| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Exd 34:1 | ś Seyč a di Moyiz konsa: -Taye de rňch plat tankou de premye yo. m'a ekri sou yo tout pawňl ki te sou premye rňch ou te kraze yo.
| |
| | Exd 34:2 | Pare ou byen bonč denmen maten. W'a moute sou mňn Sinayi a. Vin jwenn mwen la sou tčt mňn lan.
| |
| | Exd 34:3 | Pa kite pesonn moute avč ou. Pa kite pesonn parčt sou mňn lan. Ata mouton ak bčf pa pou vin manje twň pre mňn lan.
| |
| | Exd 34:4 | Moyiz taye de rňch plat tankou de premye yo. Nan denmen maten byen bonč, li moute sou mňn Sinayi a ak de rňch plat yo nan men l' jan Seyč a te ba li lňd la.
| |
| | Exd 34:5 | ś Seyč a desann nan yon nwaj, li kanpe la toupre Moyiz. Li fč l' konnen se li menm yo rele Seyč a.
| |
| | Exd 34:6 | Seyč a pase devan Moyiz, li pale byen fň, li di: -Seyč a, Seyč a se yon Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kč. Li pa fč kňlč fasil, li p'ap janm sispann renmen, l'ap toujou kenbe pawňl li.
| |
| | Exd 34:7 | L'ap kenbe pwomčs li pou tout tan jouk sou mil jenerasyon, de pitit an pitit. L'ap toujou padonnen sa nou fč ki mal, sa nou te dwe fč nou pa fč, ak peche nou yo. Men, li pa nan kase fčy kouvri sa. Lč yon moun fč yon peche, l'ap pini pitit li yo, pitit pitit li yo ak pitit pitit pitit li yo pou sa li fč a, jouk sou twazyčm ak katriyčm jenerasyon.
| |
| | Exd 34:8 | Lamenm, Moyiz prese bese tčt li byen ba jouk atč, li adore Bondye.
| |
| | Exd 34:9 | Li di: -Seyč! Si ou kontan m' vre, tanpri, mache avč nou non! Pčp sa a, se yon bann moun ki gen tčt di, se vre. Men, padonnen fňt nou yo ak peche nou yo. Asepte nou pou moun ki rele ou pa ou.
| |
| | Exd 34:10 | ś Seyč a reponn: -Mwen pral fč yon kontra avčk nou. Devan tout pčp la, mwen pral fč gwo bčl bagay, bčl bagay ankenn peyi sou latč ni ankenn nasyon poko janm wč. Konsa, tout pčp ki avč ou yo pral wč travay Seyč a ka fč, paske mwen pral sčvi avč ou pou m' fč yon bagay estraňdinč.
| |
| | Exd 34:11 | Se pou ou swiv tout kňmandman mwen ba ou jňdi a. M'ap mete moun Amori yo deyň, ansanm ak tout moun Kanaran yo, tout moun Et yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo, pou yo fč plas pou nou.
| |
| | Exd 34:12 | Pran prekosyon nou pou nou pa antre nan ankenn konfyolo ak moun ki rete nan peyi kote nou prale a, paske sa ka tounen yon pčlen pou nou.
| |
| | Exd 34:13 | Okontrč, se pou nou kraze lňtčl yo, dechouke tout vye rňch moniman yo te kanpe. Koupe tout poto bwa yo te plante pou zidňl yo.
| |
| | Exd 34:14 | Nou pa fčt pou nou sčvi lňt bondye paske mwen menm, Seyč a, yo rele m' Bondye ki fč jalouzi. Mwen se yon Bondye ki fč jalouzi anpil.
| |
| | Exd 34:15 | Pa antre nan ankenn konfyolo ak moun ki rete nan peyi a, paske lč y'ap sčvi bondye yo, lč y'ap touye bčt pou yo, sa y'ap fč a se menm bagay ak fanm k'ap fč jennčs. Lč sa a y'a konprann pou yo vin envite nou. Konsa nou ka tonbe nan manje vyann bčt yo te ofri bay zidňl yo.
| |
| | Exd 34:16 | Konsa konsa, yon lč n'a pran pitit fi moun sa yo pou madanm pitit gason nou yo. Lč pitit fi yo menm va lage kň yo nan sčvis lňt bondye yo, yo ka pran tčt pitit gason nou yo, fč yo vire do ban mwen pou y al sčvi bondye pa yo a, tankou lč yon nonm kite madanm li pou l' al dčyč lňt fanm.
| |
| | Exd 34:17 | Piga ou janm fonn metal pou fč estati ki pou sčvi ou bondye.
| |
| | Exd 34:18 | ś Se pou ou toujou fete fčt pen san ledven an. Pandan sčt jou nan mwa Abib la, nou va manje pen san ledven, jan mwen te ban nou lňd la, paske se nan mwa sa a nou te soti kite peyi Lejip.
| |
| | Exd 34:19 | Tout premye pitit gason se pou mwen yo ye. Konsa tou, tout bčt, kit se bčf, kit se mouton, kit se kabrit, premye pitit mal yo fč, se pou mwen yo ye tou.
| |
| | Exd 34:20 | Men, lč yon manman bourik fč premye pitit mal li, nou ka achte l' nan men m'. N'a ban mwen yon mouton pou li. Si nou pa vle peye pou li, se pou nou kase kou l'. Konsa tou, nou va achte nan men m' tout premye pitit gason gason nou yo va fč. N'a ban mwen kichňy pou yo. Piga pesonn janm parčt devan mwen de men l' vid.
| |
| | Exd 34:21 | W'a travay sis jou. Men setyčm jou a, se pou ou sispann travay, te mčt nan sezon plante osinon nan sezon rekňt.
| |
| | Exd 34:22 | W'a fete fčt Senmenn yo, fčt premye grap ble ou koupe lč rekňt la. Lčfini, nan fen lanne a w'a fete fčt Rekňt la.
| |
| | Exd 34:23 | Twa fwa chak lanne, tout gason ki nan mitan nou gen pou parčt devan mwen, Seyč sel Mčt la, Bondye pčp Izrayčl la.
| |
| | Exd 34:24 | Lč m'a fin mete lňt nasyon yo deyň pou fč plas pou nou, lč m'a fin laji teritwa nou an, pesonn p'ap gen lanbisyon pou yo seye vin pran peyi a nan men nou lč n'a moute chak lanne pou parčt devan mwen menm, Seyč a, Bondye nou an, pou fete twa fčt sa yo.
| |
| | Exd 34:25 | Lč n'ap touye yon bčt pou ofri l' ban mwen, piga nou janm sčvi ak pen ki fčt ak ledven. Lč fčt Delivrans lan menm, piga nou kite ankenn vyann bčt yo touye pou fčt la rete pou denmen maten.
| |
| | Exd 34:26 | N'a pran pi bčl fwi nan premye rekňt jaden nou yo, n'a pote yo bay Seyč a, Seyč nou an, lakay li. Piga ou janm kwit yon ti mouton nan lčt manman l'.
| |
| | Exd 34:27 | Seyč a di Moyiz ankň: -Ekri tout pawňl sa yo, paske se dapre pawňl sa yo m'ap siyen kontra m' lan avč ou ansanm avčk pčp Izrayčl la.
| |
| | Exd 34:28 | ś Moyiz te rete la avčk Seyč a pandan karant jou karant nwit. Li pase tout jou sa yo san manje san bwč. Li te ekri tout pawňl kontra a sou rňch plat yo. Se te dis kňmandman yo.
| |
| | Exd 34:29 | Lč Moyiz desann soti sou mňn Sinayi a, li t'ap pote de rňch plat yo nan men l'. Men, gen yon bagay li pa t' konnen. Lč li t'ap pale ak Seyč a, figi l' te vin klere byen bčl.
| |
| | Exd 34:30 | Arawon ak tout pčp la t'ap gade Moyiz, yo we jan figi l' te klere, yo te pč pwoche bň kote l'.
| |
| | Exd 34:31 | Men Moyiz rele yo. Arawon vin jwenn li ansanm ak tout chčf pčp la. Moyiz pale ak yo.
| |
| | Exd 34:32 | Apre sa, tout rčs pčp Izrayčl la pwoche, epi Moyiz ba yo tout lňd li te resevwa nan men Seyč a sou mňn Sinayi a.
| |
| | Exd 34:33 | Lč Moyiz fin pale ak yo, li kouvri figi li ak yon twal.
| |
| | Exd 34:34 | Chak fwa Moyiz antre nan tant lan devan Seyč a pou pale avč l', li toujou wete twal la jouk li soti deyň ankň. Lč l' soti, li rakonte pčp Izrayčl la tou sa Seyč a te ba li lňd di yo.
| |
| | Exd 34:35 | Lč konsa, moun pčp Izrayčl yo gade, yo wč figi Moyiz te klere byen bčl. Apre sa, Moyiz remete twal la sou figi l' ankň, pou jouk lč li antre ankň pou l' pale ak Seyč a.
| |