All NT OTBook
Compare Texts
Ezra 1 Nehemiah 10

Nehemiah 11:1-36

Nehemiah 12 Esther 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Neh 11:1
 
ś Tout moun ki te chčf pčp la te rete lavil Jerizalčm. Men pou rčs pčp la, yo tire osň pou yo chwazi yon fanmi sou chak dis fanmi pou al viv nan lavil Bondye a, Jerizalčm. Tout rčs yo va rete nan lňt lavil yo.  
 
Neh 11:2
 
Pčp la te fč lwanj tout moun ki te ofri tčt yo pou yo rete lavil Jerizalčm.  
 
Neh 11:3
 
Men lis chčf ki t'ap dirije pwovens Jida a, epi ki te rete lavil Jerizalčm. Rčs moun pčp Izrayčl la, prčt yo, moun Levi yo, travayč tanp yo ak pitit domestik wa Salomon yo t'ap viv nan lňt lavil peyi Jida a, chak moun nan lavil kote yo te moun lan, sou pňsyon tč ki te pou yo a.  
 
Neh 11:4
 
Moun branch fanmi Jida yo ak moun branch fanmi Benjamen yo te rete lavil Jerizalčm. Nan moun Jida yo te gen Ataja, pitit gason Ouzija. Ouzija sa a te pitit Zekaraya, Zekaraya te pitit Amarya, Amarya te pitit Chefatya, Chefatya te pitit Maleyčl, Maleyčl te pitit Perčs.  
 
Neh 11:5
 
Te gen Maseya, pitit gason Bawouk. Bawouk sa a te pitit Kňloze, Kňloze te pitit Azaja, Azaja te pitit Adaja, Adaja te pitit Jojarib. Jojarib te pitit Zekarya, Zekarya te pitit Chela.  
 
Neh 11:6
 
Antou te gen katsanswasanntwit (468) vanyan gason, moun fanmi Perčs, ki te tabli lavil Jerizalčm.  
 
Neh 11:7
 
Nan moun Benjamen yo te gen Salou, pitit gason Mechoulam. Mechoulam sa a te pitit Jočd, Jočd te pitit Pedaja, Pedaja te pitit Kolaja, Kolaja te pitit Maseja, Maseja te pitit Ityčl, Ityčl te pitit Jechaja.  
 
Neh 11:8
 
Te gen Gabayi ak Salayi, fanmi Salou tou. Antou te gen nčfsanvenntwit (928) moun Benjamen ki t'ap viv lavil Jerizalčm.  
 
Neh 11:9
 
Se Jočl, pitit Zikri, ki te chčf yo. Jeouda, pitit gason Asenwa a, te dezyčm chčf nan lavil Jerizalčm.  
 
Neh 11:10
 
Men prčt ki t'ap viv nan lavil la: Pou konmanse, te gen Jedaja, pitit gason Jojarib lan ak Jaken.  
 
Neh 11:11
 
Te gen Seraja, pitit Ilkija. Ilkija sa a te pitit Mechoulam, Mechoulam te pitit Zadňk, Zadňk te pitit Merajňt, Merajňt te pitit Akitoub. Se li menm Akitoub yo te chwazi pou sčvi granprčt nan tanp Bondye a.  
 
Neh 11:12
 
Antou te gen wisanvennde (822) moun nan fanmi sa a ki t'ap travay nan tanp lan. Te gen Adaja, pitit gason Jeworam. Jeworam sa a te pitit Pelaja, Pelaja te pitit Amsi, Amsi te pitit Zekarya, Zekarya te pitit Pachou, Pachou te pitit Malkija.  
 
Neh 11:13
 
Antou te gen desankarannde (242) moun nan branch fanmi sa a ki te chčf fanmi. Te gen Amasayi, pitit gason Azareyčl. Azareyčl sa a te pitit Aksayi, Aksayi te pitit Mechilemňt, Mechilemňt te pitit Imč.  
 
Neh 11:14
 
Te gen antou sanvenntwit (128) vanyan gason nan branch fanmi sa a. Se Zabdyčl, pitit gason Agadňl, ki te chčf yo.  
 
Neh 11:15
 
Nan moun Levi ki te rete nan lavil la, te gen Chemaja, pitit gason Achoub. Achoub sa a te pitit Azrikam, Azrikam te pitit Achabya, Achabya te pitit Bouni.  
 
Neh 11:16
 
Te gen Chabtayi ak Jozabad tou, de nan chčf moun Levi yo ki te reskonsab pou regle tout zafč tanp lan avčk lňt moun deyň.  
 
Neh 11:17
 
Te gen Matanya, pitit gason Mika. Mika sa a te pitit Zabadi, Zabadi te pitit Asaf. Se Matanya ki te konn voye chante yo, se li ki te konn konmanse kantik pou di Bondye mčsi lč yo t'ap lapriyč. Te gen Bakboukya, ki te asistan Matanya, ak Abda, pitit gason Chamwa. Chamwa sa a te pitit Galal, Galal te pitit Jedoutoun.  
 
Neh 11:18
 
Antou te gen desankatrevennčf (289) moun Levi nan lavil Bondye a.  
 
Neh 11:19
 
Nan moun k'ap fč pňs nan pňtay tanp yo te gen Akoub, Talmon ak lňt fanmi yo. Antou te gen sanswasanndouz (172) gad.  
 
Neh 11:20
 
ś Rčs pčp la ak lňt prčt yo ak moun Levi yo t'ap viv sou pňsyon tč fanmi yo nan lňt lavil peyi Jida a.  
 
Neh 11:21
 
Travayč tanp yo t'ap viv nan katye lavil Jerizalčm yo rele Ofčl la. Se Zicha ak Gichpa ki te chčf travayč yo.  
 
Neh 11:22
 
Chčf moun Levi lavil Jerizalčm yo te rele Ouzi, pitit gason Bani. Bani sa a te pitit Achabya, Achabya te pitit Matanya, Matanya te pitit Mika. Ouzi te fč pati branch fanmi Asaf. Se yo ki te reskonsab jwe mizik nan sčvis Tanp Bondye a.  
 
Neh 11:23
 
Se wa a menm ki te bay lňd sa a. Te gen yon regleman tou ki te mande pou mizisyen sa yo te fč woulman nan travay yo yonn apre lňt, yon jou pou chak moun.  
 
Neh 11:24
 
Se Petachya, pitit gason Mechezabeyčl, moun Zerak nan branch fanmi Jida a, yo te nonmen delege lakay wa a pou regle tout zafč pčp Izrayčl la.  
 
Neh 11:25
 
Anpil moun t'ap viv nan ti bouk yo, nan mitan jaden yo. Moun branch fanmi Jida yo te rete nan lavil Kiriyat Aba ak nan bouk ki te sou kont li yo, nan lavil Dibon ak nan bouk ki te sou kont li yo, nan lavil Jekabzel ak nan bouk ki te sou kont li yo.  
 
Neh 11:26
 
Yo te rete tou nan lavil Jechwa, lavil Molada, lavil Bčt-Pelčt,  
 
Neh 11:27
 
lavil Azachwal, lavil Becheba ak nan ti bouk ki te sou kont li yo.  
 
Neh 11:28
 
Yo te rete nan lavil Ziklag, nan lavil Mekona ak nan ti bouk ki te sou kont li yo,  
 
Neh 11:29
 
nan lavil Anrimon, nan lavil Zorea, nan lavil Jamout,  
 
Neh 11:30
 
nan lavil Zanoa, nan lavil Adoulam ak nan ti katye ki te sou kont yo. Yo te rete lavil Lakis ak nan jaden ki toupre lavil la, nan lavil Azčka ak nan ti bouk ki te sou kont li yo. Se konsa moun fanmi Jida yo te rete nan teritwa ki konmanse nan sid bň lavil Bčcheba a pou rive nan nň jouk Fon Inon, bň lavil Jerizalčm.  
 
Neh 11:31
 
Moun fanmi Benjamen yo te rete nan lavil Geba, lavil Mikmach, lavil Aja, lavil Betčl ak nan ti bouk ki te sou kont yo,  
 
Neh 11:32
 
lavil Anatňt, lavil Nňb, lavil Ananya,  
 
Neh 11:33
 
lavil Azň, lavil Rama, lavil Gitayim,  
 
Neh 11:34
 
lavil Adid, lavil Zeboyim, lavil Nebalat,  
 
Neh 11:35
 
lavil Lňd, lavil Ono ak nan Fon Atizan yo.  
 
Neh 11:36
 
Te gen kčk moun Levi ki te rete nan teritwa moun Jida yo, yo voye yo al rete nan teritwa moun Benjamen yo.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Ezra 1Nehemiah 101 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 Nehemiah 12Esther 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards