All NT OTBook
Compare Texts
Exodus 1 Exodus 40

Leviticus 1:1-17

Leviticus 2 Numbers 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Lev 1:1
 
ś Seyč a rete nan Tant Randevou a, li rele Moyiz, li di l' konsa:  
 
Lev 1:2
 
-W'a pale ak moun pčp Izrayčl yo, w'a di yo: Lč yon moun vle fč Seyč a yon ofrann, si se yon bčt li vle ofri, l'a ofri yon bčf osinon yon kabrit ou ankň yon mouton l'a pran nan bčt li yo.  
 
Lev 1:3
 
ś Si se yon gwo bčt li vle ofri pou yo boule pou Seyč a, l'a mennen yon towo bčf ki pa gen ankenn enfimite. L'a vin avč l' jouk devan pňt Tant Randevou a pou Seyč a ka asepte l'.  
 
Lev 1:4
 
L'a mete men l' sou tčt bčt l'ap ofri a pou Bondye ka asepte l' tankou yon ofrann l'ap fč pou mande Bondye fč li gras.  
 
Lev 1:5
 
L'a touye towo a la devan Seyč a. Apre sa, prčt yo, pitit Arawon yo, va pran san an pou yo ofri l' bay Seyč a. Lčfini, y'a voye san an sou kat bň lotčl ki toupre pňt Tant Randevou a.  
 
Lev 1:6
 
Apre sa, y'a kňche towo a, y'a koupe l' an moso.  
 
Lev 1:7
 
Prčt yo, pitit Arawon, prčt la, va limen dife sou lotčl la, y'a mete bwa nan dife a.  
 
Lev 1:8
 
Apre sa, prčt yo, pitit Arawon yo, va mete moso vyann yo ansanm ak tčt la ak moso grčs yo sou dife ki sou lotčl la.  
 
Lev 1:9
 
Moun k'ap fč ofrann lan va lave tripay yo ak pye dčyč yo nan dlo. Lčfini, prčt yo va ofri yo bay Seyč a. Konsa y'a boule tout ofrann lan nčt sou lotčl la. Se sa yo rele yon ofrann bčt ou boule pou Seyč a, yon ofrann ou boule nčt nan dife epi k'ap fč Seyč a plezi ak bon sant li.  
 
Lev 1:10
 
ś Si se yon ti bčt moun lan vle ofri pou boule nčt pou Seyč a, l'a ofri yon ti bouk kabrit osinon yon belye mouton ki pa gen ankenn enfimite.  
 
Lev 1:11
 
L'a touye l' sou bň nň lotčl la, devan Seyč a. Apre sa, prčt yo, pitit Arawon yo, va voye san an sou kat bň lotčl la.  
 
Lev 1:12
 
Lčfini, nonm lan va koupe l' an moso. Prčt yo va mete tout moso yo ansanm ak tčt la ak moso grčs yo sou dife ki sou lotčl la.  
 
Lev 1:13
 
Moun k'ap fč ofrann lan va lave tripay yo ak pye dčyč yo nan dlo. Apre sa, prčt yo va ofri yo bay Seyč a. Konsa l'a boule tout ofrann lan nčt sou lotčl la. Se sa yo rele yon ofrann bčt ou boule pou Seyč a, yon ofrann ou boule nčt nan dife epi k'ap fč Seyč a plezi ak bon sant li.  
 
Lev 1:14
 
Si se zwazo nonm lan ap ofri pou yo boule pou Seyč a, se va toutrčl osinon pijon.  
 
Lev 1:15
 
Prčt la va pran zwazo a, l'a pote l' bň lotčl la, l'a peze bčk li, l'a tňde kou l' pou l' touye l'. Y'a boule tčt la sou lotčl la, y'a fč san li koule sou kat bň lotčl la.  
 
Lev 1:16
 
L'a rache fal zwazo a ak tout plim li sou li. L'a jete l' bň lotčl la, sou bň solčy leve, kote yo mete sann dife a.  
 
Lev 1:17
 
Apre sa, l'a bay yon kout kouto nan mitan de zčl yo, l'a kenbe zčl yo, l'a louvri kň zwazo a ande san li pa detache zčl yo. Lčfini, prčt la va boule l' nčt sou dife ki sou lotčl la. Se sa yo rele yon ofrann bčt yo boule pou Seyč a, yon ofrann ou boule nčt nan dife epi k'ap fč Seyč a plezi ak bon sant li.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Exodus 1Exodus 401 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 Leviticus 2Numbers 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards