All NT OTBook
Compare Texts
Nehemiah 1 Esther 5

Esther 6:1-14

Esther 7 Job 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Est 6:1
 
ś Menm jou lannwit sa a, wa a pa t' ka dňmi. Li fč yo pote achiv gouvčnman kote yo te ekri tou sa ki te pase nan peyi a nan tan lontan. Li fč yo li ladan l' pou li.  
 
Est 6:2
 
Nan sa yo li a, te gen yon pňsyon kote yo te rakonte ki jan Madoche te dekouvri konplo de nan domestik konfyans wa a, Bigtan ak Tčrčch, ki t'ap fč pňs devan chanm wa a, te moute pou yo ansasinen wa a.  
 
Est 6:3
 
Wa a mande: -Kisa yo te fč pou Madoche lč sa a? Kisa yo te ba li pou sa? Mesye ki te la ap sčvi wa a reponn: -Yo pa t' fč anyen pou li non.  
 
Est 6:4
 
ś Wa a mande: -Kilčs nan chčf yo ki nan lakou palč a? Lč sa a, Aman te fčk antre nan lakou palč a. Li te vin mande wa a pou l' te fč pann Madoche nan poto li te pare a.  
 
Est 6:5
 
Mesye yo reponn: -Aman la a wi! L'ap espere ou nan lakou a. Wa a di: -Fč l' antre!  
 
Est 6:6
 
Lč Aman antre, wa a di l' konsa: -Ki pi bčl bagay m' ta fč pou yon moun mwen ta renmen remčsye pou sčvis li rann mwen. Aman di nan kč l': Pa gen lňt moun wa a ta renmen remčsye pase mwen menm!  
 
Est 6:7
 
Epi li di wa a: -Yon moun ou ta renmen remčsye pou sčvis li rann ou!  
 
Est 6:8
 
Enben! Fč yo pran yonn nan bčl rad ou konn mete sou ou yo pote l' bay moun sa a. Pran chwal ou konn moute a ak tout kouwňn lan sou tčt li.  
 
Est 6:9
 
Chwazi yonn nan pi gwo chčf ou yo, fč l' al abiye moun sa a ak rad wa a. Lčfini, l'a fč l' moute sou chwal la. Epi, l'a pwonmennen l' nan tout lavil la sou plas piblik la. Pandan y'ap mache konsa, chčf la va di byen fň: Men ki jan wa a remčsye moun pou sčvis yo rann li.  
 
Est 6:10
 
Lč sa a, wa a di Aman: -Kouri al chache rad la ak chwal la. Epi w'a fč tou sa ou di la a pou Madoche, nonm jwif la. w'a jwenn li chita bň pňtay palč a. Pa bliye anyen nan sa ou te di fč a.  
 
Est 6:11
 
Aman pran rad la ak chwal la, li mete rad la sou Madoche. Li fč Madoche moute sou chwal la. Epi, Aman pwonmennen l' sou plas piblik la. Pandan y'ap mache konsa, li t'ap di byen fň pou tout moun tande: Men ki jan wa a remčsye moun pou sčvis yo rann li.  
 
Est 6:12
 
ś Apre sa, Madoche tounen tounen l' bň pňtay palč wa a. Aman menm kouri al lakay li, li bouche figi l' sitčlman li te wont.  
 
Est 6:13
 
Li rakonte madanm li ak tout zanmi l' yo tou sa ki te rive l'. Lčfini, Zerčs, madanm li, ak zanmi l' yo ki te gen bon konprann di l' konsa: -Si Madoche se yon jwif vre, koulye a ou p'ap ka fč l' anyen. Ou konmanse pčdi pye devan l'. Ou mčt sčten se li k'ap kraze ou.  
 
Est 6:14
 
Zanmi l' yo t'ap pale toujou, lč domestik konfyans wa yo rive vin chache Aman pou l' ale touswit nan fčt Estč te pare a.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Nehemiah 1Esther 51 2 3 4 5 6 7 8 9 10 Esther 7Job 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards