 |
 |
|
|
|
 |
| |
| | Haitian Creole Bible |  | |  | | | | | Neh 1:1 | ś Men istwa Neemi, pitit gason Akalya a, jan li menm li te rakonte l' la. Se te nan mwa Kislčv. Lč sa a, wa Atagzčsčs te gen ventan depi li t'ap gouvčnen. Mwen menm, Neemi, mwen te lavil Souz, kapital peyi a.
| | | | Neh 1:2 | Anani, yonn nan frč m' yo, rive soti nan peyi Jida ansanm ak kčk lňt moun. Mwen mande yo nouvčl jwif yo, ti ponyen moun pčp Izrayčl ki te soti nan peyi kote yo te depňte yo epi ki tounen nan peyi yo a, ansanm ak nouvčl lavil Jerizalčm.
| | | | Neh 1:3 | Yo reponn mwen: Moun ki tounen soti nan peyi kote yo te depňte yo epi ki rete laba nan peyi nou an anba gwo pwoblčm. Yo pa konn sa pou yo fč tčlman yo wont. Kanta miray lavil Jerizalčm yo, yo te fin kraze. Gwo pňtay yo menm te menm jan an toujou depi dife te fin boule yo a.
| | | | Neh 1:4 | Lč m' tande sa, mwen chita atč, mwen pran kriye. Mwen pase anpil jou konsa nan gwo lapenn. Mwen pa manje, mwen t'ap lapriyč Bondye ki nan syčl la.
| | | | Neh 1:5 | ś Mwen di: -Aa, Seyč, Bondye ki nan syčl la, ou se yon Bondye ki gen pouvwa, yon Bondye ki fč moun gen krentif pou ou. Ou kenbe pawňl ou te bay nan kontra ou la. Ou toujou gen pitye pou moun ki renmen ou, pou moun ki swiv lňd ou yo.
| | | | Neh 1:6 | Tanpri, voye je ou sou mwen menm k'ap sčvi ou la. Panche zňrčy ou pou tande lapriyč m'ap fč nan pye ou koulye a, lajounen kou lannwit, pou sčvitč ou yo, moun pčp Izrayčl yo. Mwen rekončt tou sa moun pčp Izrayčl yo fč ki mal devan je ou. Mwen rekončt ni mwen menm ni zansčt mwen yo nou fč peche.
| | | | Neh 1:7 | Nou aji mal anpil avč ou. Nou pa swiv tout kňmandman, tout lňd ak tout regleman ou te bay Moyiz, sčvitč ou la, pou nou.
| | | | Neh 1:8 | Koulye a, chonje pawňl ou te bay Moyiz, sčvitč ou la, lňd ki di nou: Si nou menm, moun pčp Izrayčl yo, nou pa kenbe pawňl mwen yo, m'ap gaye nou sou latč nan mitan tout lňt nasyon yo.
| | | | Neh 1:9 | Men, si nou tounen vin jwenn mwen, si nou pran swiv kňmandman mwen yo pou nou fč sa m' di nou fč, yo te mčt depňte nou jouk byen lwen nan dčnye bout latč a, m'ap sanble nou, m'ap fč nou tounen kote mwen chwazi pou m' rete a.
| | | | Neh 1:10 | Enben! Seyč, men yo, moun k'ap sčvi ou yo. Men pčp ou a, pčp ou te delivre ak gwo pouvwa ou ak fňs ponyčt ou a.
| | | | Neh 1:11 | Aa! Seyč, panche zňrčy ou pou tande lapriyč mwen menm, sčvitč ou, m'ap fč nan pye ou, lapriyč tout sčvitč ou yo ki pran plezi nan gen krentif pou ou. Tanpri, Seyč, fč tout bagay mache byen pou mwen jňdi a. Fč wa a resevwa m' byen. Lč sa a, mwen te chčf kanbiz wa a.
| | |  |
|
|
|  |