| | Exd 3:8 | Mwen desann pou m' vin delivre yo anba men moun peyi Lejip yo, pou m' fč yo soti nan peyi Lejip la, pou m' mennen yo nan yon gwo peyi ki gen bon tč, yon peyi kote lčt ak siwo myčl koule tankou dlo. Se la moun Kanaran yo rete ansanm ak moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.
| |