| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Pro 15:1 | ś Yon bon repons dous ap kalme yon moun ki ankňlč. Men, si ou reponn li rčd, w'ap fč l' pi eksite.
| |
| | Pro 15:2 | ś Pawňl ki soti nan bouch moun ki gen bon konprann fč ou anvi konnen tou. Men, pawňl ki soti nan bouch moun san konprann, se pawňl san sans.
| |
| | Pro 15:3 | ś Je Seyč a toupatou, l'ap veye tout moun, bon kou mechan.
| |
| | Pro 15:4 | ś Bon pawňl yon zanmi bay lavi. Men, move pawňl demanbre.
| |
| | Pro 15:5 | ś Moun fou pa koute lč papa yo ap pale yo. Men, moun ki gen bon konprann koute lč y'ap rale zňrčy yo.
| |
| | Pro 15:6 | ś Moun ki mache dwat ap toujou gen sa yo bezwen an kantite lakay yo. Men, tou sa mechan yo genyen se tčt chaje pou yo.
| |
| | Pro 15:7 | ś Lč moun ki gen bon konprann yo ap pale, se konesans y'ap bay. Men, se pa menm bagay pou moun ki san konprann yo.
| |
| | Pro 15:8 | ś Seyč a pa ka sipňte lč mechan yo ap ofri bčt pou touye pou li. Men, sa fč l' plezi anpil lč moun k'ap mache dwat yo ap lapriyč nan pye l'.
| |
| | Pro 15:9 | ś Seyč a pa ka sipňte jan mechan yo ap viv la. Men, li renmen moun k'ap fč sa ki dwat devan li.
| |
| | Pro 15:10 | ś Moun ki fč sa ki mal mčt pare tann pinisyon yo. Men, moun ki pa ka sipňte pou yo pini yo pa lwen mouri.
| |
| | Pro 15:11 | ś Seyč a konnen sa k'ap pase nan twou san fon an ak nan peyi kote mň yo ye a. Ou pa bezwen mande si l' pa konnen sa k'ap pase nan kč moun.
| |
| | Pro 15:12 | ś Moun k'ap pase moun nan betiz pa renmen moun rale zňrčy yo. Yo pa janm mande moun ki gen bon konprann konsčy.
| |
| | Pro 15:13 | ś Lč kč ou kontan, yo wč sa sou figi ou. Lč ou nan lapenn, ou kagou.
| |
| | Pro 15:14 | ś Yon moun ki gen konprann toujou ap chache gen konesans. Men, moun sňt pran plezi nan pale koze san sans.
| |
| | Pro 15:15 | ś Lč ou nan lafliksyon, chak jou se pwoblčm. Men, lč kč ou kontan, lavi se yon fčt pou ou.
| |
| | Pro 15:16 | ś Pito ou pa gen anpil byen men ou gen krentif pou Bondye pase pou ou rich epi pou ou nan tčt chaje.
| |
| | Pro 15:17 | Pito ou manje mayi moulen blanch ak moun ki renmen ou pase pou ou manje vyann ou byen gra ak moun ki rayi ou.
| |
| | Pro 15:18 | ś Yon moun ki gen san wo toujou ap pouse dife. Men, moun ki pa fč kňlč fasil toujou ap mete lapč.
| |
| | Pro 15:19 | ś Lč ou parese, ou wč pwoblčm toupatou. Men, pou moun ki pa pč travay, pa gen pwoblčm ki pou rete l'.
| |
| | Pro 15:20 | ś Yon pitit byen elve fč kč papa l' kontan. Men, yon moun ki san konprann meprize manman l'.
| |
| | Pro 15:21 | ś Moun ki san konprann kontan lč y'ap aji tankou moun fou. Men, moun ki gen konprann ap toujou fč sa ki dwat.
| |
| | Pro 15:22 | ś Lč ou pa pran konsčy, plan travay ou p'ap mache. Lč ou pran konsčy nan men anpil moun, ou mčt sčten travay ou ap mache byen.
| |
| | Pro 15:23 | ś Ala kontan ou kontan lč ou jwenn yon bon repons pou ou bay! Ala bon sa bon lč ou jwenn yon pawňl ki tonbe daplon!
| |
| | Pro 15:24 | ś Moun ki gen konprann, se yon chemen moute y'ap swiv, chemen lavi a. Yo pa pran chemen desann, chemen lanmň a.
| |
| | Pro 15:25 | ś Seyč a ap disparčt moun awogan yo ansanm ak tout fanmi yo. Men, l'ap pwoteje kay fanm ki pčdi mari yo.
| |
| | Pro 15:26 | ś Seyč a pa ka sipňte lide mechan yo gen nan tčt yo. Men, sa fč l' plezi pou l' tande pawňl moun ki san repwňch.
| |
| | Pro 15:27 | ś Moun k'ap kouri dčyč lajan, se traka y'ap chache bay fanmi yo. Men, moun ki refize kite yo achte l' ap viv lontan.
| |
| | Pro 15:28 | ś Yon moun ki dwat kalkile anvan li bay repons. Men, mechan yo prese bay move pawňl.
| |
| | Pro 15:29 | ś Lč mechan yo ap lapriyč, Seyč a pa sou bň yo. Men, li pare zňrčy li pou l' koute sa moun ki mache dwat yo ap di l'.
| |
| | Pro 15:30 | ś Ou kontan lč ou wč moun ki kontan wč ou. Ou santi w'ap viv lč ou resevwa bon nouvčl.
| |
| | Pro 15:31 | ś Moun ki koute lč y'ap rale zňrčy yo pou byen yo va jwenn yon plas nan sosyete moun ki gen bon konprann.
| |
| | Pro 15:32 | ś Moun ki refize mache sou prigad yo rayi tčt yo. Men, moun ki asepte lč yo rale zňrčy yo ap vin gen plis konprann.
| |
| | Pro 15:33 | ś Lč ou gen krentif pou Bondye, ou deja konprann anpil bagay. Lč ou soumčt devan Bondye, moun va fč lwanj ou.
| |