All NT OTBook
Compare Texts
Genesis 1 Exodus 6

Exodus 7:1-25

Exodus 8 Leviticus 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Exd 7:1
 
ś Seyč a di Moyiz konsa: -Gade! Mwen pral fč ou tounen Bondye pou farawon an. Arawon, frč ou la, pral pale avč l' pou ou tankou yon pwofčt.  
 
Exd 7:2
 
W'a di Arawon tou sa mwen te ba ou lňd di. Li menm, l'a repete l' bay farawon an pou farawon an voye pitit Izrayčl yo pati kite peyi a.  
 
Exd 7:3
 
Mwen menm menm, m'ap fč farawon an fč tčt di. Konsa, m'a fč plis mirak ak plis mčvčy toujou nan peyi Lejip la.  
 
Exd 7:4
 
Farawon an p'ap koute nou. Lč sa a, m'a frape peyi Lejip la. m'a pini l' byen pini. m'a pran pitit Izrayčl yo, sňlda mwen yo, pčp mwen an, m'ap fč yo soti kite peyi Lejip.  
 
Exd 7:5
 
Lč m'a frape peyi Lejip, lč m'a fč pitit Izrayčl yo soti nan mitan yo, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm menm ki Seyč a vre.  
 
Exd 7:6
 
Moyiz ak Arawon te fč tou sa Seyč a te ba yo lňd fč. Wi, yo fč tou sa li te di yo fč a.  
 
Exd 7:7
 
Moyiz te gen katrevenzan, Arawon te gen katreventwazan lč yo t al pale ak farawon an.  
 
Exd 7:8
 
ś Seyč a di Moyiz ak Arawon konsa:  
 
Exd 7:9
 
-Si farawon an mande nou fč yon mirak pou moutre ki moun nou ye, ou menm Moyiz w'a di Arawon pran baton l' lan, voye l' atč devan farawon an. Baton an va tounen yon koulčv.  
 
Exd 7:10
 
Moyiz ak Arawon al bň kote farawon an. Yo fč sa Seyč a te ba yo lňd fč a. Arawon voye baton l' lan devan farawon an ak devan tout moun farawon yo. Baton an tounen yon koulčv.  
 
Exd 7:11
 
Men farawon an rele nčg save l' yo ak divinň l' yo. Yo menm tou, avčk maji yo, yo te rive fč menm bagay la tou.  
 
Exd 7:12
 
Yo voye baton pa yo atč, baton yo tounen koulčv tou. Men, baton Arawon an vale tout lňt baton yo.  
 
Exd 7:13
 
Farawon an t'ap fč tčt di toujou. Li pa t' vle koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyč a te di a.  
 
Exd 7:14
 
ś Seyč a di Moyiz konsa: -Farawon an ap fč tčt di toujou. Li pa vle kite pčp la ale.  
 
Exd 7:15
 
Ale bň kote farawon an denmen maten, lč li pral soti pou l' al bň gwo larivyč Nil la. Al tann li bň larivyč a. Baton ki te tounen koulčv la, w'a kenbe l' nan men ou.  
 
Exd 7:16
 
W'a di farawon an: Seyč a, Bondye ebre yo, te voye m' di ou konsa kite pčp li a ale pou yo ka fč yon sčvis pou li nan dezč a. Men, jouk koulye a ou pa vle koute l'.  
 
Exd 7:17
 
Jňdi a, men sa Seyč a di: mwen pral fč ou konnen se mwen menm ki Seyč a. Mwen pral frape dlo gwo larivyč a avčk baton ki nan men m' lan, dlo a pral tounen san.  
 
Exd 7:18
 
Tout pwason yo pral mouri, dlo a pral santi move, moun peyi Lejip yo p'ap ka bwč dlo ladan li ankň.  
 
Exd 7:19
 
Seyč a di Moyiz ankň: -Di Arawon pran baton l' lan, lonje l' sou tout dlo ki nan peyi Lejip la: larivyč, kannal, letan, m'a dlo, wi, sou tout dlo ki genyen. Dlo yo va tounen san. Konsa va gen san sou tout peyi a, menm nan ganmčl yo ak nan kannari yo.  
 
Exd 7:20
 
Moyiz ak Arawon fč sa Seyč a te ba yo lňd fč a. Arawon leve baton l' lan, li frape dlo gwo larivyč a devan farawon an ak devan tout moun farawon yo. Tout dlo gwo larivyč a tounen san.  
 
Exd 7:21
 
Tout pwason nan larivyč a mouri. Dlo a vin santi move. Moun peyi Lejip yo pa t' kapab pran dlo ladan l' pou yo bwč ankň. Te gen san toupatou nan peyi a.  
 
Exd 7:22
 
Men, majisyen peyi Lejip yo te rive fč menm bagay la tou avčk maji yo. Farawon an menm t'ap fč tčt di pi rčd. Li pa koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyč a te di a.  
 
Exd 7:23
 
Farawon an vire do ba yo, l' al lakay li tankou si anyen pa t' rive.  
 
Exd 7:24
 
Moun peyi Lejip yo pran fouye twou sou bň gwo larivyč a pou yo te ka jwenn dlo prňp pou yo bwč, paske yo pa t' kapab bwč dlo gwo larivyč a.  
 
Exd 7:25
 
Apre Seyč a te fin frape gwo larivyč a, li kite sčt jou pase.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Genesis 1Exodus 61 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 35 Exodus 8Leviticus 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards