| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Exd 13:1 | ś Seyč a di Moyiz konsa:
| |
| | Exd 13:2 | -Se pou nou mete tout premye pitit gason ak tout premye mal bčt yo apa pou mwen. Tout premye pitit gason moun pčp Izrayčl yo, tout premye mal bčt yo fč, se pou mwen yo ye.
| |
| | Exd 13:3 | Moyiz di pčp la: -Pa janm bliye jou sa a, jou nou te soti kite peyi Lejip kote yo te fč nou tounen esklav la, paske se Seyč a menm ki te fč nou soti ak fňs ponyčt li. Jou sa a, se pa pou nou manje pen ki gen ledven ladan l'.
| |
| | Exd 13:4 | Se jňdi a, se jou sa a, nan mwa Abib la, n'ap soti kite peyi Lejip.
| |
| | Exd 13:5 | Seyč a va fč nou antre nan peyi ki pou moun Kanaran yo, pou moun Et yo, pou moun Amori yo, pou moun Evi yo ak moun Jebis yo. Se yon peyi ki rich anpil, kote lčt ak siwo myčl koule tankou dlo. Se peyi sa a Seyč a te pwomčt l'ap bay zansčt nou yo. Lč l'a fč nou antre nan peyi sa a, n'a toujou fč sčvis sa a nan menm mwa a.
| |
| | Exd 13:6 | Pandan sčt jou, n'a manje pen ki fčt san ledven. Sou setyčm jou a, n'a fč yon fčt pou Seyč a.
| |
| | Exd 13:7 | Pandan sčt jou, n'a manje pen ki fčt san ledven. Yo pa dwe jwenn ni pen ki fčt ak ledven, ni ledven menm lakay nou, nan tout peyi a.
| |
| | Exd 13:8 | Jou sa a, men sa n'a di pitit gason nou yo: Nou fč tou sa pou Seyč a, lč nou chonje tou sa li te fč pou nou lč nou soti kite Lejip la.
| |
| | Exd 13:9 | Sčvis sa a ap tankou yon mak nan men nou osinon yon bagay nou mete nan tčt nou pou nou pa bliye, pou nou ka toujou fč konnen lňd Seyč a. Paske, se avčk fňs ponyčt li li fč nou soti kite peyi Lejip la.
| |
| | Exd 13:10 | Toujou fč sčvis sa a chak lanne, nan dat mwen te fikse a.
| |
| | Exd 13:11 | ś Lč Seyč a va fč nou antre nan peyi moun Kanaran yo, dapre pwomčs li te fč nou an, nou menm ansanm ak zansčt nou yo, lč Seyč a va ban nou peyi sa a,
| |
| | Exd 13:12 | n'a pran tout premye pitit gason nou yo, n'a mete yo apa pou Seyč a. Konsa tou, tout premye pitit bčt nou yo, depi se mal yo ye, se pou mwen yo ye.
| |
| | Exd 13:13 | Nan plas tout premye pitit bourik nou yo, se pou nou ban mwen yon ti mouton. Si nou pa fč sa, se pou nou kase kou l'. Men, n'a ofri m' bagay pou achte lavi tout premye pitit gason nou yo nan men mwen.
| |
| | Exd 13:14 | Denmen, lč pitit gason nou yo va mande nou poukisa nou fč sa, n'a di yo: Se paske se ak fňs ponyčt li Seyč a te fč nou soti kite peyi Lejip kote yo te fč nou tounen esklav la.
| |
| | Exd 13:15 | Seyč a te touye depi premye pitit gason moun peyi Lejip yo rive jouk premye mal bčt yo fč, paske farawon an t'ap fč tčt di, li pa t' vle kite nou ale. Se poutčt sa nou ofri bay Seyč a tout premye mal bčt nou yo fe, epi nou ofri lňt bagay pou achte lavi tout premye pitit gason nou yo nan men l'.
| |
| | Exd 13:16 | Sčvis sa a va tounen tankou yon mak sou men nou, tankou bando nou mare sou fwon nou, pou fč nou chonje se ak fňs ponyčt li Seyč a te fč nou soti kite peyi Lejip.
| |
| | Exd 13:17 | ś Lč farawon an kite pčp Izrayčl la pati, Bondye pa mennen yo nan wout ki pase bň lanmč a pou ale nan peyi moun Filisti yo, atout se wout sa a ki te pi kout, paske Bondye te di: Mwen pa vle pou pčp la gen remň pou yo kase tčt tounen nan peyi Lejip la ankň, lč y'a wč batay yo gen pou yo fč.
| |
| | Exd 13:18 | Se konsa, Bondye fč pčp la pran chemen dezč a nan direksyon lanmč Wouj la. Pčp Izrayčl la te soti kite peyi Lejip la tankou yon lame.
| |
| | Exd 13:19 | Moyiz pran zosman Jozčf yo avčk li, paske Jozčf te fč moun pčp Izrayčl yo fč sčman. Li te di yo: Bondye gen pou vin ede nou. Lč sa a, se pou nou pati ak zosman mwen soti isit la.
| |
| | Exd 13:20 | Yo kite Soukňt, yo rive yon kote ki rele Etam, sou lizyč dezč a, yo pase kčk tan la.
| |
| | Exd 13:21 | Lajounen, Seyč a t'ap mache devan yo nan yon gwo nwaj ki te gen fňm yon poto pou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, li t'ap mache devan yo nan yon dife ki te tankou yon flanm ki t'ap klere yo. Konsa, yo te ka vwayaje lajounen kou lannwit.
| |
| | Exd 13:22 | Lajounen, nwaj la te toujou ap mache devan pčp la. Lannwit, se te dife a.
| |