| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Neh 13:1 | ś Yon jou, pandan yo t'ap li nan liv lalwa Moyiz la pou pčp la, yo rive yon kote ki di: Moun Amon yo ak moun Moab yo pa janm gen dwa mete pwent pye yo kote pčp Bondye a sanble.
| |
| | Neh 13:2 | Paske moun Amon ak moun Moab yo te refize bay moun pčp Izrayčl yo pen ak dlo lč yo t'ap soti kite peyi Lejip la. Okontrč, yo bay Balaram lajan pou l' te ka madichonnen yo. Men, Bondye fč tou, li vire madichon an, li fč l' tounen benediksyon.
| |
| | Neh 13:3 | Lč moun pčp Izrayčl yo tande sa yo te li nan liv lalwa a, yo pran tout moun lňt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo, yo mete yo deyň.
| |
| | Neh 13:4 | Anvan tout bagay sa yo, se Elyachib, yonn nan prčt yo, yo te mete reskonsab chanm depo magazen tanp lan. Li te fanmi prčt Tobija.
| |
| | Neh 13:5 | Se konsa li pran yonn nan gwo chanm depo kote yo te konn mete ofrann yo, lansan an, veso ki sčvi nan tanp lan, ofrann ladim sou ble a, sou diven nivo a ak sou lwil, ofrann yo te fč pou moun Levi yo, pou mizisyen yo ak pou gad pňtay yo, ansanm ak pňsyon yo mete apa pou prčt yo, li fč ranje chanm lan pou Tobija.
| |
| | Neh 13:6 | Pandan tout bagay sa yo t'ap pase, mwen pa t' lavil Jerizalčm paske, lč wa Atagzčsčs te rive sou tranndezan depi l' t'ap gouvčnen, nou te fč yon vwayaj al bň kote l'. Kčk tan apre sa, li ban m' otorizasyon ankň,
| |
| | Neh 13:7 | epi m' tounen lavil Jerizalčm. Se lč sa a mwen vin konnen move bagay Elyachib te fč a, lč li te pran yon chanm nan lakou tanp Bondye a pou l' te bay Tobija rete.
| |
| | Neh 13:8 | Mwen te fache anpil poutčt sa. Mwen pran tout mčb ki te lakay Tobija yo, mwen jete yo deyň nan lari.
| |
| | Neh 13:9 | Lčfini, mwen bay lňd pou yo fč sčvis pou mete chanm depo yo nan kondisyon pou fč sčvis Bondye, apre sa pou yo mete tout veso ki pou sčvis tanp lan, ansanm ak ofrann yo ak lansan an nan plas yo ankň.
| |
| | Neh 13:10 | ś Mwen vin konnen tou pčp la pa t' bay sa pou yo te bay pou moun Levi yo, kifč moun Levi yo ak mizisyen yo te leve kite travay yo lavil Jerizalčm, yo tounen nan jaden yo.
| |
| | Neh 13:11 | Mwen rale zňrčy chčf yo, mwen mande yo poukisa yo pa okipe tanp la ankň. Mwen voye chache moun Levi yo ak mizisyen yo, m' fč yo tounen nan tanp lan vin fč travay yo.
| |
| | Neh 13:12 | Lč sa a, tout moun pčp Izrayčl yo pote ofrann ladim ble, ladim diven ak ladim lwil vin mete nan depo a.
| |
| | Neh 13:13 | Mwen chwazi twa moun: Chelemya, yon prčt, Zadňk, yon direktč lalwa, ak Pedaja, yon moun Levi, mwen mete yo reskonsab chanm depo yo. Mwen chwazi yon lňt moun, Anan, pitit gason Zakou, pitit pitit Matanya, pou ede yo nan travay la. Mwen konnen mesye sa yo te nčg serye. Se yo ki te reskonsab separe pwovizyon yo bay prčt ak moun Levi parčy yo.
| |
| | Neh 13:14 | Se poutčt sa, O Bondye mwen, pa bliye m', tanpri! Pa bliye tout bagay sa yo mwen te fč pou tanp ou a ak pou regleman ou bay yo, paske mwen bay lavi m' nčt pou sčvi ou!
| |
| | Neh 13:15 | ś Lč sa a tou, mwen wč kčk moun nan peyi Jida a ki t'ap fč ji rezen gwo jou repo a. Gen lňt menm ki t'ap chaje pakčt ble, diven, rezen, fig frans ak anpil lňt chay toujou sou bourik pou yo ale lavil Jerizalčm jou repo a. Mwen avčti yo pou yo pa vann jou sa a.
| |
| | Neh 13:16 | Te gen kčk moun lavil Tir ki te rete lavil Jerizalčm pou fč kňmčs. Yo te konn pote pwason ak tout lňt kalite machandiz pou yo te vann moun Jida yo jou repo a.
| |
| | Neh 13:17 | Mwen rale zňrčy chčf peyi Jida yo, mwen di yo: -Ki kalite bagay lčd n'ap fč la a konsa! Gade jan n'ap derespekte jou repo Bondye a non!
| |
| | Neh 13:18 | Se sa menm zansčt nou yo te konn fč, kifč Bondye nou an te pini nou, li te kite tout malč sa yo tonbe sou nou ak sou lavil la. Koulye a n'ap fč Bondye pi fache toujou lč nou pa respekte jou repo li a!
| |
| | Neh 13:19 | Se konsa mwen bay lňd pou yo toujou fčmen tout batan pňtay lavil la pou tout jou repo a, depi lavčy lč solčy fin kouche, epi pou yo kite yo fčmen pou jouk nan denmen lč solčy la va kouche ankň. Mwen mete kčk moun pa m' menm ap veye bň pňtay yo pou ankenn chay pa antre nan lavil la jou repo a.
| |
| | Neh 13:20 | Yonn ou de fwa, kčk machann k'ap fč trafik vann tout kalite machandiz te blije pase nwit lavčy jou repo a, deyň lňt bň pňtay lavil Jerizalčm.
| |
| | Neh 13:21 | Mwen avčti yo, mwen di yo: -Sa nou bezwen rete pase nwit lan deyň bň miray la fč? Si nou fč sa ankň, m'ap fč mete men sou nou. Depi lč sa a yo pa janm vini jou repo a ankň.
| |
| | Neh 13:22 | Mwen bay moun Levi yo lňd pou yo fč sčvis pou mete tčt pa yo nan kondisyon pou fč sčvis Bondye, apre sa pou yo vin veye pňtay yo pou nou te ka fete jou repo a jan Bondye vle l' la. Poutčt sa tou, o Bondye mwen, pa bliye mwen! Pou jan ou gen bon kč, tanpri, pitye pou mwen!
| |
| | Neh 13:23 | ś Se lč sa a tou, mwen vin wč te gen anpil jwif ki te marye ak fanm ki te moun peyi Asdňd, moun peyi Amon osinon moun peyi Moab.
| |
| | Neh 13:24 | Mwatye nan timoun yo te pale lang peyi Asdňd la ase ou ankň yon lňt kalite lang. Yo pa t' konn pale lang nou an.
| |
| | Neh 13:25 | Mwen rale zňrčy mesye yo, mwen mande pou madichon tonbe sou yo. Mwen fč bat anpil ladan yo, mwen fč rache cheve nan tčt yo. Mwen fč yo fč sčman devan Bondye pou yo pa janm pran pitit fi yo pou yo marye yo ak mesye lňt nasyon yo, ni tou pou yo pa janm pran fi nan mitan fi lňt nasyon yo pou madanm pa yo osinon pou madanm pitit gason yo.
| |
| | Neh 13:26 | Mwen di yo: -Se peche sa a menm wa Salomon te fč! Atout pa t' gen tankou l' nan tout wa lňt nasyon yo, atout Bondye l' la te renmen l', atout se Bondye menm ki te mete l' wa sou tout pčp Izrayčl la, se madanm lňt nasyon yo ki te pran tčt li pou fč l' fč sa ki mal.
| |
| | Neh 13:27 | Koulye a nou ta renmen tout moun vin konnen n'ap fč menm gwo peche sa a, n'ap trayi Bondye nou an, n'ap marye ak medam ki moun lňt nasyon?
| |
| | Neh 13:28 | Jojada te pitit Elyachib, granprčt la. Yonn nan pitit gason l' yo te marye ak pitit fi Sanbalat, nčg lavil Bčt-Owon an. Mwen mete l' deyň pou m' pa janm wč l' devan je m' ankň.
| |
| | Neh 13:29 | O Bondye mwen, pa janm bliye moun sa yo pou jan yo avili travay prčt yo ak kontra ou te siyen ak prčt yo ansanm ak moun Levi yo!
| |
| | Neh 13:30 | Mwen te wete tout bagay ki pou moun lňt nasyon yo nan mitan pčp la pou yo te ka nan kondisyon pou sčvi Bondye. Mwen fč regleman pou prčt yo ak moun Levi yo. Konsa, chak moun te gen travay pa yo.
| |
| | Neh 13:31 | Mwen bay lč pou yo fč ofrann bwa yo ak ofrann premye grenn ak premye fwi ki mi nan jaden lč rekňt. O Bondye mwen, pa bliye m' tande! Pa bliye se mwen menm ki fč tou sa!
| |