All NT OTBook
Compare Texts
Esther 1 Esther 10

Job 1:1-22

Job 2 Psalms 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Job 1:1
 
ś Te gen yon nonm yo te rele Jňb. Li te rete nan peyi Ouz. Se te yon nonm san repwňch ki te mache dwat nan tou sa l'ap fč. Li te gen krentif pou Bondye, li te toujou ap chache fč sa ki byen.  
 
Job 1:2
 
Li te gen sčt pitit gason ak twa pitit fi.  
 
Job 1:3
 
Li te gen sčtmil (7.000) mouton, twamil (3.000) chamo, mil (1.000) tčt bčf, senksan (500) fenmčl bourik. Li te gen anpil anpil moun ap sčvi avč l'. Nonm sa a, se li ki te pi grannčg nan peyi bň solčy leve a.  
 
Job 1:4
 
ś Pitit gason Jňb yo te konn reyini yonn lakay lňt pou fč gwo resepsyon. Konsa, yo chak te gen jou pa yo. Yo te toujou envite twa sč yo vin manje, vin bwč ansanm ak yo tou.  
 
Job 1:5
 
Chak lč yo fin fete konsa, Jňb fč yo tout vini lakay li. Nan maten, anvan bajou kase, li leve, li boule ofrann bay Bondye pou mande padon pou yo chak. Li te toujou fč sa, paske li t'ap di nan kč l': Ou pa janm konnen. Pitit gason m' yo ka fč peche, yo ka di sa yo pa t' dwe di sou Bondye, san yo pa fč espre.  
 
Job 1:6
 
ś Yon jou tout zanj Bondye yo te reyini devan Seyč a, Satan vini tou nan mitan yo.  
 
Job 1:7
 
Seyč a mande l' konsa: -Kote ou soti? Satan reponn: -M' sot moute desann toupatou sou latč. Mwen t'ap pwonmennen gade!  
 
Job 1:8
 
Seyč a di Satan konsa: -Eske ou te wč Jňb, sčvitč m' lan? Pa gen tankou l' sou tout latč. Se yon nonm san repwňch ki mache dwat nan tou sa l'ap fč. Li gen krentif pou Bondye, li toujou ap chache fč sa ki byen.  
 
Job 1:9
 
Satan reponn li: -Atň, se pou gremesi Jňb gen krentif pou ou konsa a?  
 
Job 1:10
 
Ou toujou pwoteje l', li menm, moun lakay li ansanm ak tou sa li genyen. Ou beni tou sa l'ap fč. Bčt li yo plen peyi a.  
 
Job 1:11
 
Men, kite ou manyen byen li yo pou ou wč, m' garanti ou, l'ap di sa l' pa t' dwe di sou ou nan figi ou!  
 
Job 1:12
 
Seyč a di Satan: -Bon! Ou mčt fč sa ou vle ak byen l' yo. Men, m' tou pale ou, li menm, pa manyen l'! Se konsa Satan vire do l', li ale.  
 
Job 1:13
 
ś Yon jou, pitit gason ak pitit fi Jňb yo te nan gwo resepsyon kay pi gran frč a. Yo t'ap manje, yo t'ap bwč diven.  
 
Job 1:14
 
Yon mesaje kouri vin jwenn Jňb, li di l' konsa: -Nou t'ap raboure tč ak bčf yo, fenmčl bourik yo t'ap manje toupre,  
 
Job 1:15
 
lč yon bann moun Seba tonbe sou nou, yo pran tout bčt yo, yo touye tout moun ou yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin di ou sa.  
 
Job 1:16
 
Msye pa t' ankň fin pale lč yon lňt moun kouri vini. Li di konsa: -Loraj tonbe sou mouton yo, li boule ni bčt yo ni gadň yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin fč ou konn sa.  
 
Job 1:17
 
Msye pa t' ankň fin pale lč yon lňt moun rive, li di konsa: -Twa bann moun Kalde tonbe sou chamo ou yo, yo pran yo, y' ale ak yo. Yo touye tout moun ou yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin di ou sa.  
 
Job 1:18
 
Msye t'ap pale toujou lč yon lňt moun vin rive, li di konsa: -Pitit gason ak pitit fi ou yo t'ap manje, yo t'ap bwč diven lakay premye pitit gason ou lan,  
 
Job 1:19
 
lč yon sčl gwo van tanpčt leve soti nan dezč a. Li kraze kay la, li touye tout moun. Se renk mwen menm ki resi chape vin di ou sa.  
 
Job 1:20
 
ś Lč Jňb tande sa, li leve. Yon sčl lapenn pran l', li chire rad sou li, li koupe tout cheve nan tčt li, li lage kň l' atč, li bese tčt li.  
 
Job 1:21
 
Epi li di: -San anyen m' soti nan vant manman m'. San anyen m'ap tounen anba tč. Seyč a bay! Seyč a pran! Lwanj pou Seyč a!  
 
Job 1:22
 
Malgre tout malč sa yo ki te rive l', Jňb pa t' fč ankenn peche, ni li pa janm di sa li pa t' dwe di sou Bondye.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Esther 1Esther 101 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 35 Job 2Psalms 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards