All NT OTBook
Compare Texts
Genesis 1 Exodus 34

Exodus 35:1-35

Exodus 36 Leviticus 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Exd 35:1
 
ś Moyiz sanble tout pčp Izrayčl la, li di yo: -Men sa Seyč a bay lňd pou nou fč.  
 
Exd 35:2
 
N'a travay sis jou, men se pou nou mete setyčm jou a apa pou Bondye, se jou repo ki apa nčt pou Seyč a. Si yon moun fč nenpňt ki travay jou sa a, se pou yo touye l'.  
 
Exd 35:3
 
Ata dife piga nou limen nan ankenn kay jou repo a.  
 
Exd 35:4
 
Moyiz pale ak tout pčp Izrayčl la ki te sanble, li di yo: -Men sa Seyč a ban nou lňd fč:  
 
Exd 35:5
 
Se pou nou pran nan sa nou genyen pou fč ofrann pou Seyč a. Tout moun ki vle bay ak tout kč yo pou fč yon ofrann pou Seyč a va fč l'. y'a pote lň, ajan ak kwiv,  
 
Exd 35:6
 
bon twal siperyč koulč violčt, ble ak wouj, twal fen blan ak twal pwčs fčt ak pwal kabrit,  
 
Exd 35:7
 
po belye tenn koulč wouj, po bazann, ak bwa zakasya,  
 
Exd 35:8
 
lwil pou lanp sčt branch lan, epis santi bon pou mete nan lwil yo sčvi pou mete moun apa pou Bondye a ak nan lansan an,  
 
Exd 35:9
 
pyč oniks ak lňt pyč pou gani jile ak plastwon prčt la.  
 
Exd 35:10
 
Se pou tout moun pami nou ki gen ladrčs vin jwenn mwen pou yo fč travay Seyč a bay lňd fč a:  
 
Exd 35:11
 
kay Bondye a avčk tant lan, twati li, kwňk li yo, ankadreman li yo, travčs li yo, poto li yo ak tout sipň yo,  
 
Exd 35:12
 
Bwat kontra a ak manch li yo, kouvčti bwat la, ak rido pou kache bwat la,  
 
Exd 35:13
 
tab la avčk manch li yo ansanm ak tout bagay pou sčvi ak li, ak pen yo ofri bay Bondye a tou,  
 
Exd 35:14
 
gwo lanp sčt branch lan ak tout bagay ki sčvi avč l' yo, tčt lanp yo ak lwil pou lanp yo,  
 
Exd 35:15
 
lňtčl pou boule lansan an ak tout manch li yo, lwil yo sčvi pou mete moun apa pou sčvis Bondye a, lansan santi bon, rido pou fčmen kote yo antre nan tant lan,  
 
Exd 35:16
 
lňtčl pou boule nan dife bčt yo ofri bay Bondye, avčk griyaj an kwiv li a, ak tout manch li yo ak tout bagay ki pou sčvi avč l' yo, basen lan ak tout pye li,  
 
Exd 35:17
 
rido pou galeri a ak poto l' yo ak tout sipň yo, rido pou fčmen kote pou yo antre nan galeri a,  
 
Exd 35:18
 
dis pikčt ak tout kňd pou tant lan ak galeri a,  
 
Exd 35:19
 
bčl rad seremoni pou prčt yo mete sou yo lč y'ap fč sčvis nan kote ki apa pou Bondye a, rad pou Arawon, prčt la, ak rad pou pitit gason l' yo lč y'ap fč travay prčt yo.  
 
Exd 35:20
 
ś Lč Moyiz fin di yo sa, tout pčp Izrayčl la al lakay yo.  
 
Exd 35:21
 
Apre sa, tout moun ki te soti pou bay ak tout kč yo, ki te vle fč ofrann, tounen vin jwenn li. Yo te pran nan sa yo genyen, yo pote ofri bay Seyč a pou fč Tant Randevou a, pou fč tout bagay yo bezwen pou sčvis li ansanm ak rad seremoni yo.  
 
Exd 35:22
 
Tout moun ki te soti pou bay ak tout kč yo pou fč ofrann, fanm kou gason, yo vini, yo pote zanno, bag, kolye, braslč ak tout kalite bijou an lň. Chak moun te pote bijou an lň yo te mete apa pou Bondye.  
 
Exd 35:23
 
Tout moun ki te gen bon twal siperyč koulč ble, koule violčt osinon koulč wouj, twal fen blan, twal pwčs fčt ak pwal kabrit, po belye tenn koulč wouj, ou ankň po bazann, tout moun ki te gen bagay sa yo lakay yo pote yo vini.  
 
Exd 35:24
 
Tout moun ki te vle ofri ajan ak kwiv devan Seyč a, yo te pote l', yo te leve l' devan Seyč a. Tout moun ki te gen bwa zakasya lakay yo ki te ka sčvi nan travay la te pote l'.  
 
Exd 35:25
 
Tout fanm ki te gen ladrčs te file fil koulč ble, violčt ak wouj, ak twal fen koulč blan, epi yo pote yo vini.  
 
Exd 35:26
 
Tout fanm ki te soti pou fč kichňy ak tout kč yo te fč twal pwčs ak pwal kabrit, yo pote yo vini tou.  
 
Exd 35:27
 
Chčf yo menm te pote pyč oniks ak lňt pyč pou yo gani jile ak plastwon prčt la,  
 
Exd 35:28
 
ansanm ak epis santi bon ak lwil pou lanp sčt branch lan, lwil yo sčvi pou mete moun apa pou Bondye, ak lansan santi bon.  
 
Exd 35:29
 
Se konsa tout moun pčp Izrayčl ki te soti pou bay kichňy ak tout kč yo pou travay Seyč a te di Moyiz ba yo lňd fč a, fanm kou gason, yo te pote ofrann yo te vle fč bay Seyč a.  
 
Exd 35:30
 
ś Moyiz di pčp Izrayčl la: -Gade. Seyč a chwazi Bezaleyčl, pitit Ouri a, pitit pitit Our, nan branch fanmi Jida a.  
 
Exd 35:31
 
Li mete lespri l' sou li an kantite pou l' ba li ladrčs, konesans ak bon konprann pou l' fč tout kalite travay atizan yo konn fč a,  
 
Exd 35:32
 
pou l' konn fč bčl desen, pou l' fč travay an lň, an ajan ak an kwiv,  
 
Exd 35:33
 
pou l' travay pyč tankou ňfčv yo konn fč a, epi pou l' konn moute yo, pou l' travay bwa, pou l' ka fč tout kalite travay atizan konn fč.  
 
Exd 35:34
 
Bondye ba li don pou l' moutre lňt moun metye sa yo. Se menm jan an tou pou Owoliyab, pitit Ayisamak, nan branch fanmi Dann lan.  
 
Exd 35:35
 
Seyč a ba yo konesans ak ladrčs pou yo ka fč tout kalite travay atizan ka fč, desen sou bwa, bon twal koulč ble, violčt ak wouj, twal fen blan. Wi, li ba yo ladrčs pou yo ka fč tout metye, pou yo ka fč tout kalite bčl bagay.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Genesis 1Exodus 346 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 35 36 37 38 39 40 Exodus 36Leviticus 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards