All NT OTBook
Compare Texts
2 Chronicles 1 Ezra 8

Ezra 9:1-15

Ezra 10 Nehemiah 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Ezr 9:1
 
ś Lč tout bagay sa yo fin regle, chčf pčp Izrayčl yo vin jwenn mwen, yo di m' konsa: -Pčp la, ansanm ak prčt yo ak moun Levi yo fin melanje nčt ak moun lňt nasyon ki nan peyi a: moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, moun Jebis yo, moun Amon yo, moun Moab yo, moun Lejip yo ak moun Amori yo. Yo lage kň yo nan fč menm vye bagay ak moun sa yo.  
 
Ezr 9:2
 
Yo marye ak fanm pčp sa yo, yo marye pitit gason yo ak pitit fi pčp sa yo. Se konsa, ras Bondye chwazi pou li a twouve l' melanje ak ras moun peyi a. Premye moun ki lage kň yo nan move zak sa yo se chčf yo ak konseye yo.  
 
Ezr 9:3
 
Lč m' tande sa, mwen vin gen yon sčl lapenn, mwen chire rad sou mwen, mwen rache cheve nan tčt mwen ak plim bab mwen.  
 
Ezr 9:4
 
M' al koupi kň m' yon kote sitčlman sa te fč m' lapenn. Anpil moun te pč lč yo vin konnen sa Seyč a te di sou koze peche moun yo te depňte epi ki te tounen nan peyi a te fč a. Yo tout vin sanble bň kote m'. Mwen menm menm, mwen te rete chita koupi atč a, jouk lč pou yo fč ofrann chak aswč a rive, tčlman sa te fč m' mal.  
 
Ezr 9:5
 
ś Lč lč a rive pou yo fč ofrann chak aswč a, mwen leve kote m' te koupi ap kriye a, epi ak tout rad chire yo sou mwen, mwen tonbe ajenou, mwen louvri de bra m' devan Seyč a, Bondye mwen an.  
 
Ezr 9:6
 
Mwen di l' konsa: -O Bondye papa m'! Mwen twň wont, mwen pa konn sa pou m' fč! M' pa ka leve tčt mwen devan ou, Bondye mwen! Nou tčlman fč sa ki mal, yo fč pil moute pi wo pase tčt nou. Peche nou yo anpile yonn sou lňt, yo rive jouk nan syčl la.  
 
Ezr 9:7
 
Depi nan tan zansčt nou yo jouk jounen jňdi a, nou pa manke fč sa ki mal. Se poutčt tou sa nou te fč ki mal kifč ou te lage nou ansanm ak wa nou yo ak prčt nou yo nan men wa lňt peyi yo. Yo touye nou nan lagč, yo depňte nou, yo piye tout ajan nou, yo fč nou wont jan nou ye jouk koulye a.  
 
Ezr 9:8
 
Men koulye a, depi kčk jou, Seyč a, Bondye nou an, te fč nou yon favč. Li sove de twa nan nou, li ban nou yon kote pou nou jwenn pwoteksyon nan kay ki apa pou li a. Se konsa li ban nou kouraj ankň, li wete nou nan kalite esklavaj kote nou te ye a, li ban nou yon ti souf.  
 
Ezr 9:9
 
Paske se esklav nou ye jouk jňdi a. Men menm nan esklavaj sa a, Bondye pa lage nou. Li fč wa peyi Pčs yo aji byen ak nou. Yo ban nou yon ti souf, pou nou te ka rebati tanp Bondye nou an ki te fin kraze nčt. Yo ban nou yon kote pou nou jwenn pwoteksyon nan peyi Jida ak lavil Jerizalčm.  
 
Ezr 9:10
 
Koulye a menm, Bondye, kisa pou nou di ou? Menm apre tou sa ou deja fč pou nou, nou dezobeyi tout kňmandman  
 
Ezr 9:11
 
ou te ban nou pou nou swiv, lč pwofčt yo, sčvitč ou yo, te di nou nan non ou: Peyi kote nou pral antre a, peyi nou pral pran pou nou rete a, se yon peyi ki pčdi favč Bondye, paske moun k'ap viv ladan l' yo ap fč yon bann bagay degoutan, vye bagay sal toupatou ladan l'.  
 
Ezr 9:12
 
Enben! Piga nou marye pitit fi nou yo ak pitit gason yo, ni piga nou chwazi pitit fi yo pou pitit gason nou yo. Nou pa bezwen chache konnen si zafč yo ap mache, si yo gen kč kontan. Se sčl jan nou menm nou ka vin fň, nou ka manje tout bon bagay ki donnen nan peyi a, nou ka kite tč sa a pou pitit nou yo pou tout tan.  
 
Ezr 9:13
 
Apre tou sa ki te rive nou, yon jan pou ou te pini nou pou move zak ak tout bagay mal nou te fč yo, nou wč, O Bondye nou, ou pa t' pini nou jan nou te merite l' la. Ou te kite yon ti rčs nan nou ap viv toujou, nou menm ki la koulye a.  
 
Ezr 9:14
 
Epi pou koulye a ankň pou nou pa swiv kňmandman ou yo, pou n' al marye avčk kalite move moun sa yo? Fwa sa a, p'ap gen anyen ki pou anpeche ou fache sou nou jouk pou ou detwi nou nčt, san ou pa kite pesonn chape!  
 
Ezr 9:15
 
Seyč, ou menm ki Bondye pčp Izrayčl la, se paske ou bon anpil pou nou kifč gen yon ti ponyen nan nou ki rete toujou, jan sa ye jňdi a. Epi, gade koulye a, men nou kanpe devan ou avčk tout peche nou yo! Wi, nou pa gen dwa rete vivan devan ou ankň poutčt sa!  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
2 Chronicles 1Ezra 81 2 3 4 5 6 7 8 9 10 Ezra 10Nehemiah 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards