All NT OTBook
Compare Texts
Psalms 1 Psalms 150

Proverbs 1:1-33

Proverbs 2 Ecclesiastes 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Pro 1:1
 
ś Men pwovčb Salomon, pitit David la, ki te wa peyi Izrayčl.  
 
Pro 1:2
 
Pwovčb sa yo la pou fč moun konnen sa ki rele gen sajčs ak bon levasyon, pou yo konprann lč moun lespri ap pale ak yo.  
 
Pro 1:3
 
Pwovčb sa yo la tou pou moutre moun jan pou yo viv avčk konprann, pou yo gen bon kondit, pou yo pa fč lenjistis, pou yo mache dwat nan lavi.  
 
Pro 1:4
 
Y'ap louvri lespri moun ki manke konprann, y'ap bay jenn gason yo konesans ak konprann.  
 
Pro 1:5
 
Se pou moun ki gen konesans koute sa ki nan pwovčb yo, pou yo ka mete sou sa yo konnen deja. Se pou moun ki gen lespri koute sa ki nan pwovčb yo, pou yo ka konnen ki jan pou yo mennen bak yo pi byen,  
 
Pro 1:6
 
konsa, y'a ka konprann sans tout pwovčb ak tout parabňl, sans tout pawňl k'ap soti nan bouch moun ki gen bon konprann yo ak koze tout moun pa ka konprann.  
 
Pro 1:7
 
ś Lč ou gen krentif pou Bondye, se lč sa a ou konmanse gen konesans. Moun fou pa konn valč sa yo rele gen konesans, yo refize aprann.  
 
Pro 1:8
 
Pitit mwen, koute papa ou non lč l'ap ba ou bon levasyon! Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou!  
 
Pro 1:9
 
Menm jan bčl foula mare nan tčt ak kolye pase nan kou bay pi bčl aparans, konsa tou konsčy papa ou ak manman ou ap fč anpil pou ou.  
 
Pro 1:10
 
ś Pitit mwen, lč moun k'ap fč sa ki mal vle detounen ou, pa kite yo pran tčt ou.  
 
Pro 1:11
 
Si yo di ou: Vini ak nou non! Ann anbiske kň nou pou n' touye moun. Ann pare pčlen pou nou pran inonsan yo, san yo pa gen anyen ak nou.  
 
Pro 1:12
 
Ann vale yo tou vivan, tankou simityč ki pa janm refize mň. Ann vale yo tout ankč tankou kadav y'ap antere.  
 
Pro 1:13
 
N'a jwenn tout kalite gwo richčs, n'a plen kay nou ak tout bagay n'a pran.  
 
Pro 1:14
 
W'a jwenn pa ou nan tou sa n'a pran. Va gen yon sčl kčs pou nou tout.  
 
Pro 1:15
 
Pitit mwen, pa mache avčk moun konsa! Pa mete pye ou kote moun sa yo pase!  
 
Pro 1:16
 
Yo toujou dčyč pou fč sa ki mal. Pou ti krik ti krak, yo mete san deyň.  
 
Pro 1:17
 
Kisa ou konprann ou fč lč ou kite zwezo wč ou ap tann pčlen pou li?  
 
Pro 1:18
 
Se konsa moun sa yo pran nan pčlen yo menm yo pare a. Yo tonbe nan pyčj yo mete a, yo mouri.  
 
Pro 1:19
 
Nan chache genyen sa ki pa pou ou, se ou ki lakňz malč rive ou. Se sa menm ki pou rive tout moun ki pa wč pase vňlň.  
 
Pro 1:20
 
ś Koute byen. Sajčs ap rele nan lari, l'ap pale byen fň sou plas piblik.  
 
Pro 1:21
 
L'ap rele nan tout kalfou, nan pňtay lavil yo, toupatou kote tout moun ka tande.  
 
Pro 1:22
 
L'ap di: Bann egare! Kilč n'a sispann renmen fč tenten? Kilč n'a sispann pran plezi nou nan pase tout bagay nan betiz? Kilč moun fou yo va soti pou yo aprann?  
 
Pro 1:23
 
Se pou n' koute m' lč m'ap rale zňrčy nou. M'ap di nou tou sa ki nan tčt mwen, m'ap fč nou konnen tou sa m' konnen.  
 
Pro 1:24
 
Ki jan nou ye konsa? Mwen rele nou, nou fč tankou nou pa tande m'. Mwen lonje men ban nou, nou fč tankou nou pa wč m'.  
 
Pro 1:25
 
Anhan! Se konsa sa ye? Nou voye tout konsčy mwen te ban nou yo jete byen lwen nou. Nou refize kite m' korije nou.  
 
Pro 1:26
 
Konsa, lč n'a nan ka, m'a ri nou. Lč malč va fč nou tranble, m'a pase nou nan rizib.  
 
Pro 1:27
 
Lč malč va tonbe sou nou tankou yon van siklňn, lč tray va pase sou nou tankou yon toubouyon, lč lapenn ak kč sere va pran nou,  
 
Pro 1:28
 
le sa a, n'a rele m', mwen menm yo rele sajčs, men mwen p'ap reponn nou. N'a mache chache m' toupatou, men nou p'ap jwenn mwen.  
 
Pro 1:29
 
Nou pa t' vle wč konesans, nou te toujou refize gen krentif pou Bondye.  
 
Pro 1:30
 
Nou pa t' janm vle koute konsčy m' t'ap ban nou, nou te toujou derefize koute m' lč m' t'ap korije nou.  
 
Pro 1:31
 
Se pou nou rekňlte sa nou te simen an. Se pou nou sibi konsekans vye konsčy nou t'ap swiv yo.  
 
Pro 1:32
 
Moun ki san esperyans yo mouri paske yo refize aprann. Bann moun fou yo menm, yo pa pran anyen pou anyen, se sa k'ap pčdi yo tou.  
 
Pro 1:33
 
Men, moun ki koute sa m' di yo jwenn lasirans, y'a viv ak kč poze, yo p'ap bezwen pč anyen.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Psalms 1Psalms 1501 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 Proverbs 2Ecclesiastes 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards