| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Pro 4:1 | ś Pitit mwen yo, koute yon papa lč l'ap ban nou bon levasyon. Louvri zňrčy nou pou nou ka gen konprann.
| |
| | Pro 4:2 | Pa janm bliye anyen nan sa m'ap moutre nou la a: Se bon konsčy m'ap ban nou.
| |
| | Pro 4:3 | Lč mwen te timoun piti lakay papa m', lč sa a mwen te sčl pitit manman mwen.
| |
| | Pro 4:4 | Papa m' t'ap moutre m' anpil bagay. Li te konn di m': Kenbe pawňl mwen nan kč ou. Fč sa m'ap di ou fč, konsa w'a viv.
| |
| | Pro 4:5 | Chache gen konesans ak bon konprann. Pa janm bliye sa m'ap di ou la a. Pa vire do ba yo.
| |
| | Pro 4:6 | Pa lage konesans ou. L'a toujou pwoteje ou. renmen l', li p'ap kite anyen rive ou.
| |
| | Pro 4:7 | Chache gen konesans, se premye bagay yon nonm lespri dwe fč. Nenpňt kisa ou ka genyen, bay li pou ou vin gen konprann.
| |
| | Pro 4:8 | renmen konesans, l'ap fč ou mache tčt wo. Kenbe l', pa lage l'. L'a fč yo respekte ou.
| |
| | Pro 4:9 | Se va yon bčl bagay pou ou, tankou yon kouwňn sou tčt ou. Se va yon lwanj pou ou kote ou pase.
| |
| | Pro 4:10 | Koute sa m'ap di ou, pitit mwen. Pa bliye sa m'ap moutre ou la a, konsa w'a viv lontan.
| |
| | Pro 4:11 | Mwen moutre ou jan pou ou viv ak bon konprann. Mwen fč ou konnen jan pou ou mache dwat.
| |
| | Pro 4:12 | Lč w'ap viv avčk bon konprann, anyen p'ap bare wout ou. Ou mčt ap kouri, ou p'ap janm bite sou anyen.
| |
| | Pro 4:13 | Pa janm bliye sa yo te moutre ou, kenbe l' fčm. Pa kite l' chape anba men ou, se tout lavi ou.
| |
| | Pro 4:14 | ś Pa fč menm chemen ak mechan yo. Pa swiv egzanp moun ki deprave yo.
| |
| | Pro 4:15 | Pa fč sa, pa pran chemen sa yo menm. Refize fč tankou yo, fč chemen pa ou.
| |
| | Pro 4:16 | Mechan yo p'ap dňmi toutotan yo pa fč sa ki mal. Dňmi pa ka pran yo si yo pa rive fč sa yo vle fč a.
| |
| | Pro 4:17 | Se nan fč mechanste yo jwenn manje pou yo manje. Se nan fč moun mal yo jwenn diven pou yo bwč.
| |
| | Pro 4:18 | Chemen moun k'ap mache dwat yo tankou solčy k'ap leve. Chak lč, l'ap vin pi klere jouk li fin jou nčt.
| |
| | Pro 4:19 | Chemen moun mechan yo fč nwa kou lannwit. Yo pa ka wč sou kisa y'ap bite.
| |
| | Pro 4:20 | ś Pitit mwen, louvri lespri ou pou ou konprann byen sa m'ap di ou la a. Louvri zňrčy ou pou ou koute pawňl k'ap soti nan bouch mwen.
| |
| | Pro 4:21 | Pa janm kite yo soti devan je ou. Kenbe yo nan kč ou. Pa janm bliye yo.
| |
| | Pro 4:22 | Se lavi pou moun ki jwenn yo. Se lasante pou tout moun ki konprann yo.
| |
| | Pro 4:23 | Pase tout lňt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tčt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv.
| |
| | Pro 4:24 | Pa janm kite manti soti nan bouch ou, ni move pawňl, ni mo deplase.
| |
| | Pro 4:25 | Gade dwat devan ou. Kenbe je ou fikse sou chemen ki dwat devan ou lan.
| |
| | Pro 4:26 | Chache konnen byen sa w'ap fč. Konsa, tou sa w'ap fč ap mache byen pou ou.
| |
| | Pro 4:27 | Pa vire ni adwat ni agoch. Pa lage kň ou nan fč sa ki mal.
| |