| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Psa 9:1 | ś (9:1) Pou chčf sanba yo. Sou menm lč ak chante ki di: Lanmň pitit gason an. Se yon sňm David. (9:2) M'a fč lwanj ou ak tout kč m', Seyč. M'a rakonte tout bčl mčvčy ou yo.
| |
| | Psa 9:2 | (9:3) Se ou menm k'ap fč m' chante, se ou menm k'ap fč kč m' kontan. Bondye ki anwo nan syčl la, m'a chante lwanj ou.
| |
| | Psa 9:3 | (9:4) Parčt ou parčt, lčnmi m' yo fč bak. Yo pran tranble, yo tonbe, yo mouri.
| |
| | Psa 9:4 | (9:5) Tankou yon jij ki san patipri, ou chita sou fotčy ou. ou fč m' jistis, ou defann kňz mwen.
| |
| | Psa 9:5 | (9:6) Ou regle moun lňt nasyon yo, ou detwi mechan yo. Ou efase non yo nčt pou tout tan.
| |
| | Psa 9:6 | (9:7) Pa gen lčnmi ankň, yo fini nčt. Ata lavil yo ou vide atč. Pa gen anyen pou fč moun chonje yo ankň.
| |
| | Psa 9:7 | (9:8) Men Seyč a, se wa li ye pou tout tan. Li mete fotčy li la pou l' fč jistis.
| |
| | Psa 9:8 | (9:9) Li gouvčnen tout bagay avčk jistis. Li jije tout moun san patipri.
| |
| | Psa 9:9 | (9:10) Moun y'ap peze yo, se bň kote Seyč a yo jwenn pwoteksyon. Se la yo jwenn yon kote pou yo kache, lč yo nan tray.
| |
| | Psa 9:10 | (9:11) Moun ki konnen ou, Seyč, y'ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k'ap chache ou.
| |
| | Psa 9:11 | ś (9:12) Ann fč lwanj Seyč a k'ap gouvčnen sou mňn Siyon an. Ann fč tout nasyon yo konnen sa li te fč.
| |
| | Psa 9:12 | (9:13) Bondye chonje moun k'ap soufri yo, li pa bliye rčl malere yo, li pini moun ki fč yo mal.
| |
| | Psa 9:13 | (9:14) Gen pitye pou mwen, Seyč! Gade nan ki mizč moun ki rayi m' yo mete m'. vin sove m'! Pa kite m' mouri, Seyč,
| |
| | Psa 9:14 | (9:15) pou m' ka kanpe devan moun lavil Jerizalčm yo, pou m' di yo poukisa m'ap fč lwanj ou. M'ap kontan nčt, paske ou te delivre m'.
| |
| | Psa 9:15 | (9:16) Moun lňt nasyon yo fouye yon gwo twou: se yo menm ki tonbe ladan li. Yo tann yon pčlen: se pye yo ki pran ladan li.
| |
| | Psa 9:16 | (9:17) Seyč a fč yo konnen ki moun li ye, li jije yo san patipri. Sa mechan yo fč a tounen kont yo.
| |
| | Psa 9:17 | (9:18) Tout mechan yo gen pou mouri. Tout moun ki bliye gen Bondye gen pou mouri tou.
| |
| | Psa 9:18 | (9:19) Se pa tout tan yo ka bliye moun ki nan mizč. Se pa tout tan yo ka wete espwa moun ki nan lafliksyon.
| |
| | Psa 9:19 | (9:20) Leve non, Seyč! Pa kite lčzňm genyen batay la! Mennen moun lňt nasyon yo vin jije devan ou.
| |
| | Psa 9:20 | (9:21) Fč kč yo kase, Seyč! Fč yo konnen se moun ase yo ye.
| |