All NT OTBook
Compare Texts
Psalms 1 Proverbs 30

Proverbs 31:1-31

Ecclesiastes 1 Ecclesiastes 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Pro 31:1
 
ś Men Pawňl wa Lemwčl, men konsčy manman l' te ba li:  
 
Pro 31:2
 
Kisa pou m' di ou, pitit mwen, pitit ki soti nan zantray mwen? Se mwen ki te mande Bondye pou l' ban mwen ou. Kisa pou m' di ou?  
 
Pro 31:3
 
Pa gaspiye kouray ou nan fanm. Veye zo ou ak fanm k'ap fč malč chčf yo.  
 
Pro 31:4
 
Lemwčl monchč, yon wa pa fčt pou nan bwč bweson. Chčf pa fčt pou nan bwč gwňg.  
 
Pro 31:5
 
Lč yo bwč konsa, yo bliye lňd yo te bay. Yo p'ap pran ka malere yo.  
 
Pro 31:6
 
Se moun ki dekouraje ak lavi ki tonbe nan gwňg. Se moun ki gen gwo lapenn nan kč yo ki lage kň yo nan bweson.  
 
Pro 31:7
 
Yo bwč pou yo bliye mizč yo, pou yo pa chonje lapenn yo.  
 
Pro 31:8
 
Louvri bouch ou pale pou moun ki pa ka pale pou tčt yo. Defann kňz moun ki san sekou yo.  
 
Pro 31:9
 
Pale pou yo. Pa fč patipri. Defann kňz malere yo ak endijan yo.  
 
Pro 31:10
 
ś Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lč li jwenn li, li gen plis valč pase yon boul lň.  
 
Pro 31:11
 
Mari l' mete tout konfyans li nan li. Tout bagay ap mache byen lakay li.  
 
Pro 31:12
 
Madanm lan p'ap janm aji mal ak mari l', l'ap pase tout lavi l' ap fč l' byen.  
 
Pro 31:13
 
Li chache lenn mouton ak fil swa, li travay yo fč twal ak men l'.  
 
Pro 31:14
 
Tankou bato k'ap pote machandiz, li al byen lwen chache manje mete nan kay la.  
 
Pro 31:15
 
Solčy poko leve, li gen tan sou pye l', l'ap pare manje pou moun nan kay la. L'ap di sčvant yo sa pou yo fč.  
 
Pro 31:16
 
Li fč lide sou yon tč, li achte l' ak lajan li fč ak men l'. Li fč jaden rezen sou li.  
 
Pro 31:17
 
Li mare ren l', li twouse manch rad li pou l' travay.  
 
Pro 31:18
 
Li santi zafč l' ap mache byen, li rete byen ta lannwit ap travay.  
 
Pro 31:19
 
Li file koton, li koud rad li.  
 
Pro 31:20
 
Li lonje men l' bay pňv. Li pran ka malere.  
 
Pro 31:21
 
Li pa pč fredi pou moun lakay li, paske tout moun gen rad cho pou mete sou yo.  
 
Pro 31:22
 
Li fč kouvčti lenn pou kabann yo. Tout rad li yo fčt ak twal wouj tise byen sere.  
 
Pro 31:23
 
Mari l', se yonn nan chčf fanmi lavil la. Tout moun lavil la ap nonmen non l' an byen.  
 
Pro 31:24
 
Madanm li fe rad pou l' vann, li fč bčl senti, li vann yo ak machann.  
 
Pro 31:25
 
Li gen anpil kouraj, tout moun respekte l', li pa pč denmen.  
 
Pro 31:26
 
Lč li louvri bouch li, se bon konsčy li bay. Li toujou gen bon pawňl nan bouch li.  
 
Pro 31:27
 
Li konnen vire tounen tout moun nan kay la. Li toujou gen yon bagay l'ap fč.  
 
Pro 31:28
 
Tout pitit li yo ap fč l' konpliman. Mari l' menm ap fč lwanj li.  
 
Pro 31:29
 
L'ap di: Mwen konnen anpil madanm. Men ou menm, nanpwen tankou ou!  
 
Pro 31:30
 
Bčl fanm pa di bon madanm pou sa. Bčl figi pa la pou lontan. Men, y'a fč lwanj yon fanm ki gen krentif pou Seyč a.  
 
Pro 31:31
 
Ba li sa ki pou li a. Lč y'a wč sa l' fč, se pou tout moun fč lwanj li.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Psalms 1Proverbs 301 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 Ecclesiastes 1Ecclesiastes 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards