| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Job 19:1 | ś Jňb pran lapawňl, li di konsa:
| |
| | Job 19:2 | -Manyč sispann vire lňlňj mwen non! Manyč sispann kraze kouraj mwen ak tout pawňl sa yo?
| |
| | Job 19:3 | Tout tan n'ap plede joure m', n'ap trennen m' nan labou. Nou pa wont jan n'ap malmennen m' la a?
| |
| | Job 19:4 | Menm si mwen ta fč sa m' pa t' dwe fč, ki jan pou sa ta ka fč nou mal?
| |
| | Job 19:5 | Nou konprann nou pi bon pase m'. Nou di se paske mwen antň kifč m'ap pase tray sa a.
| |
| | Job 19:6 | Nou pa wč se Bondye k'ap manyen avč m'. Se li menm ki pran m' nan pčlen.
| |
| | Job 19:7 | Si m' rele anmwe ansasen, pesonn p'ap reponn. Si m' mande jistis, pesonn p'ap kanpe pou defann mwen.
| |
| | Job 19:8 | ś Bondye bare tout chemen devan mwen. M' pa ka pase. Li fč m' wč tou nwa devan mwen.
| |
| | Job 19:9 | Li fč yo ban m' move non. Li fč m' pčdi tout byen m'.
| |
| | Job 19:10 | Li minen m' tout jan. M'ap deperi. Li wete tout espwa m'. Mwen tankou yon pyebwa yo derasinen.
| |
| | Job 19:11 | Bondye ankňlč nčt sou mwen. Li konsidere m' tankou yon lčnmi.
| |
| | Job 19:12 | Li voye yon bann malč sou mwen yon grenn kou, tankou yon lame k'ap atake m'. Yo rive sou mwen san m' pa wč sa. Yo sčnen m' anndan lakay mwen.
| |
| | Job 19:13 | Bondye fč frč m' yo renka kň yo sou mwen. Zanmi m' yo kouri pou mwen.
| |
| | Job 19:14 | Tout fanmi mwen yo, tout bon zanmi m' yo disparčt. Moun mwen te konn resevwa lakay mwen bliye m'.
| |
| | Job 19:15 | Ata sčvant lakay mwen pa rekončt mwen. Pou yo, yo pa janm konnen m'.
| |
| | Job 19:16 | Si mwen rele yon domestik, li pa reponn mwen. Mwen te mčt lapriyč nan pye l', li pa okipe m'.
| |
| | Job 19:17 | Madanm mwen pa ka pran sant mwen. Ata pwňp pitit mwen yo pč pwoche bň kote m'.
| |
| | Job 19:18 | Tout timoun ap pase m' nan betiz. Si m' fč yon ti kanpe, yo pase m' nan tenten.
| |
| | Job 19:19 | Pi bon zanmi m' yo ap gade m' ak degoutans. Sa m' pi renmen yo ap pale sou do m'.
| |
| | Job 19:20 | Mwen tounen zo ak po. Sa ki rete pou m' mouri a pa anyen.
| |
| | Job 19:21 | Nou se zanmi m'. Pitye pou mwen! Pitye! Se Bondye menm ki leve men sou mwen.
| |
| | Job 19:22 | Poukisa pou nou leve dčyč m' tou menm jan ak Bondye? Koulye a, nou pa pčsekite m' kont nou?
| |
| | Job 19:23 | ś Si sčlman te gen yon moun pou kouche pawňl mwen yo, pou ekri yo sou papye,
| |
| | Job 19:24 | pou grave yo ak sizo sou wňch plat, pou yo toujou rete make!
| |
| | Job 19:25 | Mwen menm, mwen konnen moun ki gen pou vin pran defans mwen an byen vivan. Se li menm an dčnye k'ap kanpe sou latč pou pale pou mwen.
| |
| | Job 19:26 | Apre m' fin mouri, l'ap mete m' kanpe bň kote l'. M'a wč Bondye ak pwňp je m'.
| |
| | Job 19:27 | Se mwen menm menm k'ap wč l'. Se p'ap yon lňt moun! Kč m' ap fann,
| |
| | Job 19:28 | paske n'ap mande ki jan pou n' fč m' pase mizč ankň? Ki rezon n'ap jwenn nan mwen pou nou atake m'?
| |
| | Job 19:29 | Men, atansyon pou se pa sou nou nepe a tonbe, lč Bondye va soti pou pini moun ki antň yo. Lč sa a, n'a konnen gen yon moun k'ap jije tout bon.
| |