All NT OTBook
Compare Texts
Ezra 1 Nehemiah 8

Nehemiah 9:1-38

Nehemiah 10 Esther 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Neh 9:1
 
ś Sou vennkatriyčm jou nan menm mwa a, tout moun pčp Izrayčl yo reyini pou fč jčn pou mande Bondye padon pou peche yo. Tout moun te la, yon rad sak kňlčt sou yo, pousyč tč kouvri tout tčt yo pou fč wč jan yo te nan lapenn.  
 
Neh 9:2
 
Tout moun pčp Izrayčl yo mete kň yo ansanm. Yo pa kite ankenn moun lňt nasyon mele ak yo. Epi se konsa yo kanpe, yo konmanse di tou sa yo menm yo fč ki mal ansanm ak tout peche zansčt yo te fč.  
 
Neh 9:3
 
Pandan twazč, yo tout rete kanpe kote yo te ye a, y'ap tande moun ap li nan liv lalwa Seyč a, Bondye yo a. Apre sa, pandan twazč ankň, yo t'ap di tout peche yo te fč, epi yo tonbe ajenou ap adore Seyč a, Bondye a.  
 
Neh 9:4
 
ś Yo te moute yon lestrad pou moun Levi yo. Men moun ki te kanpe sou lestrad la: Se te Jozye, Bani, Kadmyčl, Chebanya, Bouni, Cherebya, Bani ak Kenani. Yo t'ap lapriyč byen fň nan pye Bondye.  
 
Neh 9:5
 
Apre sa, moun Levi sa yo: Jozye, Kadmyčl, Bani, Achabnya, Cherebya, Odija, Chebanya ak Petaja pran lapawňl. Yo di: -Leve non, mezanmi! Fč lwanj Seyč a, Bondye nou an, pou toutan toutan! Se pou nou tout fč lwanj non li ki gen pouvwa, malgre moun p'ap janm ka rive fin di li mčsi ni fč lwanj li jan li merite l' la.  
 
Neh 9:6
 
Seyč, se ou menm ki sčl mčt. Pa gen lňt. Se ou ki fč syčl la, sa ki anwo syčl la ansanm ak tout sa ki ladan l'. Se ou ki fč tč a ak tou sa ki sou li, lanmč a ak tou sa ki ladan l'. Se ou ki bay tout bagay sa yo lavi. Tout pouvwa nan syčl la bese tčt devan ou pou adore ou.  
 
Neh 9:7
 
Seyč, se ou menm Bondye ki te chwazi Abram, ki te fč l' kite lavil Our nan peyi Kalde. Ou chanje non l', ou rele l' Abraram.  
 
Neh 9:8
 
Lč ou wč li te soti pou l' kenbe pawňl li ak ou, ou pase yon kontra avč l'. Ou pwomčt w'ap ba li peyi moun Kanaran yo, peyi moun Et yo ak peyi moun Amori yo, peyi moun Ferezi yo, peyi moun Jebis yo ak peyi moun Gigach yo pou li ak pou pitit pitit li yo. Ou te kenbe pwomčs ou yo paske ou pa janm nan bay manti.  
 
Neh 9:9
 
Ou te wč jan zansčt nou yo t'ap soufri nan peyi Lejip. Ou te tande jan yo t'ap rele mande sekou bň lanmč Wouj la.  
 
Neh 9:10
 
Ou te fč anpil mirak ak mčvčy pou pini farawon an, moun ki t'ap sčvi l' yo ansanm ak tout pčp peyi Lejip la paske ou te konnen jan moun sa yo t'ap maltrete pčp ou a. Depi lč sa a, y'ap nonmen nou ou jouk jňdi a.  
 
Neh 9:11
 
Ou louvri yon chemen nan lanmč a pou pčp la pase san pye yo pa mouye. Moun ki t'ap pousib yo, ou neye yo nan fon lanmč. Yo fč fon tankou wňch nan gwo lanmč.  
 
Neh 9:12
 
Lajounen se avčk yon gwo nwaj ou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, avčk yon flanm dife, ou klere chemen kote pou yo pase.  
 
Neh 9:13
 
Ou soti nan syčl la, ou desann sou mňn Sinayi a pou pale ak yo. Ou ba yo regleman ki pou fč yo mache dwat, lwa ki gen verite ladan l'. Ou ba yo bon prensip ak bon kňmandman.  
 
Neh 9:14
 
Ou moutre yo pou yo mete jou repo a apa pou ou. Ou voye Moyiz, sčvitč ou la, pou li ba yo tout kňmandman, tout lňd ak lalwa ou mande pou yo swiv.  
 
Neh 9:15
 
Lč yo te grangou, ou ba yo pen ki soti nan syčl la. Lč yo te swaf dlo, ou fč dlo pete soti nan wňch. Ou ba yo lňd pou y' al pran pou yo peyi ou te pwomčt ou t'ap ba yo a.  
 
Neh 9:16
 
Men, zansčt nou yo kite lňgčy vire lňlňj yo. Yo fč tčt di, yo derefize obeyi lňd ou te ba yo.  
 
Neh 9:17
 
Yo refize obeyi ou, yo bliye tout bčl mčvčy ou te fč pou yo. Yo fč tčt di, yo chwazi yon chčf pou mennen yo tounen nan esklavaj peyi Lejip la. Men, ou se Bondye ki konn padonnen. Ou gen pitye, ou gen bon kč. Ou pa fč kňlč fasil, Ou pa t' janm sispann renmen yo. Ou pa t' lage yo.  
 
Neh 9:18
 
Yo fonn metal, yo fč yon zidňl fňm yon ti towo bčf. Epi yo di se li menm ki bondye yo, bondye ki te fč yo moute soti kite peyi Lejip. Lč sa a, se pi gwo jouman yo ta ka fč ou!  
 
Neh 9:19
 
Men, ou pa vire do ou kite yo nan dezč a, sitčlman ou te gen anpil pitye pou yo. Ou pa t' wete nwaj ki t'ap moutre yo chemen pou yo pran lajounen, ni gwo flanm dife ki t'ap klere chemen pou yo te pran lannwit.  
 
Neh 9:20
 
Ou pran ti gout nan lespri ou, ou ba yo pou yo ka gen konprann. Ou toujou ba yo laman pou yo manje, ou toujou ba yo dlo lč yo te swaf dlo.  
 
Neh 9:21
 
Pandan karantan, ou pran swen yo nan dezč a: yo pa janm manke anyen! Rad sou yo pa janm fini, pye yo pa janm anfle.  
 
Neh 9:22
 
Ou lage nan men yo peyi anpil wa ak anpil pčp. Ou separe l' ba yo pou chak moun viv nan limit ou ba yo. Yo pran peyi Esbon, kote wa Siyon t'ap gouvčnen an, ak peyi Bazan kote wa Og te chčf la.  
 
Neh 9:23
 
Ou ba yo anpil pitit, menm kantite ak zetwal nan syčl la. Ou mennen yo nan peyi ou te pwomčt zansčt yo ou t'ap fč yo pran pou yo a.  
 
Neh 9:24
 
Yo anvayi peyi Kanaran, yo pran l' pou yo. Ou fč moun peyi Kanaran an bese tčt devan yo. Ou lage tout wa yo ak tout pčp ki t'ap viv nan peyi a nan men pčp ou a, pou yo te fč ak yo sa yo te vle.  
 
Neh 9:25
 
Pčp ou a mache pran tout lavil ki te gen gwo fň pou defann yo, ak tout bon venn tč moun yo. Yo pran tout kay yo ansanm ak tout byen ki te ladan yo. Yo jwenn sitčn tou fouye, jaden rezen, jaden oliv ak pyebwa k'ap donnen an kantite. Yo manje, yo plen vant yo, yo vin gra. Yo pran plezi jwi tout kantite bčl bagay ou te ba yo.  
 
Neh 9:26
 
Men, yo rete konsa, yo vire do ba ou, yo fč wondonmon. Yo pran lalwa ou la, yo voye l' jete dčyč do yo. Yo touye pwofčt ou te voye ak mesaj pou ba yo avčtisman pou yo te ka tounen vin jwenn ou. Se pa ti kras manke yo te manke ou dega!  
 
Neh 9:27
 
Se konsa, ou lage yo nan men moun ki pa vle we yo, ki bat yo nan lagč, ki mete pye sou kou yo. Nan tray yo te ye a, yo rele mande ou sekou. Ou rete nan syčl la, ou reponn yo. Ou te gen pitye pou yo, ou voye chčf pou delivre yo anba men moun ki t'ap peze yo.  
 
Neh 9:28
 
Men, kou ou ba yo yon ti souf, yo konmanse ap fč sa ki mal ankň devan ou. Ou lage yo nan men lčnmi ki t'ap kraze yo. Lč sa a ankň, yo pran rele nan pye ou. Ou menm menm, ou rete nan syčl la, ou reponn yo. Ou sitčlman gen bon kč, se pa ni de ni twa fwa ou delivre yo.  
 
Neh 9:29
 
Ou te avčti yo, ou te mande yo pou yo obeyi tout lňd ou yo. Men, lňgčy vire lňlňj yo, yo refize swiv kňmandman ou yo. Yo fč bagay ki pa dakň ak lňd ou ba yo. Epi se lč yon moun swiv lňd ou yo, li jwenn lavi! Men, yo fč wňklň, yo fč tčt di, yo derefize obeyi ou.  
 
Neh 9:30
 
Pandan lontan lontan, ou pran pasyans ak yo, ou voye lespri ou sou pwofčt ou yo pou avčti yo. Men, yo bouche zňrčy yo pou yo pa tande. Lč sa a, ou lage yo nan men moun lňt nasyon yo.  
 
Neh 9:31
 
Men, ou sitčlman gen bon kč, ou pa fin detwi yo nčt, ou pa lage yo nčt ale. Paske ou se yon Bondye ki gen bon kč, yon Bondye ki gen pitye pou moun!  
 
Neh 9:32
 
Koulye a, Bondye nou, ou se yon Bondye ki gen pouvwa, yon Bondye ki gen fňs kouraj, yon Bondye ki fč moun respekte l'. W'ap toujou kenbe kontra ou te pase a, ou p'ap janm sispann gen bon kč. Tanpri, chonje lafliksyon ki te tonbe sou nou tout, sou wa nou yo, sou chčf nou yo, sou prčt nou yo, sou pwofčt nou yo, sou zansčt nou yo ak sou tout pčp la, depi lč wa peyi Lasiri yo t'ap peze nou an rive jouk koulye a. Pa kite nou soufri tou sa pou gremesi.  
 
Neh 9:33
 
Nan tou sa ki rive nou an, ou te gen rezon ou nan pla men ou. Paske, ou menm ou toujou kenbe pawňl ou. Se nou menm ki toujou ap fč sa ki mal.  
 
Neh 9:34
 
Wi, wa nou yo, chčf nou yo, prčt nou yo ak zansčt nou yo pa t' fč sa ki nan lalwa ou la. Yo pa t' koute kňmandman ak avčtisman ou te ba yo.  
 
Neh 9:35
 
Lč yo t'ap viv nan peyi yo a avčk pwňp wa yo, avčk tout gwo benediksyon ou te ba yo, nan gwo peyi plen bon venn tč ou te mete nan men yo a, yo pa t' sčvi ou, yo pa t' sispann fč move bagay.  
 
Neh 9:36
 
Jňdi a, nou tounen esklav nan pwňp peyi nou, nan peyi ou te bay zansčt nou yo, pou yo te ka pwofite rekňt tč a bay ak tout lňt riches ki ladan l'. Nou tounen esklav lakay nou!  
 
Neh 9:37
 
Tout rekňt peyi a al nan pňch wa ou mete sou kou nou. Tou sa, paske nou te fč peche. Yo fč sa yo vle ak nou ansanm ak bčt nou yo. Aa! Gade nan ki mizč nou ye non!  
 
Neh 9:38
 
Avčk tout bagay sa yo ki rive nou, jňdi a nou menm pčp Izrayčl la, n'ap pran yon angajman, n'ap kouche l' sou papye. Epi tout chčf nou yo, tout moun Levi nou yo ak tout prčt nou yo pral siyen dokiman an anvan nou mete so sou li.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Ezra 1Nehemiah 81 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 Nehemiah 10Esther 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards