All NT OTBook
Compare Texts
Genesis 1 Exodus 22

Exodus 23:1-33

Exodus 24 Leviticus 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Exd 23:1
 
ś Piga nou fč manti sou frč parčy nou. Lč n'ap sčvi temwen, piga nou bay manti pou ede yon mechan.  
 
Exd 23:2
 
Pa konprann pou nou fč sa ki mal paske nou wč se sa tout moun ap fč. Lč n'ap sčvi temwen nan yon pwose, piga nou pran pati pou bň ki gen plis moun lan lč nou konnen se yo ki antň.  
 
Exd 23:3
 
Konsa tou, lč gen pwose, se pa paske yon moun pňv pou nou pran pati pou li.  
 
Exd 23:4
 
Si nou pa byen ak yon moun, epi nou jwenn bčf li osinon bourik li ki kase kňd, se pou nou mennen l' ba li.  
 
Exd 23:5
 
Si nou pa byen ak yon moun, epi nou wč bourik li kouche anba yon chay, pa vire do nou kite l' pou kont li. Se pou nou ede l' fč bourik la kanpe.  
 
Exd 23:6
 
Lč yon malere nan pwose, pa anpeche yo fč l' jistis.  
 
Exd 23:7
 
Evite fč manti sou moun pou akize yo. Moun inonsan ak moun ki nan dwa yo, piga nou fč touye yo, paske mwen p'ap padonnen moun ki fč bagay konsa.  
 
Exd 23:8
 
Lč n'ap sčvi temwen nan yon kňz, pa pran lajan anba nan men moun, paske lajan konsa bouche je nou, li fč nou pa wč kote jistis la ye. Li fč moun ki pa antň a pčdi kňz li.  
 
Exd 23:9
 
Piga nou aji mal ak moun lňt nasyon k'ap viv nan peyi a. Paske, nou menm tou, yon lč, nou te etranje nan peyi Lejip, kifč nou konnen sa ki rele viv nan lňt peyi.  
 
Exd 23:10
 
ś Pandan sizan n'a travay tč a, epi n'a ranmase sa li bay.  
 
Exd 23:11
 
Men, sou setyčm lanne a, n'a kite tč a poze. Menm si li bay kichňy, nou p'ap ranmase anyen sou li. N'a kite rekňt la pou pňv malere yo. Rčs la va rete pou bčt nan bwa manje. N'a fč menm bagay la tou pou jaden rezen ak jaden oliv nou yo.  
 
Exd 23:12
 
N'a travay sis jou. Men setyčm jou a, n'a sispann travay, n'a pran repo. Konsa, bčf nou yo ak bourik nou yo, moun k'ap sčvi avčk nou yo ansanm ak etranje ki lakay nou yo va ka pran repo tou.  
 
Exd 23:13
 
Se pou nou swiv tou sa mwen sot di nou la a. Pa lapriyč lňt bondye, piga mwen tande non yo soti nan bouch nou.  
 
Exd 23:14
 
Twa fwa chak lanne, n'a fč fčt pou mwen.  
 
Exd 23:15
 
N'a fč fčt Pen san ledven yo. Jan mwen te ban nou lňd la, n'a manje pen san ledven pandan sčt jou nan epňk yo fikse nan mwa Abib la. Paske se nan mwa sa a nou te soti kite peyi Lejip. Lč sa a, nou p'ap gen dwa parčt devan m' de men vid.  
 
Exd 23:16
 
Apre sa, n'a fete fčt Premye Rekňt la lč nou fčk konmanse rekňlte grenn nou simen nan jaden nou yo. N'a fete fčt Dčnye Rekňt la menm vč fen lanne a, lč n'ap fin rekňlte tou sa ki nan jaden nou yo.  
 
Exd 23:17
 
Twa fwa chak lanne, tout gason nan pčp la va parčt devan mwen menm Seyč a, Bondye a.  
 
Exd 23:18
 
Lč n'ap touye yon bčt pou mwen, piga nou ofri san an ansanm ak pen ki fčt ak ledven. Piga nou sere grčs bčt la tout lannwit jouk denmen maten.  
 
Exd 23:19
 
N'a pran pi bčl fwi nan premye rekňt jaden nou, n'a pote yo bay Seyč a, Bondye nou an, lakay li, Piga ou kwit yon ti kabrit nan lčt manman li.  
 
Exd 23:20
 
ś Men m'ap voye yonn nan zanj mwen yo devan nou pou pwoteje nou sou wout la, pou l' fč nou rive san danje kote mwen pare pou nou an.  
 
Exd 23:21
 
Veye kň nou devan li. Koute sa l'ap di nou. Pa kenbe tčt avč l'. Si nou fč sa, li p'ap padonnen nou sa paske se nan non mwen l'ap fč tou sa l'ap fč a.  
 
Exd 23:22
 
Men, si nou koute sa li di nou, si nou fč tou sa mwen di nou fč, m'ap rayi moun ki rayi nou, mwen p'ap vle wč moun ki pa vle wč nou.  
 
Exd 23:23
 
Zanj mwen an va mache devan nou, l'ap mennen nou nan peyi moun Amori yo, peyi moun Et yo, peyi moun Ferezi yo, peyi moun Kanaran yo, peyi moun Evi yo ak peyi moun Jebis yo. M'ap detwi yo tout.  
 
Exd 23:24
 
Piga nou mete ajenou devan bondye lňt nasyon yo. Piga nou janm sčvi yo. Pa fč menm jan ak moun lňt nasyon yo. Se pou nou detwi bondye yo nčt, se pou nou kraze tout moniman yo fč pou yo.  
 
Exd 23:25
 
Se mwen menm Seyč a, Bondye nou an, pou nou sčvi. M'ap beni nou, m'ap ban nou manje pou n' manje, dlo pou nou bwč. Mwen p'ap kite maladi tonbe sou nou.  
 
Exd 23:26
 
Nan peyi nou an p'ap gen fanm k'ap fč foskouch, ni fanm ki p'ap ka fč pitit. M'ap kite nou viv jouk nou fin granmoun.  
 
Exd 23:27
 
M'ap fč tout moun pč nou. Kote nou pase, m'ap fč moun pčdi tčt yo. M'ap fč tout lčnmi nou yo pran rak devan nou.  
 
Exd 23:28
 
m'a voye gwo gčp devan nou, y'a fč moun Evi yo, moun Kanaran yo ak moun Et yo kouri byen lwen nou.  
 
Exd 23:29
 
Mwen p'ap fč yo ale tout ansanm yon sčl kou, yon sčl lanne, pou peyi a pa tounen savann, pou bčt nan bwa yo pa vin twňp pou nou.  
 
Exd 23:30
 
Men, piti piti m'ap mete yo deyň, jouk n'a gen plis moun pou nou ka pran tout peyi a pou nou.  
 
Exd 23:31
 
M'ap fč fwontyč peyi nou an konmanse depi sou lanmč Wouj la rive jouk sou lanmč Mediterane, depi sou dezč a al bat sou larivyč Lefrat la. M'ap lage tout moun nan peyi a anba men nou, n'ap chase yo met deyň devan nou.  
 
Exd 23:32
 
Piga nou pase ankenn kontra ak moun sa yo, ni ak bondye yo.  
 
Exd 23:33
 
Se pa pou yo rete nan peyi nou an, pou yo pa ankouraje nou fč peche kont mwen. Si nou sčvi bondye moun sa yo, sa ka yon malč pou nou.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Genesis 1Exodus 226 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 35 36 37 38 39 40 Exodus 24Leviticus 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards