| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Exd 16:1 | ś Apre sa, tout moun pčp Izrayčl yo pati kite Elim, yo rive nan dezč yo rele Sin lan, ant Elim ak mňn Sinayi. Lč yo rive la, yo te gen yon mwa kenz jou depi yo te pati kite Lejip.
| |
| | Exd 16:2 | Yo tout pran bougonnen sou do Moyiz ak Arawon nan dezč a.
| |
| | Exd 16:3 | Yo t'ap di yo: -Poukisa Seyč a pa t' tou touye nou nan peyi Lejip la? Lč sa a, nou te konn chita devan bňl vyann nou, nou te konn manje pen plen vant nou. Men, ou menm ak Arawon, nou mennen nou nan dezč sa a pou fč tout kantite moun sa yo mouri grangou.
| |
| | Exd 16:4 | Seyč a di Moyiz konsa: -Mwen pral fč pen tonbe soti nan syčl la pou nou tankou grenn lapli. Pčp la va soti chak jou pou l' ranmase mezi li bezwen pou jounen an. Konsa, m'a gade pou m' wč si wi ou non yo vle mache sou lňd mwen vre.
| |
| | Exd 16:5 | Chak sizyčm jou nan senmenn lan, y'a ranmase de fwa lavalč sa yo konn ranmase lňt jou yo, y'a pare mete la.
| |
| | Exd 16:6 | Moyiz ak Arawon di tout moun pčp Izrayčl yo: -Aswč a n'a konnen se Seyč a ki te fč nou pati kite peyi Lejip.
| |
| | Exd 16:7 | Denmen maten, n'a wč ki kalite pouvwa Seyč a genyen. Li tande jan n'ap bougonnen sou do li. Paske mwen menm ak Arawon, kisa nou ye pou se sou nou n'ap bougonnen konsa? Se sou Bondye n'ap bougonnen.
| |
| | Exd 16:8 | Apre sa, Moyiz di yo: -Se Seyč a k'ap ban nou vyann pou nou manje chak swa. Se li k'ap ban nou kantite pen nou bezwen chak maten, paske Seyč a tande tout bougonnen n'ap bougonnen sou li a. Nou menm, kisa nou ye? Se pa sou nou n'ap bougonnen, men se sou Seyč a n'ap bougonnen.
| |
| | Exd 16:9 | Lč sa a Moyiz di Arawon: -Men sa pou ou di tout moun pčp Izrayčl yo: Pwoche vin devan Seyč a paske li tande jan n'ap plenyen an.
| |
| | Exd 16:10 | Pandan Arawon t'ap pale ak tout moun pčp Izrayčl yo, yo vire tčt yo bň dezč a, yo wč pouvwa Bondye a parčt nan nwaj la.
| |
| | Exd 16:11 | Seyč a di Moyiz:
| |
| | Exd 16:12 | -Mwen tande jan moun pčp Izrayčl yo ap plenyen. Men sa pou ou di yo: Aswč a, anvan li fin fč nwa, n'a gen vyann pou nou manje. Denmen maten, n'a gen pen kantite nou bezwen. Lč sa a, n'a konnen se mwen menm, Seyč a, ki Bondye nou.
| |
| | Exd 16:13 | ś Nan aswč, zňtolan vini, yo kouvri tout kote yo te moute tant yo a. Nan maten, te gen yon kouch lawouze toutalantou kote pčp la te moute tant yo a.
| |
| | Exd 16:14 | Lč lawouze a disparčt, li kite yon kwout tou blan atč nan dezč a. Kwout la te fen, li te plen ti grenn tankou sčl, li te kouvri tout atč a.
| |
| | Exd 16:15 | Lč moun pčp Izrayčl yo wč sa, yo pa t' konn sa l' te ye. Yonn t'ap di lňt: -Sa sa ye sa? Moyiz di yo: -Sa a, se pen Seyč a ban nou pou nou manje.
| |
| | Exd 16:16 | Men lňd Seyč a ban nou: Se pou chak moun ranmase mezi yo bezwen pou kantite moun ki lakay yo. N'a ranmase twa ti mamit edmi pou chak moun.
| |
| | Exd 16:17 | Moun pčp Izrayčl yo fč sa Moyiz te di yo fč a. Gen moun ki te ranmase plis, gen lňt ki te ranmase pi piti.
| |
| | Exd 16:18 | Men, lč yo mezire, sa ki te ranmase plis yo pa t' gen twňp, sa ki te ranmase pi piti yo pa t' manke anyen. Konsa, chak moun te ranmase mezi yo te bezwen pou yo manje.
| |
| | Exd 16:19 | Moyiz di yo: -Piga pesonn sere anyen pou denmen.
| |
| | Exd 16:20 | Men gen moun ki pa t' koute Moyiz. Yo sere ti gout pou denmen maten. Nan denmen yo jwenn li plen vč, li te gate. Moyiz te fache sou moun sa yo.
| |
| | Exd 16:21 | Chak maten yo ranmase mezi yo te bezwen pou yo manje. Men, kou solčy la konmanse cho, bagay la te fonn.
| |
| | Exd 16:22 | ś Sizyčm jou nan senmenn lan, yo te ranmase de fwa lavalč sa yo te konn ranmase chak jou a. Yo te ranmase sčt ti mamit pou chak moun. Tout chčf fanmi ki te alatčt pčp la vin di Moyiz sa.
| |
| | Exd 16:23 | Moyiz reponn yo: -Men lňd Seyč a te bay: Denmen se jou repo, se jou repo ki apa pou Seyč a. Kwit sa nou gen pou nou kwit. Bouyi sa nou gen pou nou bouyi. N'a sere rčs la pou denmen.
| |
| | Exd 16:24 | Jan Moyiz te ba yo lňd la, yo sere rčs la pou denmen. Li pa t' gate, vč pa t' tonbe ladan l'.
| |
| | Exd 16:25 | Moyiz di yo: -Nou mčt manje rčs la jňdi a, paske jňdi a se jou repo yo mete apa pou Seyč a. Jňdi a nou p'ap jwenn anyen deyň a.
| |
| | Exd 16:26 | Pandan sis premye jou senmenn lan n'a jwenn pou n' ranmase. Men setyčm jou a, jou repo a, nou p'ap jwenn anyen pou nou ranmase.
| |
| | Exd 16:27 | Setyčm jou a, gen kek moun nan pčp la ki te soti al ranmase manje, men yo pa jwenn anyen.
| |
| | Exd 16:28 | Lč sa a, Seyč a di Moyiz: -Kilč n'a sispann dezobeyi lňd ak kňmandman mwen yo?
| |
| | Exd 16:29 | Konprann sa byen, se mwen menm, Seyč a, ki te ban nou jou repo sa a. Se poutčt sa, sou sizyčm jou nan senmenn lan, mwen ban nou manje valč pou de jou. Nan setyčm jou senmenn lan, se pou tout moun rete kote yo ye a. Piga pesonn mete tčt deyň.
| |
| | Exd 16:30 | Se konsa, lč setyčm jou a rive, pčp la pa fč ankenn travay.
| |
| | Exd 16:31 | Pčp Izrayčl la rele manje a laman. Li te gen fňm grenn pitimi. Li te tou blan, li te gen menm gou ak gato ki fčt ak siwo myčl.
| |
| | Exd 16:32 | ś Moyiz di yo: -Men lňd Seyč a ban nou. Se pou nou sere twa ti mamit edmi plen laman pou pitit pitit nou yo. Konsa y'a wč ki kalite manje mwen te konn ban nou nan dezč a, lč mwen te fč nou soti kite peyi Lejip la.
| |
| | Exd 16:33 | Apre sa Moyiz di Arawon: -Pran yon ti ja, mete twa ti mamit edmi laman ladan l'. Mete l' devan Seyč a pou l' ka rete pou pitit pitit nou yo.
| |
| | Exd 16:34 | Arawon fč sa Seyč a te bay Moyiz lňd fč a. Li mete ti ja a devan Bwat Kontra a, li sere l' la.
| |
| | Exd 16:35 | Moun pčp Izrayčl yo pase karantan ap manje laman, jouk jou yo rive nan yon peyi kote yo jwenn moun rete. Kifč yo manje laman jouk yo rive sou fwontyč peyi Kanaran.
| |
| | Exd 16:36 | Twa ti mamit edmi, se valč twaka yon gwo mamit. Trannsenk ti mamit fč yon gwo bidon.
| |