All NT OTBook
Compare Texts
Proverbs 1 Ecclesiastes 2

Ecclesiastes 3:1-22

Ecclesiastes 4 Song of Solomon 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Ecc 3:1
 
ś Gen yon lč pou chak bagay. Bondye fikse yon tan pou chak bagay k'ap fčt sou latč.  
 
Ecc 3:2
 
Li fikse lč pou ou fčt, lč pou ou mouri, lč pou ou plante, lč pou ou rekňlte,  
 
Ecc 3:3
 
lč pou ou touye, lč pou ou geri, lč pou ou kraze, lč pou ou bati.  
 
Ecc 3:4
 
Li fikse lč pou ou kriye, lč pou ou ri, lč pou ou nan lapenn, lč pou ou fč fčt,  
 
Ecc 3:5
 
lč pou ou kouche ak madanm ou, lč pou ou pa kouche ak li, lč pou nou fč karčs, lč pou nou pa fč karčs.  
 
Ecc 3:6
 
Li fikse lč pou ou chache, lč pou ou pčdi, lč pou ou fč ekonomi, lč pou ou gaspiye lajan,  
 
Ecc 3:7
 
lč pou ou dechire, lč pou ou koud, lč pou ou rete san pale, lč pou ou pale.  
 
Ecc 3:8
 
Li fikse lč pou ou renmen, lč pou ou rayi, lč pou nou fč lagč, lč pou nou fč lapč.  
 
Ecc 3:9
 
Kisa yon nonm jwenn nan travay li?  
 
Ecc 3:10
 
Mwen rive konnen ki kalite travay Bondye bay moun pou yo fč.  
 
Ecc 3:11
 
ś Li fikse yon lč pou chak bagay byen fčt. Li mete nan kč moun lanvi pou yo konnen sa ki gen pou rive denmen. Men, li pa janm kite yo fin konprann nčt travay l'ap fč a.  
 
Ecc 3:12
 
Mwen wč pi bon bagay yon moun ka fč nan lavi, se fč kč ou kontan epi se fč sa ou vin pou fč a byen.  
 
Ecc 3:13
 
Tout moun fčt pou yo manje, pou yo bwč, pou yo jwi sa travay yo rapňte yo. Sa se kado Bondye ba yo.  
 
Ecc 3:14
 
Mwen konnen tou sa Bondye fč la pou toutan. Ou pa ka mete anyen sou li, ou pa ka wete anyen ladan l'. Bondye fč sa konsa pou lčzňm ka gen krentif pou li.  
 
Ecc 3:15
 
Sa ki rive koulye a te rive deja! Sa ki gen pou rive te rive deja tou! Bondye fč bagay ki te rive deja rive ankň!  
 
Ecc 3:16
 
ś Apre sa, mwen wč sou latč se mechanste ou jwenn kote pou ou ta jwenn jistis. Malveyans chita nan tribinal yo.  
 
Ecc 3:17
 
Mwen di nan kč mwen: Bondye ap jije ni bon yo ni mechan yo, paske chak bagay gen lč pa yo. Gen yon tan pou tou sa w'ap fč.  
 
Ecc 3:18
 
Mwen di nan kč mwen ankň: Bondye ap gade kote moun ye. L'ap fč yo wč yo pa pi bon pase zannimo.  
 
Ecc 3:19
 
Lč ou gade byen, sň moun ak sň zannimo, se menm bagay la. Ni yonn ni lňt gen pou mouri. Se menm souf la k'ap bat nan tou de. Moun pa gen ankenn avantaj sou zannimo, paske lavi pa vo anyen ni pou yonn ni pou lňt.  
 
Ecc 3:20
 
Tou de pral menm kote Tou de soti nan pousyč tč a. Tou de ap tounen pousyč tč a ankň.  
 
Ecc 3:21
 
Ki moun ki konnen si nanm moun moute anwo nan syčl epi nanm zannimo desann anba tč vre?  
 
Ecc 3:22
 
Konsa, mwen wč pa gen pi bon bagay yon moun ka fč sou latč pase jwi sa travay li rapňte l'. Se sčlman sa li ka fč. Epitou, ki moun k'ap fč l' tounen pou l' ka konnen sa k'ap rive apre li fin mouri?  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Proverbs 1Ecclesiastes 21 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 Ecclesiastes 4Song of Solomon 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards