| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Isa 1:1 | ś Men vizyon sou peyi Jida ak lavil Jerizalčm Bondye te fč Ezayi, pitit Amňz la, wč sou rčy wa Ozyas, wa Jotam, wa Akaz ak wa Ezekyas nan peyi Jida a.
| |
| | Isa 1:2 | ś Seyč a di konsa: -Ou menm syčl la, koute! Ou menm latč, pare zňrčy ou! Paske mwen menm, Seyč a, mwen pral pale! Pitit mwen te okipe yo, pitit mwen te elve yo, men yo vire do ban mwen.
| |
| | Isa 1:3 | Bčf ki bčf konnen mčt li. Bourik ki bourik konnen kote mčt li ba l' manje. Men, pčp Izrayčl la menm pa konn bagay konsa. Pčp mwen an pa konprann anyen.
| |
| | Isa 1:4 | Malč pou peyi nou an, kote tout moun ap viv nan peche! Malč pou pčp ki plen krim sou konsyans yo, pou ras moun sa yo k'ap fč sa ki mal, pou bann pitit sa yo ki fin pčvčti! Yo lage pye Bondye Seyč a! Yo pa okipe Bondye pčp Izrayčl la ki yon Bondye apa. Yo vire do ba li.
| |
| | Isa 1:5 | Poukisa n'ap plede fč tčt di konsa? Pa gen kote ankň pou yo frape nou. Tout tčt la malad. Pa gen kň ankň pou sipňte.
| |
| | Isa 1:6 | Depi nan po tčt nou rive anba pla pye nou, nanpwen kote nan kň nou ki pa malad. Se blese, se foule, se san k'ap koule. Yo pa netwaye yo, yo pa mare anyen sou yo, yo pa mete medikaman sou yo pou kalme doulč yo.
| |
| | Isa 1:7 | Peyi nou an fini. Dife fin boule tout lavil nou yo ratč. Moun lňt nasyon yo piye tout jaden nou yo, l'a devan je nou. Yo fini ak tout bagay nan peyi a nčt. Yon sčl lafliksyon tonbe sou nou, tankou lč lčnmi pase nan peyi a.
| |
| | Isa 1:8 | Lavil Jerizalčm rete pou kont li sou do mňn Siyon an, tankou yon ti joupa, tankou yon ti tončl nan mitan jaden. Lčnmi sčnen l' toupatou.
| |
| | Isa 1:9 | Si Seyč ki gen tout pouvwa a pa t' kite kčk moun nan nou chape, lavil la t'ap disparčt nčt tankou sa ki te rive lavil Sodňm ak lavil Gomň a.
| |
| | Isa 1:10 | ś Lavil Jerizalčm sa a! Chčf li yo tankou chčf lavil Sodňm. Moun li yo tankou moun lavil Gomň. Nou tout ki la a, koute sa Seyč a ap di chčf lavil yo. Pare zňrčy nou pou nou tande lňd Bondye nou an ap bay moun Jerizalčm yo.
| |
| | Isa 1:11 | Li di yo: Sa pou m' fč ak pakčt bčt n'ap plede ofri pou touye pou mwen yo? Mwen bouke ak belye mouton n'ap boule sou lotčl la, ak grčs towo n'ap ofri ban mwen yo. Kanta pou san bčf, san mouton ak san kabrit yo menm, mwen pa bezwen sa.
| |
| | Isa 1:12 | Lč n'ap vin fč sčvis pou mwen, ki moun ki mande nou pou nou fč tout ale vini sa yo nan lakou tanp mwen an?
| |
| | Isa 1:13 | Nou mčt sispann fč bann ofrann sa yo ki p'ap sčvi nou anyen. Mwen pa ka sipňte lafimen lansan n'ap ofri m' lan. Mwen pa vle wč fčt lalin nouvčl nou yo, jou repo nou yo ak tout lňt reyinyon n'ap fč yo. M' pa ka sipňte fčt moun k'ap fč mechanste yo ap fč pou mwen.
| |
| | Isa 1:14 | Mwen rayi fčt lalin nouvčl nou yo ak tout bčl seremoni n'ap plede fč yo. Se yon chay yo tounen pou mwen. Mwen pa ka sipňte yo ankň.
| |
| | Isa 1:15 | Lč n'ap leve bra nou anlč pou nou lapriyč nan pye m', m'ap bouche je m' pou m' pa wč nou. Nou mčt fč lapriyč sou lapriyč, mwen p'ap tande nou! Men nou plen san!
| |
| | Isa 1:16 | ś Manyč netwaye lavi nou non! Mete nou nan kondisyon pou fč sčvis pou mwen non! Sispann tout lenjistis mwen wč n'ap fč yo! Wi, sispann fč sa ki mal!
| |
| | Isa 1:17 | Manyč aprann fč sa ki byen! Chache fč sa ki dwat devan mwen! Pran defans moun y'ap kraze yo! Defann kňz timoun ki san papa ak fanm ki pčdi mari yo.
| |
| | Isa 1:18 | Seyč a di konsa: -Nou mčt vini atň! Vini non! Ann regle koze a! Menm si peche nou yo ta tache wouj kou san sou tout kň nou, m'ap lave nou. M'ap fč nou vini blan kou koton. Nou te mčt tache wouj fonse, m'ap blanchi nou, m'ap fč nou blan kou lenn mouton.
| |
| | Isa 1:19 | Si nou dakň pou nou fč sa mwen di nou fč, n'a manje bčl rekňt peyi a va bay.
| |
| | Isa 1:20 | Men, si nou derefize koute m', si nou rete ap fč tčt di toujou, nou tout gen pou n' mouri nan lagč. Se mwen menm, Seyč a, ki di sa ak bouch mwen.
| |
| | Isa 1:21 | ś Yon lč, lavil Jerizalčm te renmen m' ak tout kč li. Koulye a, li tounen yon jennčs! Yon lč, se moun ki mache dwat ase ki te rete ladan l', yo pa t' fč lenjistis. Koulye a se renk ansasen!
| |
| | Isa 1:22 | Lajan nou yo tounen labou, yo pa vo anyen! Bon diven nou yo tounen dlo!
| |
| | Isa 1:23 | Chčf nou yo leve vire do bay Bondye. Yo fč bann ak vňlň yo! Tout moun cho dčyč avantaj pa yo. Y'ap kouri dčyč moun k'ap bay lajan. Yo pa defann kňz moun ki san papa yo. Lč yon fanm san mari nan ka, yo pa gade l' menm.
| |
| | Isa 1:24 | Se poutčt sa, koulye a, koute sa Seyč a, Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pčp Izrayčl la, Bondye ki gen fňs kouraj la ap di: Nou se lčnmi m'. Nou pa vle wč m'. Mwen pral pran revanj mwen. Mwen p'ap kite nou ban m' traka ankň.
| |
| | Isa 1:25 | Mwen pral regle nou. Mwen pral netwaye nou nan dife, tankou lč y'ap netwaye fč. Mwen pral wete tout vye kras ki sou nou.
| |
| | Isa 1:26 | Mwen pral ban nou chčf ak majistra tankou sa nou te konn genyen nan tan lontan yo. Lč sa a, y'a rele lavil Jerizalčm: lavil kote moun mache dwat la, lavil ki renmen m' ak tout kč li.
| |
| | Isa 1:27 | Seyč a ap fč sa ki gen pou fčt. L'a sove lavil Jerizalčm. Seyč a ap rann jistis, l'a delivre moun Siyon ki va tounen vin jwenn li yo.
| |
| | Isa 1:28 | Men, l'ap kraze sa k'ap fč sa ki mal yo ansanm ak sa k'ap viv nan peche yo. L'ap touye tou sa ki vire do bay Seyč a.
| |
| | Isa 1:29 | N'a wont akňz gwo pye bwadchenn repozwa nou te konn sčvi yo, akňz bčl jaden nou te plante pou zidňl yo.
| |
| | Isa 1:30 | N'ap tankou yon pye bwadchenn k'ap deperi, tankou yon jaden ki pa jwenn dlo.
| |
| | Isa 1:31 | Menm jan yon ti tensčl mete dife nan yon pil fachin bwa chčch, se konsa sa gwončg yo ap fč a ap tounen yon tizon dife nan dčyč yo. Pesonn p'ap ka fč anyen pou sove yo.
| |