All NT OTBook
Compare Texts
Genesis 1 Exodus 24

Exodus 25:1-40

Exodus 26 Leviticus 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Exd 25:1
 
ś Seyč a pale ak Moyiz, li di l':  
 
Exd 25:2
 
-Pale ak moun Izrayčl yo. Di yo pote yon ofrann ban mwen. W'a resevwa l' pou mwen nan men tout moun ki vle bay ak kč kontan.  
 
Exd 25:3
 
Men ofrann pou ou resevwa nan men yo: lň, ajan ak kwiv,  
 
Exd 25:4
 
bon twal koulč violčt, ble ak wouj, twal fen blan, twal fčt ak pwal kabrit,  
 
Exd 25:5
 
po belye tenn koulč wouj ak po bazann, bwa zakasya,  
 
Exd 25:6
 
lwil pou gwo lanp sčt branch lan, epis santi bon pou mete nan lansan an ak nan lwil yo sčvi pou mete moun apa pou sčvis Bondye a,  
 
Exd 25:7
 
pyč oniks ak lňt pyč pou gani jile ak plastwon granprčt la.  
 
Exd 25:8
 
y'a mete yon kote apa pou mwen pou m' ka vin rete nan mitan yo.  
 
Exd 25:9
 
W'a fč tant lan ak tout bagay ki pou ale ladan l', dapre modčl mwen pral ba ou a.  
 
Exd 25:10
 
ś y'a pran bwa zakasya, y'a fč yon gwo bwat. Bwat la va mezire twa pye nčf pous longč, de pye twa pous lajč, de pye twa pous wotč.  
 
Exd 25:11
 
W'a kouvri l' nčt, anndan kou deyň, ak pi bon klas lň ki genyen. Epi w'a mete yon bňdi an lň fč wonn li.  
 
Exd 25:12
 
W'a fonn lň a fč kat gwo bag tou won. W'a moute yonn sou chak kwen bwat la, de chak bň.  
 
Exd 25:13
 
W'a pran de jenn poto zakasya, w'a kouvri yo nčt ak lň.  
 
Exd 25:14
 
W'a pase poto yo nan twou bag yo, sou de bň bwat la. Poto sa yo va sčvi manch pou pote bwat la.  
 
Exd 25:15
 
Se pou poto yo toujou rete nan bag yo, san yo pa janm wete yo.  
 
Exd 25:16
 
Mwen pral ba ou de rňch plat ki va sčvi pou nou toujou chonje m'. W'a mete yo nan bwat la.  
 
Exd 25:17
 
W'a pran pi bon lň ki genyen, w'a fč yon kouvčti pou bwat la. L'a mezire twa pye nčf pous longč sou de pye twa pous lajč.  
 
Exd 25:18
 
W'a fč pňtre de zanj cheriben an lň. y'a pran lň a, y'a bat li ak mato pou yo fč pňtre yo. W'a mete yo anwo kouvčti a,  
 
Exd 25:19
 
yonn sou bň dwat, yonn sou bň gňch. W'a kole yo byen kole sou kouvčti a pou yo fč kň avč l'.  
 
Exd 25:20
 
Zanj cheriben yo va louvri zčl yo anwo tčt yo, konsa y'a kouvri kouvčti a. Se pou yo yonn anfas lňt, avčk tčt yo bese ap gade kouvčti a.  
 
Exd 25:21
 
W'a mete kouvčti a sou bwat la. Nan bwat la menm, w'a mete de rňch plat mwen pral ba ou pou nou ka toujou chonje mwen.  
 
Exd 25:22
 
Se la m'a toujou kontre avč ou. m'a rete anwo kouvčti a, nan mitan de zanj cheriben yo, m'a ba ou tout lňd mwen gen pou m' ba ou yo pou moun Izrayčl yo.  
 
Exd 25:23
 
ś W'a fč yon tab an bwa zakasya. Desi tab la va mezire twa pye longč, yon pye sis pous lajč ak de pye twa pous wotč.  
 
Exd 25:24
 
W'a kouvri l' nčt ak pi bon lň ki genyen. W'a mete yon bňdi an lň fč wonn li.  
 
Exd 25:25
 
W'a mete yon ankadreman kat pous lajč anba desi a fč wonn tab la. Epi w'a kouvri tout ankadreman an ak yon plak lň.  
 
Exd 25:26
 
W'a fonn lň a fč kat gwo bag tou won pou tab la. W'a moute yo nan kat kwen tab la kote pye yo moute a.  
 
Exd 25:27
 
W'a moute bag yo toupre ankadreman an. Se nan twou bag yo pou ou pase poto bwa zakasya ki pou sčvi pou pote tab la.  
 
Exd 25:28
 
W'a fč poto yo ak bwa zakasya, epi w'a kouvri yo nčt ak lň. Se ak poto sa yo pou yo sčvi pou pote tab la.  
 
Exd 25:29
 
W'a fč asyčt, bňl, tas, kafetyč. W'a mete yo apa pou mwen. W'a fč yo ak pi bon lň ki genyen. Se ak yo pou nou sčvi lč n'ap fč sčvis pou mwen.  
 
Exd 25:30
 
Epi w'a toujou mete sou tab la pen yo ofri ban mwen yo. Wi, se pou pen yo tout tan la devan mwen.  
 
Exd 25:31
 
ś W'a fč yon gwo lanp sčt branch ak pi bon lň ki genyen. y'a pran yon sčl gwo mňso lň, y'a bat li ak mato pou fč pye gwo lanp sčt branch lan ansanm ak tout kň li. y'a fč pňtre bčl flč, flč an bouton, flč louvri, sou tout kň li. Yo tout va fč yon sčl pyčs ak pye lanp lan.  
 
Exd 25:32
 
Gwo lanp lan va gen sčt branch, yonn kanpe dwat nan mitan ak twa branch chak bň.  
 
Exd 25:33
 
Sou chak branch sou kote yo, y'a fč pňtre twa flč nwa kajou ak tout boujon yo.  
 
Exd 25:34
 
Sou branch ki nan mitan an va gen kat flč nwa kajou ak tout boujon yo.  
 
Exd 25:35
 
W'a mete yon ti boujon anba chak pč branch sou kote yo.  
 
Exd 25:36
 
Boujon yo ak branch yo va fč yon sčl pyčs ak pye gwo lanp lan. Se va yon sčl pyčs lň y'a bat ak mato pou ba li fňm yo vle a.  
 
Exd 25:37
 
y'a fč sčt lanp pou gwo lanp lan, y'a moute yo sou li yon jan pou yo ka klere sou devan.  
 
Exd 25:38
 
N'a fč pensčt pou netwaye gwo lanp lan ak plato pou resevwa sann lan. W'a fč yo ak pi bon lň ki genyen.  
 
Exd 25:39
 
N'a pran swasannkenz liv bon lň pou fč gwo lanp lan ansanm ak tout bagay pou sčvi ak gwo lanp lan.  
 
Exd 25:40
 
Gade byen pou ou ka fč tout bagay dapre modčl mwen te moutre ou sou mňn lan.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Genesis 1Exodus 246 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 35 36 37 38 39 40 Exodus 26Leviticus 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards