All NT OTBook
Compare Texts
Esther 1 Job 1

Job 2:1-13

Job 3 Psalms 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Job 2:1
 
ś Yon jou tout zanj Bondye yo te reyini devan Seyč a, Satan vini tou nan mitan yo.  
 
Job 2:2
 
Seyč a mande l': -Kote ou soti? Satan reponn: -Mwen sot moute desann toupatou sou latč, mwen t'ap pwonmennen gade.  
 
Job 2:3
 
Seyč a di Satan konsa: -Eske ou te wč Jňb, sčvitč m' lan? Pa gen tankou l' sou tout latč. Se yon nonm san repwňch ki mache dwat nan tou sa l'ap fč. Li gen krentif pou Bondye, li toujou ap chache fč sa ki byen. Se koulye a li kenbe m'. Ou wč se pou gremesi ou t'ap pouse m' pou m' te fini avč l'.  
 
Job 2:4
 
Satan reponn li: -Lavi miyň pase byen! Yon moun va bay tou sa li genyen pou l' pa mouri.  
 
Job 2:5
 
Men, si ou manyen kň pa l' menm, ou mčt sčten fwa sa a, l'ap di sa li pa t' dwe di sou ou nan figi ou.  
 
Job 2:6
 
Seyč a di Satan konsa: -Ou mčt fč sa ou vle avč l'. Men, pa touye l' pou mwen.  
 
Job 2:7
 
ś Lamenm, Satan vire do l', li ale. Li fč gwo bouton pete sou tout kň Jňb, depi anba pla pye l' jouk nan po tčt li.  
 
Job 2:8
 
Lč sa a, Jňb soti, li al chita nan pil sann kote yo boule fatra. Li pran yon moso krich kraze pou grate kň l'.  
 
Job 2:9
 
Madanm li di l' konsa: -Ou nan kenbe pye Bondye fčm toujou? Joure l' byen joure, epi mouri mouri ou kont fini!  
 
Job 2:10
 
Jňb di li: -Pe bouch ou la, madanm! W'ap pale tankou moun fou! Lč Bondye ban nou benediksyon, nou kontan. Atň poukisa pou nou plenyen lč li voye malč sou nou? Malgre tou sa ki te rive l', Jňb pa t' kite ankenn move pawňl soti nan bouch li pou li fč peche kont Bondye.  
 
Job 2:11
 
ś Twa nan zanmi Jňb yo vin konnen tout malč ki te tonbe sou li. Yo kite peyi yo, yo vin wč Job. Se te Elifaz, moun Teman, Bildad, moun Chwak, epi Sofa, moun Naama. Yo fč lide vin ansanm pou plenn sň li epi pou ba li kouraj.  
 
Job 2:12
 
Yo te yon bčl ti distans toujou lč yo wč Jňb. Yo pa t' rekončt li. Lč yo rekončt li, dlo vin nan je yo, yo konmanse rele, yo kriye. Yo chire rad sou yo, yo voye pousyč tč sou tčt yo tčlman sa te fč yo lapenn.  
 
Job 2:13
 
Apre sa, yo chita atč a bň kot Jňb pandan sčt jou sčt nwit san di yon mo, paske yo te wč jan l'ap soufri.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Esther 1Job 11 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 35 Job 3Psalms 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards