All NT OTBook
Compare Texts
Genesis 1 Exodus 16

Exodus 17:1-16

Exodus 18 Leviticus 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Exd 17:1
 
ś Tout moun pčp Izrayčl yo pati, yo kite dezč Sin lan, dapre lňd Seyč a te ba yo. Yo fč wout la moso pa moso, jouk yo rive Refidim kote yo moute tant yo. Men, pa t' gen dlo la pou pčp la te bwč.  
 
Exd 17:2
 
Yo leve fč kont ak Moyiz. Yo di l': -Ban nou dlo pou nou bwč! Moyiz reponn yo: -Poukisa n'ap chache m' kont konsa? Pouki n'ap sonde Seyč a konsa?  
 
Exd 17:3
 
Men, pčp la te swaf dlo anpil, yo t'ap bougonnen sou do Moyiz. Yo di l': -Poukisa ou fč nou soti kite peyi Lejip la? Gen lč se pou te fč nou vin mouri swaf dlo isit la, avčk pitit nou yo ansanm ak tout bčt nou yo?  
 
Exd 17:4
 
Moyiz menm lapriyč nan pye Bondye. Li di l' konsa: -Kisa pou m' fč ak moun sa yo? Yo san lč touye m' ak kout rňch!  
 
Exd 17:5
 
Seyč a di Moyiz: -Pran kčk chčf fanmi pčp Izrayčl la avčk ou, pase devan pčp la. Kenbe baton ou te sčvi pou frape gwo la rivyč Nil lan nan men ou. Epi mache.  
 
Exd 17:6
 
Mwen menm, m'ap kanpe laba a, dwat devan ou, sou tčt gwo rňch Orčb la. W'a frape rňch la, dlo va soti ladan l'. Pčp la va bwč. Se sa menm Moyiz te fč devan chčf fanmi pčp Izrayčl la.  
 
Exd 17:7
 
Yo rele kote sa a Masa ak Meriba, paske pčp Izrayčl la t'ap chache kont, yo t'ap sonde Seyč a lč yo te mande: Eske Seyč a nan mitan nou, wi ou non?  
 
Exd 17:8
 
ś Antan pčp Izrayčl la Refidim, moun Amalčk yo vin pou goumen ak yo.  
 
Exd 17:9
 
Moyiz di Jozye konsa: -Chwazi kčk gason pou nou. Denmen w'a soti al goumen ak moun Amalčk yo. Mwen menm, m'a moute sou tčt ti mňn lan avčk baton Bondye te ban mwen an nan men mwen.  
 
Exd 17:10
 
Jozye fč tou sa Moyiz te di l' fč. Li soti al goumen ak moun Amalčk yo. Moyiz menm moute sou tčt ti mňn lan ansanm ak Arawon ak Our.  
 
Exd 17:11
 
Tout tan Moyiz te kenbe men l' yo leve anlč, se moun Izrayčl yo ki te pi fň. Men, kou Moyiz bese men l', se moun Amalčk yo ki te pi fň.  
 
Exd 17:12
 
Rive yon lč Moyiz te bouke, de bra l' t'ap fč l' mal. Arawon ak Our pran yon rňch, yo mete l' deyč Moyiz, yo fč Moyiz chita sou li. Yo chak pran yon bra Moyiz, yo kenbe yo anlč. Yo kenbe yo konsa jouk solčy kouche.  
 
Exd 17:13
 
Jozye menm te bat Amalčk ak moun li yo byen bat, li touye yo anba kout nepe.  
 
Exd 17:14
 
Apre sa, Seyč a di Moyiz: -Ekri sa nan liv rejis la pou moun yo pa janm bliye batay sa a. W'a di Jozye konsa m'ap efase non Amalčk sou latč pou yo pa janm chonje l' ankň.  
 
Exd 17:15
 
Moyiz bati yon lňtčl, li rele l': Seyč a se drapo m'.  
 
Exd 17:16
 
Apre sa li di: -Men mwen leve men m' devan fotčy Seyč a, Seyč a p'ap janm sispann goumen ak moun Amalčk yo.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Genesis 1Exodus 161 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 35 Exodus 18Leviticus 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards