All NT OTBook
Compare Texts
2 Chronicles 1 Ezra 2

Ezra 3:1-13

Ezra 4 Nehemiah 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Ezr 3:1
 
ś Lč pou setyčm mwa lanne jwif yo rive, moun pčp Izrayčl yo te gen tan chita lakay yo nan lavil yo. Lč sa a, yo tout yo sanble lavil Jerizalčm.  
 
Ezr 3:2
 
Jozye, pitit gason Jeozadak la, ak tout prčt parčy li yo leve ansanm ak Zowobabčl, pitit gason Chealtyčl la, ak tout fanmi l' yo, yo rebati lotčl Bondye pčp Izrayčl la pou yo te ka boule ofrann bčt sou li, dapre regleman ki ekri nan lalwa Moyiz, sčvitč Bondye a.  
 
Ezr 3:3
 
Atout yo te pč lňt moun yo ki t'ap viv nan peyi a, yo rebati lotčl la menm kote li te ye anvan an. Epi yo tanmen boule bčt sou li pou Seyč a, chak maten ak chak aswč.  
 
Ezr 3:4
 
Yo fete fčt Joupa yo, dapre sa ki ekri a. Chak jou yo te ofri kantite bčt yo te dwe boule pou jou sa a.  
 
Ezr 3:5
 
Apre sa, yo ofri bčt pou yo boule chak jou a, bčt pou yo boule chak fčt lalin nouvčl yo, ak bčt pou tout lňt jou y'ap fč fčt pou Seyč a, ansanm ak tout lňt ofrann moun yo vle fč pou Seyč a san se pa li ki mande yo fč l'.  
 
Ezr 3:6
 
Pčp la pa t' ankň mete men nan tanp lan, men depi premye jou setyčm mwa a yo te konmanse ap boule bčt nčt pou Seyč a.  
 
Ezr 3:7
 
Pčp la bay lajan pou peye bňs ki t'ap taye wňch yo ak bňs chapant yo. Yo bay pwovizyon, bwason ak lwil pou yo voye lavil Tir ak lavil Sidon pou bwa sčd y'ap achte nan men moun la yo. Bwa yo te soti peyi Liban, yo pase sou lanmč, yo debake Jope. Yo fč tou sa dapre otorizasyon Siris, wa peyi Pčs la, te ba yo.  
 
Ezr 3:8
 
ś Te gen ennan yon mwa depi yo te rive lavil Jerizalčm sou anplasman tanp Seyč a, lč Zowobabčl, pitit gason Chealtyčl la, ak Jozye, pitit gason Jeozadak la, te mete men nan travay la ansanm ak rčs moun pčp la, prčt yo ak moun Levi yo, avčk tout moun ki te tounen lavil Jerizalčm. Yo pran tout moun Levi ki te gen ventan osinon plis, yo mete yo anchaj pou dirije tout travay ki t'ap fčt nan tanp Seyč a.  
 
Ezr 3:9
 
Se konsa Jozye, pitit gason l' yo ak lňt fanmi li yo, ansanm ak Kadmyčl ak pitit gason l' yo, moun fanmi Jida, mete tčt yo ansanm, yo pran reskonsablite travay ki t'ap fčt nan tanp Bondye a.  
 
Ezr 3:10
 
Lč bňs mason yo te konmanse ak premye fondasyon tanp Seyč a, prčt yo avčk gwo rad yo sou yo, twonpčt yo nan men yo, vin pran plas yo ansanm ak moun Levi branch fanmi Asaf yo ak tanbouren yo nan men yo. Yo te fč lwanj Seyč a dapre regleman David, wa peyi Izrayčl la, te bay depi lontan.  
 
Ezr 3:11
 
Yo t'ap fč lwanj Seyč a, yo t'ap di l' mčsi, yo t'ap chante yonn apre lňt: Ala bon Seyč a bon! Li p'ap janm sispann renmen pčp Izrayčl la Tout pčp la t'ap rele byen fň. Yo t'ap fč lwanj Seyč a, paske yo t'ap mete men nan travay fondasyon tanp Seyč a.  
 
Ezr 3:12
 
Te gen anpil prčt, anpil moun Levi ak anpil chčf fanmi ki te fin vye granmoun. Yo te konnen ansyen tanp lan anvan li te kraze. Lč yo wč fondasyon tanp lan t'ap moute ankň devan je yo, genyen ki t'ap kriye ak dlo nan je. Men, anpil lňt t'ap rele sitčlman yo te kontan.  
 
Ezr 3:13
 
Men, pesonn pa t' ka di kilčs ki t'ap rele ak kč kontan, kilčs ki t'ap plede kriye ak dlo nan je, paske tout pčp la t'ap rele ansanm byen fň. Moun te ka tande yo byen lwen.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
2 Chronicles 1Ezra 21 2 3 4 5 6 7 8 9 10 Ezra 4Nehemiah 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards