All NT OTBook
Compare Texts
Psalms 1 Proverbs 12

Proverbs 13:1-25

Proverbs 14 Ecclesiastes 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Pro 13:1
 
ś Yon pitit gason ki gen bon konprann ap koute lč papa l' ap rale zňrčy li. Men, moun k'ap pase moun nan betiz p'ap janm koute lč y'ap fč l' obsčvasyon pou korije l'.  
 
Pro 13:2
 
ś Rekonpans yon moun chita sou sa li di ak bouch li. Men, moun ki ipokrit renmen fč mechanste.  
 
Pro 13:3
 
ś Veye pawňl ki soti nan bouch ou, w'a pwoteje lavi ou. Moun k'ap prese louvri bouch yo pale ap detwi pwňp tčt yo.  
 
Pro 13:4
 
ś Parese p'ap janm jwenn sa yo ta renmen genyen. Men, moun k'ap travay di ap jwenn tou sa yo ta renmen genyen.  
 
Pro 13:5
 
ś Moun k'ap mache dwat pa vle wč moun k'ap bay manti. Men, sa mechan yo ap fč a se yon wont, se yon dezonč pou tčt yo.  
 
Pro 13:6
 
ś Lč ou toujou fč sa ki byen, lajistis ap pwoteje ou. Men, peche lakňz mechan yo disparčt.  
 
Pro 13:7
 
ś Gen moun ki pa gen anyen men ki pran pňz moun rich yo. Gen moun ki pran pňz moun pňv yo, epi se yo ki gen fňtin.  
 
Pro 13:8
 
ś Yon moun rich sčvi ak lajan l' pou l' sove lavi l'. Moun ki pňv pa vle tande lč w'ap rele dčyč l'.  
 
Pro 13:9
 
ś Moun k'ap mache dwat yo tankou lanp k'ap klere byen klere. Men, mechan yo tankou yon lanp ki prčt pou mouri.  
 
Pro 13:10
 
ś Moun awogan yo toujou ap pouse dife. Men, moun ki koute konsčy, se moun ki gen bon konprann.  
 
Pro 13:11
 
ś Lajan ou fč fasil pa lwen fini. Lajan ou fč nan di ap toujou fč pitit.  
 
Pro 13:12
 
ś Lč ou pa jwenn sa ou t'ap tann lan, se bagay ki pou fč ou malad. Men, lč ou jwenn sa ou te anvi a, se lavi pou ou.  
 
Pro 13:13
 
ś Lč ou pa respekte pawňl ki nan lalwa Bondye a, se dčt ou fč. Men, moun ki fč sa lalwa mande yo fč a ap jwenn rekonpans yo.  
 
Pro 13:14
 
ś Sa moun ki gen bon konprann ap moutre a bay lavi. L'ap ede ou pou ou pa tonbe lč lavi ou an danje.  
 
Pro 13:15
 
ś Lč ou gen bon konprann, sa fč moun renmen ou. Men, lč moun pa ka fč ou konfyans, ou nan di.  
 
Pro 13:16
 
ś Tout moun ki gen konprann kalkile byen anvan yo fč yon bagay. Men, moun san konprann yo ap fč ou wč jan yo sňt.  
 
Pro 13:17
 
ś Yon move komisyonč ap mete moun nan ka. Men, yon komisyonč serye ap bay moun kč poze.  
 
Pro 13:18
 
ś Yon moun ki refize aprann ap toujou pňv, l'ap toujou wont. Men, y'ap respekte moun ki koute lč yo rale zňrčy yo.  
 
Pro 13:19
 
ś Ala bon sa bon lč ou jwenn sa ou te anvi a! Moun san konprann derefize kite move chemen yo pran an.  
 
Pro 13:20
 
ś Fč zanmi ak moun ki gen konesans, ou menm tou w'a vin gen konesans. Fč zanmi ak moun ki san konprann, ou nan pwoblčm.  
 
Pro 13:21
 
ś Malč ap pousib moun k'ap fč sa ki mal. Men, moun ki mache dwat ap jwenn bon rekonpans.  
 
Pro 13:22
 
ś Yon moun ki gen bon kč ap kite byen pou pitit pitit li. Men, richčs moun k'ap fč sa ki mal, se moun ki mache dwat yo k'ap jwi li.  
 
Pro 13:23
 
ś Jaden malere bay kont manje. Men, lenjistis fč l' mouri grangou.  
 
Pro 13:24
 
ś Si ou pč bat pitit gason ou, ou pa renmen l'. Si ou renmen l', se pou ou korije l'.  
 
Pro 13:25
 
ś Moun k'ap mache dwat toujou gen ase pou yo manje. Men, vant mechan yo pa janm plen.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Psalms 1Proverbs 121 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 Proverbs 14Ecclesiastes 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards