| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Job 10:1 | ś M' degoute ak lavi a. M' pa ka kenbe ankň. Kite m' plenn sň mwen! Kite m' di tout lapenn ki nan kč mwen!
| |
| | Job 10:2 | M'a di Bondye: Tanpri, pa kondannen m'. Fč m' konnen poukisa ou leve dčyč m' konsa.
| |
| | Job 10:3 | Eske ou gen rezon pou ou fč m' tou sa w'ap fč m' lan, pou ou meprize sa ou fč ak men ou, pou ou ri lč mechan yo ap fč konfyolo yo?
| |
| | Job 10:4 | Eske ou wč sa k'ap fčt sou latč tankou nou menm moun nou wč l' la?
| |
| | Job 10:5 | Lavi ou pa tankou lavi pa nou. Nou gen pou nou mouri, ou menm w'ap toujou la.
| |
| | Job 10:6 | W'ap chache dčnye ti peche moun fč. Ou dčyč pou ou konnen tou sa mwen fč ki mal.
| |
| | Job 10:7 | Ou konnen m' pa antň. Pa gen moun ki ka sove m' anba men ou!
| |
| | Job 10:8 | ś Se ak men ou ou te fč m'. Se avč l' ou te ban m' fňm mwen. Epi se ak menm men sa yo ou vle detwi m' ankň?
| |
| | Job 10:9 | Chonje se ou menm ki fč m' ak labou tč wouj. Koulye a, ou pral kraze m' fč m' tounen pousyč?
| |
| | Job 10:10 | Se ou menm ki bay papa m' fňs pou li fč m'. Ou fč m' devlope nan vant manman mwen.
| |
| | Job 10:11 | Ou fč tout zo ak tout venn nan kň m'. Ou kouvri yo ak vyann epi ak po.
| |
| | Job 10:12 | Lčfini, ou fč m' kado lavi. Ou veye avčk prekosyon pou m' pa mouri.
| |
| | Job 10:13 | Men, ou te gen yon lňt lide dčyč tčt ou. Koulye a, mwen konnen ou te pare yon lňt bagay pou mwen.
| |
| | Job 10:14 | ś Ou t'ap veye m' pou wč si m' t'ap fč sa m' pa t' dwe fč. Ou pa t'ap kite anyen pase pou mwen.
| |
| | Job 10:15 | Si m' antň, zafč m' pa bon! Mwen te mčt inonsan, m' pa ka leve tčt devan ou. Mwen wont, se yon pňv malere mwen ye devan ou.
| |
| | Job 10:16 | Si m' leve tčt mwen, ou fann dčyč m' tankou yon lyon dčyč bčt pou l' manje. Ou rive fč mirak pou ou ka fč m' lapenn.
| |
| | Job 10:17 | Ou toujou pare pou fč yon atak sou mwen. Chak jou w'ap vin pi ankňlč. Se san pran souf w'ap voye lafliksyon sou mwen yonn apre lňt.
| |
| | Job 10:18 | Bondye, poukisa ou te kite m' soti nan vant manman m'? Mwen ta mouri anvan pesonn ta wč m'.
| |
| | Job 10:19 | Soti nan vant, ale nan simityč, se tankou si m' pa t' janm fčt.
| |
| | Job 10:20 | Mwen pa rete lontan pou m' viv ankň. Kite m' pou kont mwen! Ban m' yon ti kanpo. Kite m' jwi de twa jou ki rete m' yo non!
| |
| | Job 10:21 | Talč konsa mwen prale pou m' pa janm tounen. Mwen prale nan peyi kote ki fč nwa a, kote moun pč a,
| |
| | Job 10:22 | nan peyi kote se fčnwa ak dezňd ase ki gen toutan, kote menm gwo lajounen fč nwa tankou lannwit!
| |