All NT OTBook
Compare Texts
2 Chronicles 1 Ezra 5

Ezra 6:1-22

Ezra 7 Nehemiah 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Ezr 6:1
 
ś Se konsa wa Dariyis bay lňd pou yo fč chache nan tout depo kote yo te sere achiv yo ak trezň yo nan peyi Babilňn.  
 
Ezr 6:2
 
Epi yo jwenn yon woulo papye nan fň Achmeta, yon fňtrčs ki te nan pwovens Medi a. Men sa ki te ekri nan woulo papye a:  
 
Ezr 6:3
 
-Nan premye lanne rčy li, wa Siris te bay lňd sa a sou tanp Bondye a nan lavil Jerizalčm: Se pou yo rebati tanp lan pou l' ka sčvi kote yo ka touye bčt ak boule ofrann nan dife pou Bondye. Tanp lan va gen trant mčt wotč, trant mčt lajč.  
 
Ezr 6:4
 
Y'a moute miray yo an bwa ak wňch, yonn sou lňt, twa ranje wňch pou chak ranje bwa. Y'a pran lajan nan kčs wa a pou peye tout depans ki va fčt pou travay la.  
 
Ezr 6:5
 
Konsa tou, y'a renmčt yo tout veso an lň ak an ajan Nčbikadneza te pran nan tanp Bondye a lavil Jerizalčm pou l' te pote isit lavil Babilňn, pou tout bagay tounen nan plas yo nan tanp Bondye a lavil Jerizalčm.  
 
Ezr 6:6
 
Lč sa a, wa Dariyis voye repons sa a: -Pou Tatenayi, gouvčnč pwovens lňt bň larivyč Lefrat la, Cheta-Boznayi ak lňt kňlčg yo ki otorite nan Afasak la. Pa pwoche bň tanp lan.  
 
Ezr 6:7
 
Kite yo travay nan tanp Bondye a. Se pou gouvčnč pčyi Jida a ak chčf fanmi yo rebati tanp lan sou menm anplasman kote l' te ye anvan an.  
 
Ezr 6:8
 
Okontrč, men ki jan pou nou boule ak chčf fanmi pčp jwif yo nan travay y'ap fč pou rebati tanp Bondye sa a: N'a pran lajan nan kčs wa ki nan men nou an, ki vle di nan lajan kontribisyon n'a ranmase nan pwovens la, n'a renmčt yo kňb tout depans y'a fč, san wete senk, pou travay la pa rete.  
 
Ezr 6:9
 
N'a bay prčt Jerizalčm yo tou sa y'a bezwen pou fč ofrann bčt pou yo boule nčt nan dife pou Bondye ki nan syčl la. Chak jou, dapre sa prčt lavil Jerizalčm yo va di nou, n'a ba yo jenn ti towo, belye, ti mouton ansanm ak ble, sčl, diven, lwil y'a bezwen pou boule pou Seyč a. Pa pote okenn neglijans nan sa.  
 
Ezr 6:10
 
Konsa, y'a ka ofri sakrifis santi bon ki va fč Seyč a plezi. Y'a lapriyč pou wa a ak pou pitit li yo.  
 
Ezr 6:11
 
Men yon lňd mwen bay ankň: si yon moun refize fč anyen nan sa m' mande la a, y'a rache yon poto bwa nan kay li, y'a fč yon pwent li, y'a pčse moun lan pak an pak ak li. Pou kay li a menm, y'a fč l' tounen yon pil fatra, poutčt sa li fč a.  
 
Ezr 6:12
 
Se pou Bondye ki chwazi lavil Jerizalčm pou se la yo bati kay li a jete tout wa, kraze tout nasyon ki ta konprann pou yo pa koute lňd mwen bay la a, epi ki ta detwi tanp Bondye a ki lavil Jerizalčm. Se mwen menm, Dariyis, ki bay lňd sa a. Se pou yo fč sa mwen bay lňd fč a san wete san mete.  
 
Ezr 6:13
 
ś Tatenayi, gouvčnč pwovens ki lňt bň larivyč Efrat la, Cheta-Boznayi ak lňt chčf yo fč sa wa Dariyis te bay lňd fč a san wete san mete.  
 
Ezr 6:14
 
Chčf fanmi jwif yo menm rebati tanp lan san pwoblčm, avčk ankourajman Aje, pwofčt Bondye a, ak Zakari, pitit gason Ido a, t'ap ba yo ak mesaj Bondye yo. Se konsa yo fin rebati tanp lan jan Bondye pčp Izrayčl la te ba yo lňd la, ak jan Dariyis, Siris ak Atagzčsčs, tou twa wa peyi Pčs la, te ba yo lňd la tou.  
 
Ezr 6:15
 
Travay la fini sou twazyčm jou nan mwa Ada a, nan sizyčm lanne rčy wa Dariyis.  
 
Ezr 6:16
 
Lč sa a, tout pčp Izrayčl la, prčt yo, moun Levi yo ak tout rčs moun ki te tounen yo fč fčt, yo fč gwo seremoni pou mete tanp lan apa pou sčvis Bondye.  
 
Ezr 6:17
 
Yo ofri san (100) towo, desan (200) belye mouton, katsan (400) ti mouton pou yo touye pou mete tanp lan apa pou sčvis Bondye. Yo ofri tou douz bouk kabrit, yonn pou chak branch fanmi pčp Izrayčl la, pou mande Bondye padon pou peche pčp la.  
 
Ezr 6:18
 
Apre sa, yo ňganize sčvis tanp Bondye a lavil Jerizalčm. Yo separe prčt yo an divčs kategori, yo separe moun Levi yo an divčs klas, chak gwoup ak travay pa yo pou yo fč, jan sa ekri nan liv Moyiz la.  
 
Ezr 6:19
 
Katňzyčm jou mwa Nisan an, nan lanne senksankenz (515), jwif ki te tounen soti nan peyi kote yo te depňte yo a fete fčt Delivrans lan.  
 
Ezr 6:20
 
Yo te fč yon sčl sčvis pou tout prčt yo ansanm ak tout moun Levi yo pou mete yo nan kondisyon pou fč sčvis Bondye. Yo tout te nan kondisyon pou fč sčvis Bondye: yo touye bčt yo te ofri pou fčt Delivrans lan, yo fč yon sčl seremoni pou tout pčp la, pou prčt parčy yo ak pou yo menm tou.  
 
Ezr 6:21
 
Men moun ki te manje manje Delivrans lan. Se te tout jwif ki te tounen soti nan peyi kote yo te depňte yo a ansanm ak rčs moun pčp Izrayčl yo ki pa t' janm kite peyi yo men ki te vire do bay vye bagay lňt moun yo t'ap fč nan peyi yo epi ki te vin mete tčt ansanm ak moun ki te tounen yo pou adore Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la.  
 
Ezr 6:22
 
Pandan sčt jou, yo fete Fčt Pen san ledven an ak kč kontan. Yo te kontan anpil dčske Seyč a te manyen kč wa peyi Lasiri a, ki te ankouraje yo anpil nan tout gwo travay yo t'ap fč a pou rebati tanp Bondye pčp Izrayčl la.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
2 Chronicles 1Ezra 51 2 3 4 5 6 7 8 9 10 Ezra 7Nehemiah 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards