| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Pro 7:1 | ś Pitit mwen, chonje sa m'ap moutre ou la a. Pa janm bliye sa m'ap di ou pou fč a.
| |
| | Pro 7:2 | Si ou fč sa m'ap di ou pou fč a, w'a viv. Konsidere sa m' moutre ou la tankou de grenn je nan tčt ou.
| |
| | Pro 7:3 | Mete li nan tout dwčt ou tankou bag, kenbe li nan kč ou pou ou pa janm bliye l'.
| |
| | Pro 7:4 | Konsidere konesans tankou sč ou. Konsidere bon konprann tankou pi bon zanmi ou.
| |
| | Pro 7:5 | Y'ap fč ou rete lwen madanm lňt moun. Yo p'ap kite ou pran nan pawňl dous madan marye ki nan dezňd.
| |
| | Pro 7:6 | ś Yon jou, antan mwen nan fennčt lakay mwen, mwen t'ap gade nan fant jalouzi a.
| |
| | Pro 7:7 | Mwen wč anpil jenn gason san esperyans nan lavi. Te gen yonn ladan yo menm ki te fin fou.
| |
| | Pro 7:8 | Li t'ap mache nan lari a, li rive bň kay yon fanm. Konsa, konsa, li pran chemen ki mennen kay fanm lan.
| |
| | Pro 7:9 | Le sa a solčy te kouche, te fin fč nwa.
| |
| | Pro 7:10 | Madanm lan menm vin kontre li. Li te abiye tankou yon jennčs, ak tout plan l' dčyč tčt li.
| |
| | Pro 7:11 | Fanm lan te gen je chčch, li pa t' wont anyen. Li pa t' kapab rete chita lakay li.
| |
| | Pro 7:12 | Li toupatou nan lari, sou laplas, nan tout kalfou. L'ap veye, je l' toupatou.
| |
| | Pro 7:13 | Li pase bra l' nan kou ti jennonm lan. Li bo li, li klere je l' nan je l', li di l':
| |
| | Pro 7:14 | Mwen te gen pou m' ofri yon bčt pou yo touye pou di Bondye mčsi. Se jňdi a mwen kit ak angajman mwen an.
| |
| | Pro 7:15 | Se poutčt sa, mwen vin kontre ou. Mwen t'ap chache ou, mwen jwenn ou.
| |
| | Pro 7:16 | Mwen ranje kabann mwen ak bon jan dra. Mwen mete bčl dra koulč ki soti peyi Lejip sou kabann mwen.
| |
| | Pro 7:17 | Mwen fč kabann mwen santi bon. Mwen vide odč flč jasmen, womaren ak kannčl sou li.
| |
| | Pro 7:18 | Vini non! Ann al damou jouk li jou. Annou pran plezi nou. Ann fč doudous jouk nou sou.
| |
| | Pro 7:19 | Mari m' pa la, li pati, li al fč yon vwayaj byen lwen.
| |
| | Pro 7:20 | Li pati ak anpil lajan nan pňch li. Li p'ap tounen anvan kenz jou.
| |
| | Pro 7:21 | Se konsa, fanm lan fin pran tčt ti jennonm lan. Ak bčl pawňl dous li yo, li fč l' asepte.
| |
| | Pro 7:22 | Jennonm lan pran swiv li, tankou bčf y'ap mennen labatwa, tankou kabrit yo pran nan pčlen
| |
| | Pro 7:23 | k'ap tann yo vin koupe tčt li, tankou zwazo k'ap mache sou pčlen san li pa konnen lavi l' an danje.
| |
| | Pro 7:24 | ś Koulye a, pitit mwen yo, koute byen. Louvri zňrčy nou, tande sa m'ap di nou.
| |
| | Pro 7:25 | Pa kite kč nou bat pou fanm konsa. Pa kite li fč nou pčdi chemen nou.
| |
| | Pro 7:26 | Li lakňz anpil gason tonbe mouri. Li lakňz anpil vanyan gason pčdi lavi yo.
| |
| | Pro 7:27 | Depi ou mete pye lakay li, ou sou chemen lanmň. W'ap desann yon pant k'ap mennen ou tou dwat nan simityč.
| |