| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Lev 10:1 | ś Yon jou, de nan pitit Arawon yo, Nadab ak Abiyou, leve, yo pran ti recho yo, yo mete chabon dife tou limen ladan yo, yo mete lansan nan dife a, epi y' al ofri l' bay Seyč a. Men, dife a pa t' bon paske se pa t' yon dife Seyč a te bay lňd fč.
| |
| | Lev 10:2 | Seyč a voye yon dife sou yo, dife a boule yo, epi yo mouri la devan Seyč a.
| |
| | Lev 10:3 | ś Lč sa a, Moyiz di Arawon: -Men sa Seyč a t'ap di nou an wi lč l' te di: Moun k'ap sčvi m' fčt pou respekte m'. M'a fč pčp la konnen pouvwa mwen! Arawon pa di anyen.
| |
| | Lev 10:4 | Moyiz rele Mikayčl ak Elzafan, de pitit gason Ouzyčl, tonton Arawon, li di yo: -Vini non! Wete kadav kouzen nou yo devan tant Seyč a, pote yo deyň lňt bň limit kan an.
| |
| | Lev 10:5 | Se konsa yo vini, yo pran kň yo ak tout rad ki te sou yo, yo pote yo lňt bň limit kan an, jan Moyiz te di a.
| |
| | Lev 10:6 | Apre sa, Moyiz pale ak Arawon ansanm ak de lňt pitit gason l' yo, Eleaza ak Itama, li di yo: -Pa rete san penyen tčt nou, pa chire rad sou nou jan moun yo fč l' la lč yo nan lapenn pou ka lanmň. Si nou fč sa n'a mouri, Seyč a va fache sou tout pčp la. Men, frč nou yo ansanm ak tout lňt moun peyi Izrayčl yo gen dwa pran lapenn pou moun sa yo ki boule nan dife Seyč a te voye sou yo a.
| |
| | Lev 10:7 | Nou menm, rete nan tant Randevou a. Pa mete pwent pye nou deyň. Si nou fč sa n'a mouri, paske avčk lwil yo te vide sou tčt nou an, yo mete nou apa pou Seyč a. Yo fč jan Moyiz te di a.
| |
| | Lev 10:8 | ś Seyč a pale ak Arawon, li di l' konsa:
| |
| | Lev 10:9 | -Ni ou menm, ni pitit gason ou yo, nou pa fčt pou nou bwč diven ni ankenn gwňg lč se jou nou gen pou nou antre nan Tant Randevou a. Si nou fč sa n'a mouri. Sa se yon regleman pou nou swiv tout tan, nou menm, pitit nou yo ak pitit pitit nou yo.
| |
| | Lev 10:10 | Se pou nou konnen sa ki apa pou sčvis Bondye ak sa ki pou sčvis ňdinč, sa ki pa ka sčvi pou sčvis Bondye ak sa ki ka sčvi pou sčvis Bondye.
| |
| | Lev 10:11 | Lčfini, se devwa nou pou nou moutre pčp Izrayčl la tout regleman mwen menm Seyč a, mwen te bay Moyiz pou nou.
| |
| | Lev 10:12 | ś Moyiz pale ak Arawon ansanm ak de lňt pitit gason ki te rete l' yo, Eleaza ak Itama, li di yo: -N'a pran farin ki rete nan ofrann grenn yo boule pou Seyč a, n'a fč pen san ledven avč l', n'a manje yo bň lotčl la, paske ofrann lan, se yon ofrann ki apa nčt pou Seyč a.
| |
| | Lev 10:13 | N'a manje l' yon kote ki apa pou Seyč a. Wi, se pňsyon sa a ki pou ou ansanm ak pitit ou yo nan ofrann yo fč pou boule pou Seyč a. Se sa Seyč a te ban m' lňd fč.
| |
| | Lev 10:14 | Konsa tou, nou menm ak tout fanmi nou, fi kou gason, nou gen dwa manje pwatrin yo balanse devan Seyč a ak jigo yo te ofri bay Seyč a pou prčt yo. N'a manje yo yon kote yo mete apa pou sčvis Seyč a. Paske, pňsyon sa yo se pou nou yo ye, pou nou ansanm ak pitit nou yo. Se nan ofrann moun Izrayčl yo fč pou di Bondye mčsi yo soti.
| |
| | Lev 10:15 | Wi, y'a pote jigo ak pwatrin y'ap ofri pou boule ansanm ak pňsyon grčs y'ap ofri pou boule nan dife pou Seyč a. Y'a balanse yo devan Bondye. Pňsyon sa yo va toujou rete pou ou ansanm ak pou pitit ou yo, jan Seyč a te bay lňd la.
| |
| | Lev 10:16 | Lč sa a, Moyiz mande sa yo te fč ak kabrit ki sčvi ofrann pou peye pou sa moun te fč ki mal la. Yo di l' yo te gen tan boule l'. Moyiz fč yon sčl move sou Eleaza ak Itama, de gason Arawon ki te rete yo, li di yo konsa:
| |
| | Lev 10:17 | -Poukisa nou pa t' manje ofrann yo te fč pou peche a nan kote yo mete apa pou sčvis Bondye a? Nou konnen ofrann lan se yon bagay ki apa nčt pou Seyč a. Seyč a ban nou l' pou nou manje, pou li ka wete peche pčp la, pou peye pou peche yo fč.
| |
| | Lev 10:18 | Tande byen. Nou wč yo pa t' pote san an anndan kay Bondye a. Se pou nou te manje vyann lan nan kay ki apa pou Bondye a, jan Bondye te ban mwen lňd fč l' la.
| |
| | Lev 10:19 | Arawon reponn Moyiz: -Ou wč sa ki rive m' jňdi a? Atout pčp la te fč ofrann pou wete peche li yo ak ofrann pou boule pou Seyč a, mwen t'ap mande m' si m' te manje ofrann peche yo a jňdi a, ou kwč sa ta fč Seyč a plezi?
| |
| | Lev 10:20 | Lč Moyiz tande sa, sa te fč kč l' kontan.
| |