| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Job 7:1 | ś Lavi yon nonm sou latč, se tankou sčvis militč l'ap fč. Li tankou moun k'ap vann jounen!
| |
| | Job 7:2 | Li tankou yon esklav k'ap tann lannwit pou l' poze, tankou yon travayč k'ap tann kňb jounen travay li.
| |
| | Job 7:3 | Depi kčk mwa, m' pa wč poukisa m'ap viv. Tout lannwit se soufri m'ap soufri.
| |
| | Job 7:4 | M' poko kouche nan kabann mwen, m'ap mande kilč pou l' jou. Nwit la long. M' pa ka dňmi, yon bann vye lide ap pase nan tčt mwen jouk solčy leve.
| |
| | Job 7:5 | Tout kň m' plen vč ak gwo plak bouton toupatou. Po m' fann fann, l'ap bay postim.
| |
| | Job 7:6 | Jou m' yo pase pi vit pase zegwi nan men moun k'ap maye senn. Yo disparčt, pa gen anyen m'ap tann ankň.
| |
| | Job 7:7 | ś Bondye o! Pa bliye, lavi m' tankou yon nwaj k'ap pase. Lč m'a fčmen je m', mwen p'ap janm kapab jwi lavi a ankň.
| |
| | Job 7:8 | Ou wč m' koulye a, men ou p'ap janm wč m' ankň. W'a chache m', ou p'ap jwenn mwen.
| |
| | Job 7:9 | Tankou yon nwaj ki ale nčt, ki disparčt, lč yon moun mouri, pa gen leve pou li ankň.
| |
| | Job 7:10 | Li p'ap janm tounen lakay li. Moun lakay li tou bliye l'.
| |
| | Job 7:11 | Se poutčt sa, m' pa ka pa pale. Kč m' sere. Kite m' pale pale m'. Lapenn kaye nan kč m'. Kite m' plenyen plenyen m'.
| |
| | Job 7:12 | Poukisa ou mete moun veye m' konsa? M' pa lanmč. M' pa gwo bčt lanmč.
| |
| | Job 7:13 | M' te di nan kč m': M' pral lage kň m' yon kote. M'a pran yon ti kanpo. Si m' dňmi, m'a jwenn yon ti soulajman!
| |
| | Job 7:14 | Men, ou fč m' fč yon bann vye rčv k'ap fč m' pč. M'ap fč yon bann vye vizyon k'ap fč m' tranble.
| |
| | Job 7:15 | Lč konsa, pito moun te trangle m'. Pito m' te mouri pase pou m' soufri tout doulč sa yo.
| |
| | Job 7:16 | Se fini m'ap fini. Fňk mwen mouri yon jou! Kite m' pou kont mwen. Lavi m' prčt pou bout!
| |
| | Job 7:17 | ś Kisa lčzňm ye pou ou pran ka yo konsa? Kisa yo ye menm pou w'ap okipe yo konsa?
| |
| | Job 7:18 | Chak maten ou pase wč jan yo ye. Chak lč, w'ap gade nan fon kč yo, w'ap sonde yo.
| |
| | Job 7:19 | Kilč w'a sispann gade m'? Ban m' yon ti souf non kont pou m' vale krache m'!
| |
| | Job 7:20 | Si m' fč peche, kisa m' fč ou? Di m' non, ou menm k'ap veye tou sa moun ap fč? Poukisa w'ap plante tout flčch ou yo nan kň m' konsa? Poukisa ou fč m' tounen yon chay pou ou?
| |
| | Job 7:21 | Se sipňte ou pa ka sipňte ankň sa mwen fč ki mal? Se padonnen ou pa ka padonnen peche m' yo? Talč konsa mwen pral anba tč. W'a chache m', ou p'ap jwenn mwen ankň.
| |