye jouk aswč. Moun ki pote kadav la al jete gen pou l' lave rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fč sčvis pou Bondye jouk aswč.
| |
| | Lev 11:41 | Tout ti bčt k'ap trennen sou vant pa bon pou moun k'ap sčvi Bondye. Nou pa fčt pou manje yo.
| |
| | Lev 11:42 | Depi se ti bčt k'ap trennen sou vant ou ankň ti bčt kat pye, ou ankň ti bčt ki gen anpil pye, yo yonn pa bon menm pou moun k'ap sčvi Bondye: nou pa fčt pou nou manje yo.
| |
| | Lev 11:43 | ś Pa manje ankenn nan ti bčt k'ap trennen sou vant yo pou yo pa mete nou nan kondisyon pou nou pa kapab fč sčvis pou mwen.
| |
| | Lev 11:44 | Se mwen menm Seyč a ki Bondye nou. Se pou nou kenbe kň nou yon jan pou nou viv apa pou mwen, paske mwen menm se yon Bondye apa mwen ye. Pa kite ankenn ti bčt k'ap trennen sou vant mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sčvi m'.
| |
| | Lev 11:45 | Se mwen menm, Seyč a, se mwen menm ki te mennen nou soti kite peyi Lejip pou m' te ka Bondye nou. Wi, se pou nou viv apa pou mwen, paske mwen se yon Bondye apa.
| |
| | Lev 11:46 | Men regleman ki gen rapň ak bčt, zwazo ak tout lňt bčt k'ap viv nan dlo, osinon k'ap trennen sou vant.
| |
| | Lev 11:47 | Se pou nou toujou rekončt bčt ki ka mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sčvi Bondye ak bčt ki p'ap fč l', bčt ki bon pou nou manje ak bčt ki pa bon pou nou manje.
| |