All NT OTBook
Compare Texts
Nehemiah 1 Esther 3

Esther 4:1-17

Esther 5 Job 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Est 4:1
 
ś Lč Madoche pran nouvčl tou sa ki t'ap pase, sa te fč l' lapenn anpil. Li chire rad sou li. Li mete yon rad sak anwo li ak sann dife sou tčt li, li pran lari pou li, li t'ap rele, li t'ap plenn byen fň.  
 
Est 4:2
 
Li rive devan pňtay palč a. Li pa antre, paske moun pa gen dwa antre anndan kay wa a ak rad sak sou yo.  
 
Est 4:3
 
Nan tout pwovens yo, toupatou kote yo te pibliye lňd wa a, se te yon gwo lafliksyon pou jwif yo. Yo fč jčn, yo t'ap kriye, yo t'ap plenn. Anpil ladan yo mete rad sak sou yo, yo kouche nan sann dife.  
 
Est 4:4
 
Lč sčvant Estč yo ansanm ak domestik konfyans li yo al di li sa Madoche t'ap fč, sa te boulvčse li anpil. Estč voye bon rad bay Madoche pou li te ka wete rad sak la sou li. Men Madoche derefize.  
 
Est 4:5
 
ś Lč sa a, Estč rele Atach, yonn nan domestik konfyans wa a te ba li pou sčvis li, li voye l' bň kote Madoche pou konnen sa k'ap pase ak poukisa l'ap fč sa.  
 
Est 4:6
 
Atach al jwenn Madoche sou plas piblik ki te devan pňtay palč wa a.  
 
Est 4:7
 
Madoche rakonte l' tou sa ki te rive l', ki jan Aman te pwomčt pou l' te bay anpil lajan pou mete nan kčs wa a si wa a te dakň pou yo masakre tout jwif yo.  
 
Est 4:8
 
Li bay Atach yon kopi lňd wa a yo te pibliye lavil Souz la, ki te mande pou yo te detwi tout jwif yo. Madoche mande l' pou l' pote kopi piblikasyon an bay Estč, pou li esplike l' sitiyasyon an, lčfini pou Estč al bň kot wa a pou pale avč l', pou mande l' gras pou pčp li a.  
 
Est 4:9
 
Atach al di Estč tou sa Madoche te di l'.  
 
Est 4:10
 
Estč menm voye Atach di Madoche konsa: -Pčsonn, li te mčt fanm li te mčt gason, pa gen dwa antre nan lakou anndan palč a pou wč wa a, si se pa wa a ki voye chache l'. Si yon moun fč sa, y'ap touye l'. Se lalwa.  
 
Est 4:11
 
Tout moun k'ap travay ak wa a ansanm ak tout pčp lňt peyi ki sou lňd li yo konn sa. Sčl jan pou l' pa mouri se si wa a lonje baton an lň a bay moun lan. Mwen menm, gen yon mwa depi wa a pa mande pou mwen.  
 
Est 4:12
 
Lč Atach bay Madoche mesaj Estč a,  
 
Est 4:13
 
Madoche voye repons sa a bay Estč: -Pa mete nan tčt ou lč y'ap touye jwif yo w'ap chape paske se lakay wa a ou rete.  
 
Est 4:14
 
Si ou konprann pou fčmen bouch ou nan yon ka konsa, Bondye ap toujou delivre pčp jwif la. Y'a sove, men ou menm, w'ap mouri epi fanmi ou ap disparčt. Ou pa janm konnen si se pa pou move pa sa a ou larenn jounen jňdi a.  
 
Est 4:15
 
Estč voye reponn Madoche:  
 
Est 4:16
 
-Ou mčt ale. Reyini dčnye jwif ki nan lavil Souz; fč yo fč jčn pou mwen. N'a pase twa jou twa nwit san manje san bwč. Mwen menm bň pa m' ansanm ak sčvant mwen yo, nou pral fč jčn tou. Apre sa, m' aval kote wa a, atout lalwa defann sa. Si se pou m' mouri, m'a mouri.  
 
Est 4:17
 
Madoche ale, li fč tou sa Estč te di l' fč a.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Nehemiah 1Esther 31 2 3 4 5 6 7 8 9 10 Esther 5Job 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards