All NT OTBook
Compare Texts
Genesis 1 Exodus 13

Exodus 14:1-31

Exodus 15 Leviticus 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Exd 14:1
 
ś Bondye pale ak Moyiz, li di l':  
 
Exd 14:2
 
-Pale ak pčp Izrayčl la, di yo: Tounen dčyč, moute tant nou devan Pyakirňt, ant Migdňl ak lanmč a, anfas Baalsefon. N'a moute tant nou devan kote sa a, bň lanmč a.  
 
Exd 14:3
 
Farawon an pral mete nan tčt li pčp Izrayčl la pčdi nan peyi a, yo pa konn kote pou yo fč nan dezč a.  
 
Exd 14:4
 
M'ap fč farawon an fč tčt di ankň, l'a rapouswiv nou. Men, m'ap bat ni farawon an ni tout lame li yo. Sa va sčvi yon lwanj pou mwen. Konsa, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Seyč a. Moun pčp Izrayčl yo fč jan Bondye te di yo a.  
 
Exd 14:5
 
Farawon an, wa Lejip la, resevwa rapň. Yo vin di l' pčp la sove ale. Lč sa a, farawon an ak moun pa l' yo chanje lide. Yo di: -Sa nou fč la a? Nou kite yo ale? Yo sove kite travay yo t'ap fč pou nou an?  
 
Exd 14:6
 
Farawon an fč pare cha lagč li. Li pran sňlda li yo ak li.  
 
Exd 14:7
 
Li pran sisan (600) cha nan sa ki te pi bon yo. Tout lňt cha yo te ale tou. Yo tout te gen sňlda ame sou yo.  
 
Exd 14:8
 
Seyč a te fčmen kč farawon an, wa Lejip la. Farawon an pran rapouswiv moun pčp Izrayčl yo ki te soti kite peyi a devan je tout moun san pesonn pa t' di yo anyen.  
 
Exd 14:9
 
Men apre sa, moun peyi Lejip yo pran kouri dčyč yo ak tout chwal yo, tout cha lagč farawon yo, tout kavalye yo. Tout lame yo te dčyč pčp Izrayčl la. Yo jwenn yo kote yo te moute tant yo a, bň lanmč a, toupre Pyakirňt anfas Baalsefon.  
 
Exd 14:10
 
ś Antan farawon an t'ap pwoche, moun Izrayčl yo leve je yo, yo wč moun peyi Lejip yo ki t'ap rapouswiv yo. Yo te pč anpil. Yo pran rele nan pye Seyč a.  
 
Exd 14:11
 
Yo di Moyiz konsa: -Eske se paske pa gen kote pou antere moun nan peyi Lejip la kifč ou mennen nou vin mouri isit la nan dezč a? Kisa ou fč nou konsa lč ou te fč nou soti kite Lejip la?  
 
Exd 14:12
 
Eske nou pa t' di ou sa lč nou te Lejip toujou? Nou te di ou: Kite nou travay pou moun peyi Lejip yo, pa vre! Pito nou travay pou moun peyi Lejip yo pase pou nou mouri nan dezč a.  
 
Exd 14:13
 
Moyiz reponn pčp la: -Nou pa bezwen pč. Pran kouraj. Louvri je nou pou nou wč jan Seyč a pral delivre nou jňdi a. Moun peyi Lejip sa yo nou wč jňdi a, nou p'ap janm wč yo ankň.  
 
Exd 14:14
 
Seyč a ap goumen pou nou. Nou menm, poze san nou.  
 
Exd 14:15
 
ś Seyč a di Moyiz: -Poukisa w'ap rele konsa nan zňrčy mwen? Di moun pčp Izrayčl yo pou yo leve mache.  
 
Exd 14:16
 
Ou menm, leve baton ou lan. Lonje men ou sou lanmč a, fann li de bň. Konsa, moun pčp Izrayčl yo va mache nan mitan lanmč a tankou sou tč sčk.  
 
Exd 14:17
 
M'ap fč moun peyi Lejip yo fč tčt di pi rčd. Y'ap antre dčyč moun pčp Izrayčl yo nan mitan lanmč a. Mwen pral bat farawon an ansanm ak tout lame l' a, tout cha li yo ak tout kavalye l' yo. Sa va sčvi yon lwanj pou mwen.  
 
Exd 14:18
 
Lč m'a bat farawon an ansanm ak tout cha li yo ak kavalye li yo, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Seyč a.  
 
Exd 14:19
 
Zanj Bondye ki t'ap mache devan moun pčp Izrayčl yo chanje plas, li pase dčyč. Nwaj ki te devan yo a chanje plas tou, li pase dčyč yo.  
 
Exd 14:20
 
Li rete nan mitan ant moun peyi Lejip yo ak moun pčp Izrayčl yo. Nwaj la te tou nwa yon bň. Sou lňt bň a, li t'ap klere tout lannwit. Konsa, de lame yo pa t' ka pwoche yonn sou lňt pandan tout lannwit lan.  
 
Exd 14:21
 
ś Moyiz lonje men l' sou lanmč a. Seyč a fč yon gwo van nňde soufle byen fň pandan tout lannwit lan sou lanmč a. Li fč fon lanmč a tounen tč sčk, dlo a fann de bň.  
 
Exd 14:22
 
Moun pčp Izrayčl yo antre sou tč sčk la, nan mitan lanmč a. Dlo a te kanpe de bň tankou yon miray sou bň dwat yo ak sou bň gňch yo.  
 
Exd 14:23
 
Moun peyi Lejip yo pran rapouswiv yo. Yo antre dčyč yo nan mitan lanmč a ak tout chwal farawon yo, tout cha li yo ak tout kavalye l' yo.  
 
Exd 14:24
 
Lč devanjou rive, Seyč a rete nan dife a ak nan nwaj la, li voye je l' sou lame peyi Lejip la, li lage yon sčl dezňd nan mitan yo.  
 
Exd 14:25
 
Li bloke wou cha yo. Sa te difisil anpil pou cha yo te vanse. Lč sa a, moun peyi Lejip yo di konsa: -Ann kouri kite moun Izrayčl yo an repo. Paske, Seyč a ap goumen pou yo kont nou.  
 
Exd 14:26
 
Lč sa a, Seyč a di Moyiz: -Lonje men ou sou lanmč a ankň. Dlo a ap tounen nan plas li, l'ap kouvri moun peyi Lejip yo ansanm ak tout cha yo ak kavalye yo.  
 
Exd 14:27
 
Se konsa, lč jou pral kase, Moyiz lonje men l' sou lanmč a, dlo a tounen nan plas li. Lč moun peyi Lejip yo wč dlo a ap vini sou yo, yo t'ap chache sove poul yo. Yo pran kouri. Men, Seyč a voye yo jete nan lanmč a.  
 
Exd 14:28
 
Dlo a tounen nan plas li, li kouvri cha yo, kavalye yo ak tout lame farawon an. Wi, li kouvri tout moun ki t'ap kouri dčyč moun pčp Izrayčl yo nan lanmč a. Pa gen yonn ki chape.  
 
Exd 14:29
 
Men, moun Izrayčl yo menm te mache nan mitan lanmč a tankou sou tč sčk. Dlo a te kanpe tankou yon miray sou bň dwat ak sou bň gňch yo.  
 
Exd 14:30
 
Sč jou sa a Seyč a te delivre pčp Izrayčl la anba men moun peyi Lejip yo. Moun pčp Izrayčl yo te wč kadav moun peyi Lejip yo sou tout bň lanmč a.  
 
Exd 14:31
 
Yo wč sa Seyč a te fč moun peyi Lejip yo pase ak fňs ponyčt pa li. Pčp Izrayčl la vin gen krentif pou Seyč a. Yo mete konfyans yo nan Seyč a ak nan Moyiz, sčvitč l' la.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Genesis 1Exodus 131 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 35 Exodus 15Leviticus 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards