All NT OTBook
Compare Texts
Nehemiah 1 Nehemiah 13

Esther 1:1-22

Esther 2 Job 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Est 1:1
 
ś Vwala se te sou rčy wa Asyeris. Li t'ap gouvčnen sanvennsčt (127) pwovens depi peyi Lend rive peyi Letiopi.  
 
Est 1:2
 
Lč sa a, wa a te rete lavil Souz, kapital la, ki te tankou yon sitadčl.  
 
Est 1:3
 
Li te gen twazan depi li te wa. Yon jou, li bay yon gwo fčt babako pou tout chčf li yo ak pou tout moun k'ap sčvi avč l' nan gouvčnman an. Tout lame peyi Pčs ak peyi Medi a te la tou ansanm ak tout gouvčnč ak tout gwo zotobre pwovens yo.  
 
Est 1:4
 
Pandan sis mwa, wa a t'ap fč yo wč jan palč l' la te rich, jan li te grannčg anpil, ak kantite bčl bagay li te genyen.  
 
Est 1:5
 
Apre tout jou sa yo, wa a fč yon gwo fčt pou tout moun, rich kou pňv, ki te rete lavil Souz, kapital la. Pandan sčt jou, li resevwa mesye yo nan lakou jaden palč l' la.  
 
Est 1:6
 
Lakou palč a te dekore ak bčl rido koulč blan ak ble. Yo te mare rido yo ak bčl ti kňdon koulč violčt nan bag fčt an ajan moute sou gwo poto fčt an mab. Yo te ranje bčl ti kabann fčt an lň ak an ajan nan tout lakou a. Lakou a te pave ak mab blan, mab wouj, mab nwa, gwo pčl klere, ak bčl pye ble.  
 
Est 1:7
 
Yo te sčvi bweson nan gwo gode lň. Chak gode te gen yon fňm apa. Yo te bay diven wa a an kantite, jan wa a te vle l' la.  
 
Est 1:8
 
Tout moun t'ap bwč san pesonn pa kontwole bouch yo, paske wa a te bay kanbizye li yo lňd pou chak moun te jwenn mezi yo vle.  
 
Est 1:9
 
Larenn Vachti bň pa l' t'ap resevwa medam yo anndan palč wa Asyeris la.  
 
Est 1:10
 
ś Dčnye jou fčt la, wa a t'ap bwč, kč l' te kontan. Li fč rele sčt nan nčg konfyans pa l' yo: Se te Mayouman, Bizta, Abona, Bigta, Obagta, Zeta ak Kakas.  
 
Est 1:11
 
Li ba yo lňd pou y' al chache larenn Vachti ak tout kouwňn li sou tčt li. Larenn lan te yon bčl fanm. Wa a te vle fč pčp la ak tout chčf li yo wč jan li bčl.  
 
Est 1:12
 
Men lč nčg konfyans yo al di larenn Vachti lňd wa a te ba yo a, li derefize vini. Sa te fč wa a fache. Li te move anpil.  
 
Est 1:13
 
Se te koutim lan lč sa a chak fwa wa a te gen yon bagay pou l' regle, li toujou pran konsčy nan men moun ki konnen sa ki dwat ak sa lalwa mande. Se konsa, wa a fč chache konseye l' yo pou yo di l' sa pou l' fč.  
 
Est 1:14
 
Men konseye ki te pi pre l' yo se te Kachna, Cheta, Admata, Tachich, Meris, Masena ak Mimoukan, sčt gwo chčf ki te soti nan peyi Pčs ak nan peyi Medi ki te gen dwa wč wa a lč yo vle. Lčfini, se yo ki te gen premye plas nan gouvčnman an.  
 
Est 1:15
 
Wa a di yo konsa: -Dapre lalwa, kisa pou m' fč larenn Vachti? Mwen voye nčg konfyans mwen yo al ba li yon lňd, li derefize obeyi m'.  
 
Est 1:16
 
Lč sa a Mimoukan pran lapawňl devan wa a ak tout lňt chčf yo, li di konsa: -Se pa sčlman wa a larenn Vachti manke dega. Se tout chčf ak tout gason k'ap viv nan tout peyi ki sou lňd wa a li manke dega.  
 
Est 1:17
 
Lč medam yo va konnen sa larenn Vachti fč a, yo tout yo pral pran mari yo pou bňbňy. Y'ap di: Wa Asyeris ki wa Asyeris, li te bay larenn Vachti lňd pou vin bň kote l', larenn lan te derefize!  
 
Est 1:18
 
Lč madanm chčf peyi Pčs ak peyi Medi yo va konnen sa larenn lan fč la a, se sa ase yo pral pale nan zňrčy mari yo depi jňdi a menm. Lč sa a, toupatou medam yo p'ap respekte mari yo ankň. Mari yo menm pral fč kňlč sou madanm yo.  
 
Est 1:19
 
Si wa a dakň, se pou l' fč yon deklarasyon pou l' fč tout moun konnen larenn Vachti pa janm gen dwa parčt devan l' ankň. Li pral chwazi yon lňt madanm pi bon pase l' mete larenn nan plas li. Lčfini, l'a fč ekri lňd sa a nan liv lalwa peyi Pčs ak peyi Medi a, pou yo pa janm chanje l'.  
 
Est 1:20
 
Y'a pibliye lňd wa a nan tout gwo peyi ou la pou tout moun konnen. Lč sa a, mesye yo te mčt grannčg, yo te mčt ti nčg, madanm yo va gen respč pou yo.  
 
Est 1:21
 
Wa a ansanm ak chčf yo te renmen lide Mimoukan te bay la. Se konsa wa a fč sa Mimoukan te di fč a.  
 
Est 1:22
 
Li voye mesaj nan tout peyi ki te anba baton kňmandman l' lan. Mesaj la te ekri nan lang chak peyi, jan yo ekri lang lan nan peyi a. Li voye di se pou chak gason chčf lakay yo: Lč yo pale, se fini!  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Nehemiah 1Nehemiah 131 2 3 4 5 6 7 8 9 10 Esther 2Job 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards