| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Pro 2:1 | ś Pitit mwen, aprann sa m'ap moutre ou la a. Chache pou ou pa janm bliye sa mwen di ou fč a.
| |
| | Pro 2:2 | Se poutčt sa, louvri zňrčy ou pou ou tande sa moun ki gen sajčs ap di ou. Chache konprann yo.
| |
| | Pro 2:3 | Wi, pa janm sispann chache gen konesans. Mande pou ou gen bon konprann.
| |
| | Pro 2:4 | Kouri dčyč konesans tankou moun k'ap kouri dčyč lajan. Chache konesans tankou moun k'ap chache ja lajan.
| |
| | Pro 2:5 | Si ou fč tou sa, w'a konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye. W'a resi konnen ki moun Bondye ye.
| |
| | Pro 2:6 | Se Seyč a ki bay konesans. Pawňl ki soti nan bouch li bay lespri ak konprann.
| |
| | Pro 2:7 | Lč yon moun mache dwat, Seyč a ba li bon konsčy. Lč yon moun serye, li pwoteje l'.
| |
| | Pro 2:8 | Li pwoteje moun ki pa fč lenjistis. Li pran defans moun ki kenbe fčm nan sčvis li.
| |
| | Pro 2:9 | Si ou koute m', w'a konnen ki jan pou ou mennen bak ou byen, ki jan pou ou pa fč lenjistis. W'a konnen ki jan pou ou mache dwat nan lavi. W'a konnen tout bon bagay ou dwe fč.
| |
| | Pro 2:10 | ś Lč sa a, w'a gen bon konprann nan ou. W'a pran tout plezi ou nan konesans ou genyen.
| |
| | Pro 2:11 | Entčlijans ou p'ap kite anyen rive ou, konesans ou pral yon pwoteksyon pou ou.
| |
| | Pro 2:12 | Yo p'ap kite ou fč sa ki mal. Yo p'ap kite moun k'ap fč bčl diskou pou twonpe moun pwoche bň kote ou.
| |
| | Pro 2:13 | Moun sa yo, se moun ki kite chemen dwat la pou lage kň yo nan fčnwa.
| |
| | Pro 2:14 | Se moun ki pran plezi yo nan fč sa ki mal. Se moun ki kontan anpil pou wč mechanste lňt moun ap fč.
| |
| | Pro 2:15 | Ou pa janm konnen kote ou ye ak moun sa yo, tout kň yo se plan.
| |
| | Pro 2:16 | Entčlijans ou ak konesans ou va delivre ou anba fanm adiltč yo, anba fanm lňt peyi ki gen bčl pawňl dous pou pran tčt ou.
| |
| | Pro 2:17 | Fanm konsa se fanm k'ap twonpe mari yo, fanm ki bliye pwomčs yo te fč Bondye.
| |
| | Pro 2:18 | Si ou mete pye lakay yo, ou sou wout lanmň. Si ou ale lakay yo, ou pa lwen ale kote mň yo ye a.
| |
| | Pro 2:19 | Lakay yo, se antre pa soti. Pa gen lavi pou ou ankň!
| |
| | Pro 2:20 | Se poutčt sa, swiv egzanp moun debyen. Mache pye pou pye dčyč moun ki pa fč chemen kwochi.
| |
| | Pro 2:21 | Paske se moun k'ap mache dwat yo ki pral rete nan peyi a. Se moun serye yo ki pral la.
| |
| | Pro 2:22 | Men, Bondye ap disparčt mechan yo nan peyi a. L'ap rache moun k'ap fč sa ki mal yo tankou yo rache move zčb.
| |