All NT OTBook
Compare Texts
Song of Solomon 1 Isaiah 9

Isaiah 10:1-34

Isaiah 11 Jeremiah 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Isa 10:1
 
ś Madichon pou chčf k'ap bay move lňd pou kache lenjistis y'ap fč, k'ap ekri move lwa pou peze pčp la!  
 
Isa 10:2
 
Se konsa, yo enpoze pňv malere yo defann dwa yo. Yo fč jijman ki pou ta nan avantaj pčp la tounen nan avantaj pa yo. Y'ap piye fanm ki pčdi mari yo, y'ap vňlň byen timoun ki san papa yo!  
 
Isa 10:3
 
Kisa n'a fč lč Bondye va fč malč soti byen lwen vin tonbe sou nou? Kay ki moun n'a kouri al chache sekou ak pwoteksyon? Ki kote n' aval kache tout richčs nou yo?  
 
Isa 10:4
 
Adye! Y'ap fč nou prizonye. Y'ap depňte nou, si nou pa gen tan mouri nan lagč. Men, se poko sa toujou. Se atň Seyč a move. Li poko fin regle ak yo!  
 
Isa 10:5
 
ś Seyč a di: -Madichon pou peyi Lasiri a! Paske, l'ap tankou yon baton nan men m' pou m' pini pčp la. M'ap sčvi avčk pouvwa ki nan men l' lan pou m' fč pčp la wč jan m' ankňlč.  
 
Isa 10:6
 
Mwen te voye l' kouri al atake yon nasyon ki derespekte m'. Mwen te ba li manda pou l' regle yon pčp ki te fč m' fache anpil, pou l' pase men pran tou sa yo genyen, pou l' piye yo, pou l' pilonnen yo anba pye l' tankou pousyč nan lari.  
 
Isa 10:7
 
Men, wa peyi Lasiri a pa t' wč bagay la konsa. Se pa konsa li te konprann li. Paske lide li te met nan tčt li se kraze brize, se disparčt anpil anpil nasyon.  
 
Isa 10:8
 
Li t'ap plede di: Tout chčf lame mwen yo se wa yo ye nan lňt peyi!  
 
Isa 10:9
 
Mwen pran lavil Kalno menm jan mwen te pran lavil Kakemich. Mwen pran lavil Amat menm jan mwen te pran lavil Apad. Mwen pran lavil Samari menm jan mwen te pran lavil Damas.  
 
Isa 10:10
 
Menm jan mwen te leve men m' pou m' te pini peyi k'ap sčvi zidňl yo, peyi ki te gen plis estati zidňl pase lavil Jerizalčm ak lavil Samari,  
 
Isa 10:11
 
menm jan nou wč mwen te aji ak Samari ak zidňl li yo, se konsa m'ap aji ak lavil Jerizalčm ak pňtre l'ap adore yo.  
 
Isa 10:12
 
Men sa Seyč a di: Lč m'a fin fč sa m'ap fč a sou mňn Siyon ak nan lavil Jerizalčm, m'ap pini wa peyi Lasiri a pou pretansyon li mete nan tčt li, pou awogans li genyen lč l'ap gade moun.  
 
Isa 10:13
 
Paske l'ap mache di: Se ak fňs ponyčt mwen mwen fč tou sa! Mwen gen bon konprann, mwen gen anpil lespri. Mwen wete bňn ki te make fwontyč pčp yo. Mwen devalize tou sa yo te sere. Tankou gwo towo bčf, mwen kraze tout moun ki t'ap viv la yo anba pye m'.  
 
Isa 10:14
 
Nasyon latč yo te tankou nich zwezo pou mwen: mwen annik lonje men m', mwen pran tout richčs yo. Mwen mache toupatou sou latč ap ranmase, tankou moun ranmase ze k'ap drive nan nich san gadň. Pa t' gen yonn ki bat zčl li pou fč m' pč. Pa t' gen yon bouch ki louvri pou di m' anyen, ni pou plenyen.  
 
Isa 10:15
 
Men sa Seyč a di ankň: Eske yon rach ka pretann travay li fč a se li ki fč l'? Se pa moun k'ap sčvi avč l' la ki fč l'? Eske yon goyin ka mache di sa l' fč a se li ki fč l'? Moun k'ap sčvi avč l' la pou anyen nan sa l'ap fč a? Se tankou si se fwčt la k'ap kňmande moun ki kenbe l' nan men l' lan, tankou si se baton an k'ap sčvi ak moun ki genyen l' nan men l' lan.  
 
Isa 10:16
 
Se poutčt sa, Seyč ki gen tout pouvwa a pral voye yon sčl maladi deperi sou bann moun gra sa yo, yon sčl chalč ki pral leve nan tout kň yo, tankou yon gwo dife ki pran sou yo.  
 
Isa 10:17
 
Bondye ki limyč pčp Izrayčl la pral tounen yon dife. Bondye pčp Izrayčl la ki yon Bondye apa pral tounen yon flanm dife. Nan yon sčl jou l'ap boule tout pikan ak tout raje, fč yo tounen sann.  
 
Isa 10:18
 
Li pral detwi gwo rakbwa yo ak bčl jaden yo nčt. Depi nan rasin yo jouk nan fčy yo, pyebwa yo ap cheche, menm jan yon move maladi souse yon moun jouk li touye l'.  
 
Isa 10:19
 
P'ap rete anpil pyebwa nan rak li yo ankň. Nenpňt timoun piti ka konte ti rčs la.  
 
Isa 10:20
 
ś Yon jou gen pou vini. Lč sa a, ti rčs moun pčp Izrayčl la, sa ki te chape anba lanmň nan fanmi Jakňb la, p'ap konte ankň sou pčp ki te twaka fini ak yo a. Y'a mete konfyans yo tout bon nan Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la ki yon Bondye apa.  
 
Isa 10:21
 
Se yon ti ponyen moun ase, yon ti rčs nan fanmi Jakňb la k'ap tounen vin jwenn Bondye yo a ki gen pouvwa.  
 
Isa 10:22
 
Menm si moun pčp Izrayčl yo te anpil tankou grenn sab bň lanmč, se yon ti ponyen ase k'ap tounen. Wč pa wč, y'ap detwi pčp la. Se sa menm li merite.  
 
Isa 10:23
 
Wi, Seyč ki gen tout pouvwa a pral fč lčnmi mache nan tout peyi a pou yo devalize l' jan li te di l'ap fč l' la.  
 
Isa 10:24
 
ś Se poutčt sa, Seyč sčl Mčt ki gen tout pouvwa a di konsa: -Nou menm, pčp mwen ki rete sou mňn Siyon an, nou pa bezwen pč moun peyi Lasiri yo k'ap woule nou anba baton, k'ap leve men yo pou yo frape nou menm jan moun peyi Lejip yo te fč nou an.  
 
Isa 10:25
 
Talč konsa, m'ap fin regle ak nou. Apre sa, m'ap vire sou yo, m'ap disparčt yo.  
 
Isa 10:26
 
Mwen menm, Seyč ki gen tout pouvwa a, m'ap pran fwčt pou m' bat yo, menm jan mwen te bat moun peyi Madyan yo bň gwo wňch Orčb la. M'ap fč peyi Lasiri soufri menm jan mwen te fč peyi Lejip soufri a.  
 
Isa 10:27
 
Lč jou sa a va rive, m'a wete chay sa a sou zepňl nou; m'a delivre nou anba moun peyi Lasiri yo. Nou p'ap nan mizč ankň, n'ap gen tou sa n'a bezwen.  
 
Isa 10:28
 
Lčnmi gen tan rive nan peyi Ajat! Men y'ap travčse peyi Migwon! Yo kite tout zafč yo lavil Mikmas.  
 
Isa 10:29
 
Yo travčse pas la! Yo pase nwit lan lavil Geba! Moun lavil Rama yo ap tranble. Moun lavil Gibeya yo, peyi wa Sayil la, kouri mete deyň.  
 
Isa 10:30
 
Nou menm moun lavil Gatim, pete rele! Nou menm moun lavil Layich, mache sou piga nou! Nou menm moun lavil Anatňt, nou nan ka!  
 
Isa 10:31
 
Moun lavil Madmena yo chape kň yo. Moun lavil Gebim yo al kache.  
 
Isa 10:32
 
Jňdi a, lčnmi an fč yon rete lavil Nňb. L'ap giyonnen moun ki rete sou mňn Siyon yo. L'ap lonje dwčt sou lavil Jerizalčm.  
 
Isa 10:33
 
Seyč sčl Mčt ki gen tout pouvwa a pral desann yo tankou branch bwa y'ap koupe mete atč. L'ap koupe tčt tou sa ki wo yo. Tou sa ki byen kanpe yo, l'ap lage yo atč.  
 
Isa 10:34
 
L'ap koupe yo tankou lč y'ap mete rach nan gwo pyebwa nan rak. Bčl pyebwa ki sou mňn Liban yo pral kouche plat atč!  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Song of Solomon 1Isaiah 91 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 35 Isaiah 11Jeremiah 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards