All NT OTBook
Compare Texts
Genesis 1 Exodus 25

Exodus 26:1-37

Exodus 27 Leviticus 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Exd 26:1
 
ś N'a fč tant kote pou Bondye rete a ak dis lčz twal fen blan tise byen sere, ansanm ak lenn koulč ble, violčt ak wouj. W'a fč yo bwode bčl pňtre zanj cheriben byen fčt sou tout twal la.  
 
Exd 26:2
 
Chak lčz twal va gen katňz mčt longč, de mčt lajč. Yo tout va menm gwosč.  
 
Exd 26:3
 
N'a koud lčz yo ansanm, senk yon bň, senk yon lňt bň.  
 
Exd 26:4
 
Lč w'a fin koud senk premye lčz yo ansanm, w'a fč pasan ak kňdon ble sou tout bňdi senk premye lčz yo. W'a fč menm jan an tou ak senk lňt lčz yo.  
 
Exd 26:5
 
W'a fč senkant pasan nan premye lčz premye gwoup la, ak senkant pasan nan dčnye lčz dezyčm gwoup la. W'a fč yo koresponn de pa de.  
 
Exd 26:6
 
W'a fč senkant ti kwňk an lň ki va sčvi pou kole de gwoup lčz yo yonn ak lňt pou yo fč yon sčl tant.  
 
Exd 26:7
 
ś W'a fč onz lčz twal ak pwal kabrit pou fč yon gwo tant pou kouvri kay Bondye a.  
 
Exd 26:8
 
Chak lčz va gen kenz mčt longč ak de mčt lajč. Yo tout va menm gwosč.  
 
Exd 26:9
 
W'a pran senk ladan yo, w'a koud yo ansanm. Apre sa, w'a pran lňt sis yo, w'a koud yo ansanm tou. W'a pliye sizyčm lčz la an de sou devan tant lan.  
 
Exd 26:10
 
W'a mete senkant pasan sou bňdi premye lčz premye gwoup la, ak senkant pasan sou bňdi dčnye lčz dezyčm gwoup la.  
 
Exd 26:11
 
W'a fč senkant ti kwňk an kwiv, w'a pase yo nan pasan yo pou kole de gwoup lčz yo ansanm pou fč yon sčl tant.  
 
Exd 26:12
 
Mwatye lčz ki an plis la va bat sou dčyč kay Bondye a pou kouvri l'.  
 
Exd 26:13
 
Menm jan an tou, lčz ki sou kote yo pral gen yon pye edmi k'ap depase. Sa ki an plis la pral desann sou bň kay Bondye a pou kouvri l'.  
 
Exd 26:14
 
W'a fč yon kouvčti ak po belye pou tant lan. W'a tenn li wouj. Apre sa, w'a fč yon lňt kouvčti ak po bazann pou kouvri tant Bondye a.  
 
Exd 26:15
 
ś W'a pran bwa zakasya pou fč planch ankadreman pou soutni tant Bondye a.  
 
Exd 26:16
 
Chak ankadreman va gen kenz pye longč sou vensčt pous lajč.  
 
Exd 26:17
 
Yo chak va gen de bout depase ki va penmčt yo kole yonn ak lňt.  
 
Exd 26:18
 
Lč w'ap fč ankadreman yo, w'a fč ven pou bň sid la.  
 
Exd 26:19
 
W'a fč karant sipň an ajan pou ale anba ankadreman yo, de sipň anba chak ankadreman. Se ladan yo bout ki depase yo va chita.  
 
Exd 26:20
 
Konsa tou, w'a fč ven ankadreman pou bň nň a  
 
Exd 26:21
 
ak karant sipň an ajan, de pou chak ankadreman.  
 
Exd 26:22
 
W'a fč sis ankadreman pou dčyč tant Bondye a, sou bň lwčs la,  
 
Exd 26:23
 
ak de ankadreman pou chak kwen ki sou dčyč tant Bondye a.  
 
Exd 26:24
 
Ankadreman kwen yo va mare yonn ak lňt pa anba. y'a bout-a-bout depi anba jouk anwo kote gwo bag la. Se konsa w'a moute de ankadreman k'ap fč kwen yo.  
 
Exd 26:25
 
Konsa, va gen wit ankadreman avčk sčz sipň an ajan, de sipň anba chak ankadreman.  
 
Exd 26:26
 
W'a fč travčs ak bwa zakasya, senk pou ankadreman sou bň sid tant Bondye a,  
 
Exd 26:27
 
senk pou ankadreman sou bň nň a, senk pou ankadreman ki sou bň lwčs la, pa dčyč.  
 
Exd 26:28
 
Travčs mitan an, k'ap pase nan ren ankadreman yo, va soti nan yon bout pou ale nan yon lňt bout.  
 
Exd 26:29
 
W'a kouvri tout kň ankadreman yo ak lň. W'a moute gwo bag an lň sou yo pou kenbe travčs yo. W'a kouvri travčs yo ak lň tou.  
 
Exd 26:30
 
W'a fč tant lan dapre modčl mwen te moutre ou sou mňn lan.  
 
Exd 26:31
 
ś W'a fč yon rido ak bon twal koulč ble, violčt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. y'a bwode bčl pňtre zanj cheriben byen fčt sou tout rido a.  
 
Exd 26:32
 
W'a pann rido a sou kat poto an bwa zakasya. Poto yo va kouvri ak lň. y'a gen kwňk an lň moute sou yo. y'a chita sou kat sipň an ajan.  
 
Exd 26:33
 
Mete rido a anba kwňk ki nan twati tant lan. W'a mete Bwat Kontra a dčyč rido a. Rido a va separe kote ki apa apa nčt pou Bondye sčlman an ak rčs tant Bondye a.  
 
Exd 26:34
 
W'a mete kouvčti a sou Bwat Kontra ki nan kote ki apa apa nčt pou Bondye a.  
 
Exd 26:35
 
W'a mete tab la pa deyň rido a. Mete gwo lanp sčt branch lan sou bň sid tant lan, an fas tab la. Tab la menm va sou bň nň a.  
 
Exd 26:36
 
Konsa tou, w'a fč yon rido an bon twal ble, violčt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. Rido a va sčvi pou fčmen kote yo pase pou antre nan tant lan. y'a fč bčl bodri sou tout rido a.  
 
Exd 26:37
 
Pou kenbe rido a, w'a fč senk poto an bwa zakasya, w'a kouvri yo ak lň, w'a moute ti kwňk an lň sou yo. y'a chita sou senk sipň an kwiv.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Genesis 1Exodus 256 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 35 36 37 38 39 40 Exodus 27Leviticus 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards