| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Exd 1:1 | ś Men non pitit Jakňb yo ki te desann avč l' nan peyi Lejip ansanm ak tout fanmi yo:
| |
| | Exd 1:2 | Se te Woubenn, Simeyon, Levi epi Jida,
| |
| | Exd 1:3 | Isaka, Zabilon epi Benjamen,
| |
| | Exd 1:4 | Dann ak Nčftali, Gad ak Asč.
| |
| | Exd 1:5 | Sa te fč antou swasanndis moun nan ras Jakňb la. Jozčf menm te deja nan peyi Lejip la.
| |
| | Exd 1:6 | Apre sa, Jozčf mouri, tout frč l' yo mouri tou ansanm ak tout moun menm laj ak yo.
| |
| | Exd 1:7 | Men pčp Izrayčl la te fč anpil pitit, yo te peple. Yo te vin anpil. Yo te vin fň, yo te toupatou nan peyi a.
| |
| | Exd 1:8 | ś Te vin gen yon lňt wa nan peyi Lejip la. Wa sa a pa t' konn anyen sou Jozčf.
| |
| | Exd 1:9 | Li di pčp la konsa: -Gade. Pčp Izrayčl la vin pi plis pase nou. Yo pi fň pase nou.
| |
| | Exd 1:10 | Tande non! Fňk nou jwenn yon jan wi, pou n' bat ak moun sa yo, pou yo pa vin plis toujou. Paske, si yon lagč pete la a, yo ka mete tčt ansanm ak lčnmi nou yo pou yo bat nou. Apre sa, y'a pati kite peyi a.
| |
| | Exd 1:11 | Se konsa yo mete kčk chčf sou pčp Izrayčl la pou kraze kouraj yo, pou fč yo fč kňve travo fňse san pran souf. Moun pčp Izrayčl yo bati lavil Piton ak Ranmsčs pou farawon an. Se nan lavil sa yo yo te fč depo manje.
| |
| | Exd 1:12 | Men, tank moun Lejip yo t'ap peze moun pčp Izrayčl yo, se tank yo t'ap fč pitit, se plis yo t'ap peple. Moun Lejip yo vin rayi moun pčp Izrayčl yo.
| |
| | Exd 1:13 | Se konsa, yo fč pčp Izrayčl la tounen esklav.
| |
| | Exd 1:14 | Yo rann yo lavi minab, yo fč yo travay rčd ap bat mňtye, ap fč brik, ap fč tout lňt kalite kňve nan jaden. Yo bat yo, yo fňse yo fč tout kalite travay sa yo.
| |
| | Exd 1:15 | ś Lč sa a, te gen de fanmchay ki te konn akouche medam ebre yo. Yonn te rele Chifra, lňt la te rele Pwa. Wa Lejip la rele yo,
| |
| | Exd 1:16 | li di yo: -Lč n'ap akouche medam ebre yo, lč yo sou choukčt, louvri je nou. Si pitit la se yon gason, touye l'. Men si se yon fi, kite l' viv.
| |
| | Exd 1:17 | Men, fanmchay yo te gen krentif pou Bondye. Yo pa t' fe sa wa Lejip la te ba yo lňd fč a. Yo te kite ti gason yo viv tou.
| |
| | Exd 1:18 | Lč sa a, wa a fč rele fanmchay yo, li mande yo: -Poukisa nou fč sa? Apa nou kite ti gason yo viv tou?
| |
| | Exd 1:19 | Medam yo reponn: -Fanm ebre sa yo pa tankou fanm Lejip yo non. Yo gen kouraj sou yo wi. Anvan fanmchay la rive, yo gen tan akouche.
| |
| | Exd 1:20 | Bondye te beni fanmchay yo. Moun pčp Izrayčl yo menm t'ap vin pi plis toujou. Yo t'ap vin pi fň.
| |
| | Exd 1:21 | Paske fanmchay yo te gen krentif pou Bondye, Bondye te ba yo anpil pitit.
| |
| | Exd 1:22 | Lč sa a, farawon an bay pčp la lňd sa a: -Se pou nou jete tout ti gason ki fčt lakay moun ebre yo nan gwo larivyč a. Men, kite tout ti fi yo viv.
| |