| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Pro 11:1 | ś Seyč a pa vle wč moun k'ap sčvi ak fo balans. Li kontan ak moun ki sčvi ak bon mezi.
| |
| | Pro 11:2 | ś Kote ki gen lňgčy wont pa lwen. Men, moun ki soumčt devan Bondye, se yo ki gen bon konprann.
| |
| | Pro 11:3 | ś Moun k'ap mache dwat yo konnen sa pou yo fč, paske se moun serye yo ye. Men, moun k'ap mache bay moun koutba, yo gen pou yo fini mal, paske se bakonyč yo ye.
| |
| | Pro 11:4 | ś Jou malč, richčs pa ka sčvi ou anyen. Men, si ou se moun serye, sa ka sove lavi ou.
| |
| | Pro 11:5 | ś Yon moun k'ap mache dwat ap viv san pwoblčm, paske li serye. Men, mechan yo ap tonbe nan pwňp pčlen mechanste yo.
| |
| | Pro 11:6 | Lč yon moun serye fč sa ki dwat, sa ap sove l'. Men, moun k'ap mache bay moun koutba, y'ap pran nan move jwčt y'ap fč a.
| |
| | Pro 11:7 | ś Lč yon mechan mouri, sa l' t'ap tann lan mouri ansanm avč l'. Konfyans li te mete nan byen li yo pa sčvi l' anyen.
| |
| | Pro 11:8 | ś Jou malč, moun ki mache dwat ap jwenn pwoteksyon. Sa ki pou ta rive l' la, se mechan an li rive.
| |
| | Pro 11:9 | ś Moun ki san respč pou Bondye ap touye moun ak lang yo. Men, konesans ap sove moun k'ap mache dwat yo.
| |
| | Pro 11:10 | ś Lč sa mache pou moun serye yo, tout moun lavil la gen kč kontan. Konsa tou, lč mechan yo mouri, se kontantman pou tout moun.
| |
| | Pro 11:11 | Se bčl bagay pou yon lavil lč li gen moun serye ladan l'. Men, mechan yo ap detwi l' ak lang yo.
| |
| | Pro 11:12 | ś Avili yon frč parčy ou, se bagay moun san konprann fč. Yon moun lespri konnen pou l' pe bouch li.
| |
| | Pro 11:13 | Moun k'ap mache fč tripotay mete tout sekrč deyň. Men, moun ki toujou kenbe pawňl yo, kč yo se kňfrefň.
| |
| | Pro 11:14 | ś Lč pa gen moun ki konn gouvčnen, peyi a pa ka mache. Men, lč gen anpil moun k'ap bay bon konsčy, peyi a sove.
| |
| | Pro 11:15 | ś Lč ou pwomčt pou ou peye dčt yon moun ou pa konnen, w'a gen pou rčgrčt sa pita. L'a pi bon pou ou si ou refize bay garanti pou yon lňt.
| |
| | Pro 11:16 | ś Tout moun va fč lwanj yon fanm ki gen bon karaktč. Konsa tou, gason ki gen kouraj nan travay ap jwenn ak kňb li.
| |
| | Pro 11:17 | ś Lč ou gen bon kč, se yon byen ou fč pou tčt ou. Men, moun ki san pitye yo, se tčt yo y'ap fč tň.
| |
| | Pro 11:18 | ś Mechan yo kwč y'ap fč benefis. Men, moun k'ap fč sa ki dwat yo toujou jwenn rekonpans yo.
| |
| | Pro 11:19 | ś Yon moun ki soti pou fč sa ki dwat ap toujou viv. Men, moun k'ap chache fč sa ki mal gen pou yo mouri.
| |
| | Pro 11:20 | ś Seyč a pa vle wč moun k'ap mache pye gaye. Men, li pran plezi l' ak moun k'ap mache dwat nan chemen yo.
| |
| | Pro 11:21 | ś Wč pa wč, yo gen pou yo pini mechan yo. Men, tout moun k'ap mache dwat yo ap sove.
| |
| | Pro 11:22 | ś Yon bčl fanm ki nan dezňd se yon bčl zanno lň nan nen kochon.
| |
| | Pro 11:23 | ś Lč moun k'ap mache dwat yo jwenn sa yo te vle a, se kontantman pou tout moun. Men, lč se mechan yo ki jwenn sa yo t'ap tann lan, sa pa fč pesonn plezi.
| |
| | Pro 11:24 | ś Moun ki bay san gad dčyč, sa pa anpeche yo vin pi rich. Men, moun ki penng, se pňv y'ap vin pi pňv.
| |
| | Pro 11:25 | ś Lč ou bay ak kč kontan, ou p'ap janm manke anyen. Lč ou manje ak moun, ou pa janm rete grangou.
| |
| | Pro 11:26 | ś Pčp la ap madichonnen moun k'ap sere manje nan depo pou pri a ka moute. Men, l'ap fč lwanj pou moun k'ap vann manje a nan mache.
| |
| | Pro 11:27 | ś Moun k'ap chache fč sa ki byen ap jwenn favč Bondye. Men, moun k'ap kouri dčyč malč, se malč ki pou rive l'.
| |
| | Pro 11:28 | ś Moun ki mete konfyans yo nan byen yo ap tonbe tankou fčy chčch. Men, moun k'ap mache dwat yo ap pouse tankou boujon.
| |
| | Pro 11:29 | ś Yon nonm ki mete dezňd nan fanmi li, lakňz madanm li ansanm ak tout pitit li yo nan tou sa ki pa bon. Moun san konprann ap toujou esklav moun ki gen bon konprann.
| |
| | Pro 11:30 | ś Lč ou mache dwat, sa fč moun viv. Lč ou gen bon konprann, ou sove lňt moun.
| |
| | Pro 11:31 | ś Gade! Moun ki mache dwat jwenn rekonpans yo isit sou latč. Men, nou pa bezwen mande si moun k'ap fč mechanste ak moun k'ap viv nan peche p'ap jwenn ak pa yo tou!
| |