All NT OTBook
Compare Texts
Genesis 1 Exodus 4

Exodus 5:1-23

Exodus 6 Leviticus 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Exd 5:1
 
ś Apre sa, Moyiz ak Arawon ale bň kote farawon an. Yo di l' konsa: -Men sa Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la, voye di ou: Kite pčp mwen an ale pou yo ka fč yon fčt pou mwen nan dezč a.  
 
Exd 5:2
 
Farawon an reponn: -Kilčs ki Seyč a pou m' ta swiv lňd li, pou m' kite pčp Izrayčl la ale? Mwen pa konnen Seyč sa a. Mwen p'ap kite pčp Izrayčl la al ankenn kote.  
 
Exd 5:3
 
ś Moyiz ak Arawon di l': -Bondye ebre yo te parčt devan nou. Tanpri, kite n al fč yon ti vwayaj nan dezč a. Lč n'a fin mache pandan twa jou, n'a rete pou n' touye bčt n'ap ofri bay Seyč a, Bondye nou an. Si nou pa fč sa, l'a voye move maladi sou nou, osinon l'a fč nou mouri nan lagč.  
 
Exd 5:4
 
Wa Lejip la di Moyiz ak Arawon: -Poukisa nou vle fč pčp la kite travay li? Tounen nan travay nou!  
 
Exd 5:5
 
Farawon an di ankň: -Gade. Nou wč jan pčp sa a vin pi plis pase moun peyi a. Koulye a atň, nou ta vle pou yo kite travay yo?  
 
Exd 5:6
 
Menm jou sa a, farawon an rele moun peyi Lejip ki te chčf kňve yo ansanm ak moun pčp Izrayčl ki te fňmann yo, li ba yo lňd sa a:  
 
Exd 5:7
 
-Pa janm bay moun sa yo pay ankň pou yo fč brik, jan nou te konn fč l' la. Se yo menm ki pou al ranmase pay yo bezwen.  
 
Exd 5:8
 
Men, se pou yo founi menm valč brik yo te konn bay anvan an, san manke yonn. Se yon bann parese yo ye. Se poutčt sa y'ap kriye, y'ap di: O wi, ann al ofri bčt pou nou touye bay Bondye nou an.  
 
Exd 5:9
 
Fč yo travay pi rčd. Pa kite yo poze menm. Konsa yo p'ap gen tan pou yo koute tout radňt moun ap vin di yo.  
 
Exd 5:10
 
ś Chčf kňve yo ak fňmann yo vin di pčp la: -Men sa farawon an voye di nou: Li p'ap ban nou pay ankň.  
 
Exd 5:11
 
Se nou menm ki pou al ranmase pay kote nou ka jwenn. Men, se toujou menm valč brik la pou nou bay.  
 
Exd 5:12
 
Se konsa, pčp la gaye toupatou nan peyi Lejip ap chache zčb pou fč pay.  
 
Exd 5:13
 
Chčf kňve yo te dčyč yo tout tan, yo t'ap di yo: -Se pou nou fč menm valč brik chak jou menm jan ak lč yo te konn ban nou pay la.  
 
Exd 5:14
 
Chčf kňve farawon yo te mete kčk moun pčp Izrayčl pou sčvi fňmann. Ata fňmann sa yo te anba makak tou. Chčf kňve yo t'ap mande yo: -Poukisa ni ayč ni jňdi a, nou pa t' bay menm valč brik nou te konn fč anvan an?  
 
Exd 5:15
 
ś Lč sa a, fňmann yo ki te menm ras ak moun pčp Izrayčl yo t al plenyen bay farawon an. Yo di l': -Monwa, poukisa ou fč moun k'ap sčvi ou yo sa?  
 
Exd 5:16
 
Yo pa ban nou pay ankň. Atousa, se tout tan y'ap mande nou pou nou fč brik. Lčfini, yo mete nou anba makak. Men, se moun pa ou yo ki antň wi, monwa.  
 
Exd 5:17
 
Farawon an reponn yo: -Se yon bann parese nou ye. Se poutčt sa n'ap di: O wi, kite n al ofri bčt pou nou touye bay Seyč a.  
 
Exd 5:18
 
Al nan pye travay nou, tande! Yo p'ap ban nou pay ankň. Degaje nou bay menm kantite brik la.  
 
Exd 5:19
 
Fňmann yo ki te menm ras ak moun pčp Izrayčl yo vin wč yo te nan yon move sitiyasyon lč yo mande yo pou yo fč menm valč brik yo te konn fč a chak jou, san manke yonn.  
 
Exd 5:20
 
Antan y'ap soti kay farawon an, yo kontre Moyiz ak Arawon ki t'ap tann yo.  
 
Exd 5:21
 
Yo di yo: -Se pou Seyč a wč sa nou fč la a. Se pou l' pini nou. Paske se nou menm ki lakňz ni farawon an ni moun k'ap sčvi l' yo pa vle wč pčp Izrayčl la. Nou mete yon nepe nan men yo pou yo fini ak pčp la.  
 
Exd 5:22
 
Lč sa a, Moyiz tounen al jwenn Seyč a ankň, li di l': -Seyč, poukisa w'ap maltrete pčp la konsa? Poukisa ou te voye m'?  
 
Exd 5:23
 
Depi menm lč mwen t al bň kote farawon an pou m' pale avč l' pou ou a, se maltrete l'ap maltrete pčp ou a. Epi ou pa fč anyen pou delivre pčp la.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Genesis 1Exodus 41 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 35 Exodus 6Leviticus 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards