| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Ezr 7:1 | ś Kčk tan apre tout evčnman sa yo, sou rčy Atagzčsčs, wa peyi Pčs la, te gen yon nonm yo te rele Esdras ki te soti nan branch fanmi Arawon an. Papa l' te rele Seraja. Seraja te pitit Azarya, Azarya te pitit Ilkija.
| |
| | Ezr 7:2 | Ilkija te pitit Chaloum, Chaloum te pitit Zadňk, Zadňk te pitit Achitoub.
| |
| | Ezr 7:3 | Achitoub te pitit Amarya, Amarya te pitit Azarya, Azarya te pitit Merajňt.
| |
| | Ezr 7:4 | Merajňt te pitit Zeraja, Zeraja te pitit Ouzi, Ouzi te pitit Bouki.
| |
| | Ezr 7:5 | Bouki te pitit Abichwa, Abichwa te pitit Fineas, Fineas te pitit Eleaza, Eleaza te pitit Arawon, granprčt la.
| |
| | Ezr 7:6 | Esdras te yon nonm save ki te fň anpil nan lalwa Seyč a, lalwa Bondye pčp Izrayčl la te bay Moyiz la. Li t'ap travay ak wa a. Wa a te bay Esdras tou sa li te mande l', paske Seyč a, Bondye li a, t'ap pwoteje l'. Se konsa li kite lavil Babilňn pou l' moute lavil Jerizalčm.
| |
| | Ezr 7:7 | Anpil lňt moun nan pčp Izrayčl la, nan prčt yo, nan moun Levi yo, nan sanba yo, nan gad tanp yo ak lňt travayč yo, te pran wout la moute lavil Jerizalčm ansanm ak li. Lč sa a, wa Atagzčsčs te nan setyčm lanne rčy li.
| |
| | Ezr 7:8 | Yo rive Jerizalčm nan senkyčm mwa setyčm lanne rčy Atagzčsčs la.
| |
| | Ezr 7:9 | Yo te kite lavil Babilňn premye jou nan premye mwa a. Epi yo rive lavil Jerizalčm premye jou nan senkyčm mwa a, avčk pwoteksyon Bondye.
| |
| | Ezr 7:10 | Esdras te pase tout tan li ap etidye lalwa Seyč a. Li t'ap swiv tou sa ki ladan l'. Li t'ap moutre pčp Izrayčl la tout lňd ak tout regleman Seyč a.
| |
| | Ezr 7:11 | ś Men kopi lčt wa Atagzčsčs te renmčt Esdras, ki te yon prčt ak yon nonm save. Li te dňktč nan zafč lalwa ak kňmandman Seyč a te bay pčp Izrayčl la.
| |
| | Ezr 7:12 | Men lčt Atagzčsčs, gran wa a, te ekri bay Esdras, nonm save ki fň nan lalwa Bondye ki nan syčl la! -Koulye a,
| |
| | Ezr 7:13 | mwen bay lňd nan tout peyi m'ap gouvčnen yo pou tout moun nan pčp Izrayčl la, nan prčt yo osinon nan moun Levi yo, ki vle ale avč ou lavil Jerizalčm, pou yo kite yo ale.
| |
| | Ezr 7:14 | Se mwen menm, wa a, ansanm ak sčt konseye m' yo ki voye ou al fč enspeksyon nan peyi Jida a ak nan lavil Jerizalčm pou ou wč ki jan moun yo ap swiv liv lalwa Bondye ki nan men ou lan.
| |
| | Ezr 7:15 | W'a pran avč ou ajan ak lň wa a ansanm ak konseye l' yo te fč lide bay pou Bondye pčp Izrayčl la, ki gen tanp li lavil Jerizalčm.
| |
| | Ezr 7:16 | W'a pote tou tout ajan ak lň y'a ba ou nan tout pwovens Babilňn lan ansanm ak ofrann pčp la ak prčt yo te fč lide voye paske yo vle fč l' pou kay Bondye a nan lavil Jerizalčm.
| |
| | Ezr 7:17 | Konsa, avčk tout ajan sa a w'a achte towo bčf, belye mouton, jenn ti mouton ansanm ak grenn jaden, grenn danre, diven ak lwil ki pou mache ak yo. Epi w'a ofri yo sou lotčl la nan tanp Bondye ou la ki lavil Jerizalčm.
| |
| | Ezr 7:18 | Avčk ajan ak lň ki va rete a, ou menm ak frč ou yo, n'a fč sa nou vle avč l', depi sa nou fč a dakň ak volonte Bondye nou an.
| |
| | Ezr 7:19 | W'a pran tout veso yo te renmčt ou nan men pou sčvi nan tanp Bondye ou la, w'a mete yo nan tanp lan lavil Jerizalčm, devan lotčl Bondye ou la.
| |
| | Ezr 7:20 | Si gen lňt bagay ou bezwen ankň pou tanp Bondye ou la, ou mčt pran nan kčs wa a pou achte yo.
| |
| | Ezr 7:21 | Mwen menm, wa Atagzčsčs, mwen pase lňd bay tout trezorye leta ki nan pwovens lňt bň larivyč Lefrat la, pou yo bay Esdras, prčt la, nonm save ki fň nan lalwa Bondye ki nan syčl la, tou sa l'a mande yo san pran reta,
| |
| | Ezr 7:22 | depi sa l' mande a pa depase an total sanvenmil ons ajan, sisansenkant (650) barik ble, sisan (600) galon diven, sisan (600) galon lwil oliv. Pou disčl la, y'a ba li valč li bezwen.
| |
| | Ezr 7:23 | Se pou ou sčten yo bay tou sa Bondye ki nan syčl la mande pou tanp li a, san manke anyen, pou Bondye pa janm fache sou mwen, ni sou pitit ki va gouvčnen peyi a apre m'.
| |
| | Ezr 7:24 | Epi m' fč nou konnen yo pa gen dwa fč ni prčt yo, ni moun Levi yo, ni sanba yo, ni gad tanp yo, ni domestik yo, ni okenn lňt moun k'ap sčvi nan tanp Bondye a, peye okenn taks, okenn kontribisyon ni okenn dwa lese pase.
| |
| | Ezr 7:25 | Ou menm menm, Esdras, avčk bon konprann Bondye ba ou a, w'a chwazi majistra ak jij pou gouvčnen tout moun pčp Izrayčl yo k'ap viv dapre lalwa Bondye ou la, nan pwovens lňt bň larivyč Lefrat la. Si genyen ki pa konnen lalwa a, se pou ou fč yo aprann li.
| |
| | Ezr 7:26 | Tout moun ki pa mache dapre lalwa Bondye ou la osinon dapre lňd wa a bay la, se pou yo san pitye pou yo lč y'ap pini yo pou sa yo fč a. Sa pou yo touye y'a touye. Sa pou yo depňte y'a depňte. Sa pou yo fč peye amann y'a fč peye amann. Sa pou yo mete nan prizon y'a mete nan prizon!
| |
| | Ezr 7:27 | ś Lč sa a, Esdras di: -Lwanj pou Seyč a, Bondye zansčt nou yo! Li mete nan tčt wa a lide pou l' fč tout bčl bagay sa yo pou tanp Seyč a lavil Jerizalčm.
| |
| | Ezr 7:28 | Li fč m' jwenn favč devan wa a, devan konseye l' yo ak tout lňt gwo zotobre k'ap travay ak wa a. Li te ban m' kouraj, mwen te rive sanble tout chčf fanmi pčp Izrayčl la pou yo pati avč mwen!
| |